
26/06/2025
Sa kap pase jakmèl la kòmanse depase wi , Makenson Léger, Direktè jeneral Radio Concordia, Korespondan Radio scoop fm manke pèdi lavi l anba kout kouto Sidney Cyprien , James manigaf ak sanon ensikoni nan ri kamaya vil Jakmèl, vandredi 20 jen 2025 lan. Mesye sa yo ki se tou pwisan nan jakmèl te anonse jounalis la yap boule kay li ak tout pitit madanm li ebyen jodi a mesye chèf sa yo kraze ak jounalis la se bon pye l ki sove l.
Sa ki pi di nan dosye sa se jwèt laloz pakè jakmèl ap fè ladann, pandan jounalis Makenson Léger ap pote yon plent nan pakè a, Sidney Cyprien ak tout akolitit li yo pou finn pran jounalis la. Ou wè sa kap pase nan jakmèl, atansyon moun jakmèl, se chemen bouton ki tounen maleng.
Malgre sa komisè di jounalis al lakay li, li voye dosye a nan kabinè instruction san li pa desène manda dèyè mesye yo.
Nap raple nan mwa me a Sidney Cyprien sa ak tout ekip li te fè jij depè Antonius Alexandre kouri anba kout woch.
Depi lè yo chanje komisè Dormevil nan tèt pakè jakmèl la se kòmi otorite yo li jakmèl bay bandit. Si lapolis pap vijilan lè konsa vil Jakmèl tap gentan yon teritwa pèdi. Nap di mèsi ak komisè Jean Gabriel gabard ki kenbe depatman vivan ki bandi pa gentan anvayi depatman an .