ENFO FANM SIDES

ENFO FANM SIDES se you espas pou pote ale travay fanm yo ak sipote yo nan tout sa yap fè
repótaj intéview ak lot

Bon travay bon konbat Fanm Deside
22/03/2022

Bon travay bon konbat Fanm Deside

15/03/2022
Fanm deside jakmel ap reyalize 3 jounen fomasyon sou "genre" pou jounalis kap travay nan media jakmel yoFomasyon sa ap r...
31/07/2021

Fanm deside jakmel ap reyalize 3 jounen fomasyon sou "genre" pou jounalis kap travay nan media jakmel yo
Fomasyon sa ap ranfose kapasite jounalis yo sou seri tem ki ka ede travay yap pwodwi. E ki ka rive chanje konpotman moun nan sosyete a sou you seri lide yo bati souvan ki kraze sosyete a
Pami tem yo trete yo :
Fabrikasyon ko moun, les masculinite, vyolans ki chita sou "genre"

29/03/2021

Merci

29/03/2021

Ranfose kapasite pouvwa Sosyo ekonomik Ti fi ak fanm se sije sa plan Ayiti te débat pandan de jounen nan jakmel au plizyè oganisayon patnel yo.

you Repotaj EVELINE ADONIS
Konsepsyon reyalizasyon JEAN RAYNALD GETY

Ranfose kapasite sosyo ekonomik ti fi ak jenn fanm yo se tem sa plan ayiti te debat pandan de jounen fomasyon pou responsab oganizasyon patne kap travay ak plan ayiti
Plan Ayiti mete bout nan 2 jounen atelye r***e periodique SPAD 2021 li tap reyalize avek diferant reprezantan asosyasyon de baz ,asosyasyon jounalis ak otorite lokal yo nan Awondisman Jakmel,samdi 27 mas 2021. 2 jounen atelye sa reyalize nan kad pwoje Plan Ayiti sou renfoseman pouvwa sosyo ekonomik tifi ak fanm yo nan Sides nan lide pou rann kont avek otorite lokal ansanm ak oganizasyon de baz yo sou reyalizasyon travay yo pandan 6 premye mwa nan kominote yo.
Nan objektif pou rann kont avek otorite yo, fanmi parene, epi tout lot lide ak volonte ki sipote travay Plan Ayiti sou ansanm pwoje l déjà reyalize nan kominote yo. Nan sans sa a, Plan Ayiti reyalize 2 jounen atelye vandredi 26 ak samdi 27 mas 2021 an nan Jakmel.
Se te okazyon pou Plan Ayiti prezante bay akte yo nan Sides plan estrateji Peyi Dayiti 2020-2024 ak Estrateji patenarya selon direkte Plan Ayiti Sides , dokte Pierre-Richard Francois deklareestrateji pou devlope peyi a chita sou deux poto mitan edikasyon de kalite enklizif mak fabrik plan entenasyonal ak aspe ki lye ak dwa sante seksyel ak repwodiktif pou patenaria plan ayiti ap travay ak akte yo sou you nouvo dokiman pou fomalize relasyon travay li ak patene yo sou you fomalizasyon bi travay yo sou bi ak rezilta yap chache nan kad patenaria sa direkte pierre richard di pami de aspe yo soulve pwoblem kalite ki gen nan edikasyon an pou fose leta pran angajman nan chanje fason edikasyon an ap bay nan peyi a
Nimewo 1 Plan Ayiti a nan Sides di l konte sou kolaborasyon tout akte yo pou kapab rive materyalize ansanm objektif yo tankou fe pledwaye pou ensere kou sante ak dwa seksyel ak repwodiktif (SSR) nan kisis eskole ayisyen epi rive sansiblize 70 mil tifi ak jenn fanm nan peyi a pou anpeche yo ansent avan le a. Pi lwen Dokte Francois eksplike y ap travay pou louvri chantye pwotokol patenarya ak ansanm akte yap travay sou teren an.
Plan Ayiti rekonet nan sistem edikatif ayisyen an gen gwo febles nan kalite edikasyon timoun yo ap resevwa ajoute sou ansanm pwoblem ke sistem nan ap konfwonte. Direkte Pierre-Richard Francois plede an fave bon jan refleksyon ki fet ak angajman ki pran bo kote akte yo pou remedye ak pwoblem grav sa yo kap wonje sistem edikatif ayisyen an. Toutfwa, Plan Ayiti deklare y ap kontinye travay nan tet kole ak Leta ayisyen pou diminye ansanm pwoblem sistem nan ap konnen.
Pou Moseide Charles ak Madam Baflorence Fils-Aime , 2 patisipan ki soti nan komin Kay-Jakmel ak Marigo aplodi 2 jounen atelye sa pandan yo montre apresyasyon yo pou ansanm pwoje Plan Plan Ayiti deja reyalize nan kominote yo ,tankou bibliyotek kominote ki gen anpil enpotans pou timoun nou yo,selon 2 patisipan yo. Ki fe konnen plan envesti nan fomasyon ti moun yo nan kreye espas pou fasilite yo devlope konesans yo sou plan sikolojik ak edikatif plan kreye espas pou yo li mete bibliotek a dispozisyon yo tout sa pou ranfose travay entelektyel yo
Se depi nan lane 1973 Plan Entenasyonal ap travay nan peyi Dayit, 48 lane apre direkte enstitisyon sa nan Sides pat manke fe eloj pou ansanm travay Plan reyalize nan peyi a, patikilyeman nan depatman Sides la. Dokte Pierre-Richard Francois fe konnen Plan Ayiti rete atache ak vizyon li genyen ,ki se travay nan kominote yo pou tifi ak jenn fanm yo an jeneral kapab jwi menm dwa avek ti gason yo epi kreye kondisyon pou Leta garanti meye anviwonman pou timoun yo kapab evolye kit li fi tankou gason.

32 lane Fanm Deside(Jacmel). SE BATAY FANM K AP CHANJE KONDISYON !Fanm Deside selebre trant de (32) lane fondasyon yo na...
24/03/2021

32 lane Fanm Deside(Jacmel).
SE BATAY FANM K AP CHANJE KONDISYON !

Fanm Deside selebre trant de (32) lane fondasyon yo nan Jakmel
Lendi 22 Mas 2021.Oganizasyon Fanm Deside reyalize yon atelye travay ak manm kodinasyon oganizasyon, anplwaye yo nan okazyon trant de (32) lane fondasyon li. Kodonatris FANM DESIDE a Marie-Ange Noel nan mesaj li adrese nan okazyon an fe bilan ansanm reyalizasyon oganizasyon sa fe pandan 32 lane li pase epi fe pwojeksyon pou pwochen ane yo.
Kontreman ak ane pase yo Fanm Deside pa reyalize gwo aktivite pou make 32 lane depi yap travay nan kominote sideswaz la pou fe respekte dwa fanm ak tifi yo nan okazyon selebrasyon anivese sila marie Ange Noel te prezante istwa oganizasyon an .Pou ane 2021 an selebrasyon 32 lane fondasyon fanm Deside a rantre nan plizye aktivite mobilizasyon ak kanpay yap reyalize pandan tout mwa mas la nan okazyon jounen entenasyonal dwa fanm yo 8 mas 2021 an
Kodinasyon fanm deside konsakre tout mwa mas pou reyalize plizye aktivite tankou sansibilzasyon kont vyolans kap fet sou fanm ak tifi, atelye ak akonpanye sila yo nan lit a kip a piti.
Feminis lan te prezante you mesaj lendi 22 mas 2021 an, okazyon an kotel te fe istwa de oganizasyonan
Marie Ange Noel deklare oganizasyon sa te pran nesans nan you konteks difisil apre depa rejim bout di Duvalier yo ki tap bafwe dwa tout pep aysyen an. Pami dwa sa yo gen dwa pou yo rasanble, pou yo eksprime yo nan koze peyi a ak lot anko.
Dat 22 mas 1989 la dapres kodonatris fanm deside a oganizasyon an te deklennche yon mouvman nan Sidès peyi pou fe respekte dwa fanm ak tifi yo ki pa sispann bafwe nan sosyete a. nan kelkeswa sekte. Fason yo konstwi Rapò sosyal ant fanm ak gason, tifi ak tigason lakòz fanm yo souvan viktim vyolans: fizik, sikolojik, seksyèl ak ekonomik.
Militant feminis la nan mesaj li te prezante nan okazyon 32 lane a di fanm deside fe pledoye epi travay ak sipote fanm ki pi feb yo ak pi vulnerable yo nan akonpaye yo nan bay o moyen pou yo vin lidè pou yo gen kapasite pou defannn tèt yo epi reyalize divès aktivite ekonomik ki pemèt fanm sa yo kapab genyen vin gran moun tet yo. deklarasyon responsab fanm Deside a ki pale de misyon yo ki chita sitou sou sansibilizasyon mobilizasyon ak tout gason pou ede yo konprann pi byen rapo fanm ak gason pou fasilite bon jan devlopman nan peyi a pawol
Marie Ange Noel
Misyon Fanm Deside se batay pou yon sosyete san fòs kote, se pou sa nou travay tou ansanm ak gason yo nan fè sansibilizasyon k ap ede yo konprann pi byen pa gen okenn peyi ki kapab avanse san respè dwa moun espesyalman respè dwa fanm yo. Sou tout chimen batay sa yo, Fanm Deside te jwenn kolaborasyon plizyè patnè, nasyonal, rejyonal kou entènasyonal. Nou jwenn sipò manm nou yo, òganizasyon feminis yo, òganizasyon dwa moun yo, laprès, otorite lokal, enstitisyon de baz yo
32 lane aprè fanm Deside drese bilan travay yo mennen sou teren an pou we ki kote yo ye nan batay sa yap mennen an ki viktwa yo déjà ranpòte ?
Militant feminis la di Nan batay pou respè dwa fanm yo nan sosyete a, apre 32 lane vin gen plis fanm ki angaje yo nan lit la. Plis moun vin konprann sans batay fanm yo ap mennen pou kraze sistèm patriyaka a. Fanm deside kanpe anfas tout kalite vakabondaj, move pratik ki jwenn benediksyon yon sistèm ki baze sou esklizyon ak diskriminasyon tout kalte.
Marie Ange Noel
32 lane aprè, Fanm deside rive marye jefò avèk aksyon tout bon pou pèmèt fanm yo jwenn bon jan amelyorasyon nan fason y ap viv. 32 lane aprè Fanm Deside vin pi gwo referans serye pou fanm yo nan kominote a, gras ak efò nou fè pou nou toujou kanpe ansanm ak yo. 32 lan aprè, Fanm Deside vin yon òganizasyon djanm, avèk yon pèsonèl devwe, serye, angaje, esperimante ak kalifye.
32 lane apres Fanm Deside kontinye batay pou fe respekte dwa fanm yo kote plis moun vinn konprann nesesite pou angaje yo nan batay sa pou kouri deye sistem patriaka makonnen ak sistem peze s***e sa kap toupizi fanm e monte kanpe tout kalte barye sosyal pou mete fanm deyo nan konstrisyon sosyal la .Gras ak travay fanm Deside Fanm yo konnen you gwo chanjman nan kominote yo ak nan sosyete a
A pa batay pou chanje kondisyon fanm oganizasyon sa angaje nan lit politik la kote fanm yo pran bon jan angajman pou kouri deye atoufe ki kenbe peyi a ann otaj kote sitiyasyon popilasyon an ap degrade chak jou pi plis akoz movez gouvenans lide politik nou yo ki mete ak laboujwazi pou s***e tout ti riches peyi a pandan pep la ap kwoupi nan mize
Fanm Deside kwe malgre sitiyasyon sosyo politik la yo toujou kenbe batay la ak ideoloji yo pou atenn rev yo ki se we you jou kondisyon lavi majorite fanm peyi dayiti yo chanje
Fanm deside kwe nan you ayiti libere you ayiti kote fanm yo gen dwa grandet yo sou plan ekonomik sosyal ak politik e yo gen dizon yo nan desizyon nasyon an
Marie Ange Noel kodonatris fanm Deside
Depi 2011, Fanm Deside goumen anpil pou reziste anba pwa konjonkti sosyopolitik ak ekonomik peyi a kap degrade chak jou pi plis. Se nan yon anviwonman estresak presyon, nap bay sèvis ak kategori moun ki pi vinerab yo. Chak moman, nap afwonte yon seri evenman malere kap pase nan peyi a tankou kriz jeneralize, ensekirite, siklòn, epidemi, grangou, chomaj, mank resous ekonomik ki gen gwo enpak sou tout sektè nan lavi nasyonal la, spesyalman nan lavi fanm ak ti fi yo. Malgre tout peripesi sa yo, nou toujou kanpe djanm pou kenbe flanbo nou wo pou nou pa febli , paske Fanm Deside toujou rete kwè se batay Fanm kap change kondisyon Fanm.
Marie Ange Noel
Jounen jodi a Ayiti twouve l nan yon kafou difisil kote gen yon jwèt koken k ap jwe ki vize sabote tout aki demokratik yo. Dirijan yo manifeste volonte pou tabli diktati anndan peyi a, nan eseye krache sou yon seri gany popilasyon an (fanm kou gason) te goumen pou genyen. Jodi 22 mas 2021 an se yon jou espesyal pou n raple popilasyon an pou yo pa janm sispann akonpanye Fanm Deside nan travay l ap fè pou rive jwenn yon ekilib Sosyal kap pwofitab pou tout moun.

Fanm Deside renouvle angajmanl poul batay bò kote moun ki sanble ak li pou rive pouse pi devan batay fanm yo, epi kontribye nan lit kap penmèt yo tabli you sosyete kote fanm yo ap sispann viktim akòz sèks yo. Fanm Deside di yap kontinye batay pou gen plis fanm ki envesti nan lavi Sosyal, polik ak ekonomik peyi a, lè sa a kò fanm yo ap sispann tounen teritwa lagè pou gason, fanm yo menm si yo nan prizon yap kapab jwi dwa yo kòm moun. Pou sa fèt, Fanm deside pral ranfòse alyans ak lòt òganizasyon feminis yo pou yo rive jwenn ansanm, yon lòt estrateji pou bay yon lòt oryantasyon ak batay fanm yo.
Fanm Deside di yap sispann goumen jis lè tout fanm jwenn jistis, lamanjay, lasante, ledikasyon, lwazi, bon kondisyon travay, yon kay desan pou yo rete ak lòt ankò. N ap sispann goumen jis lè vyolans sou fanm kaba.
SE BATAY FANM K AP CHANJE KONDISYON !
Eveline Adonis, journaliste
Militan Feminis

24/03/2021

32 lane Fanm Deside(Jacmel).
SE BATAY FANM K AP CHANJE KONDISYON !

Fanm Deside selebre trant de (32) lane fondasyon yo nan Jakmel
Lendi 22 Mas 2021.Oganizasyon Fanm Deside reyalize yon atelye travay ak manm kodinasyon oganizasyon, anplwaye yo nan okazyon trant de (32) lane fondasyon li. Kodonatris FANM DESIDE a Marie-Ange Noel nan mesaj li adrese nan okazyon an fe bilan ansanm reyalizasyon oganizasyon sa fe pandan 32 lane li pase epi fe pwojeksyon pou pwochen ane yo.
Kontreman ak ane pase yo Fanm Deside pa reyalize gwo aktivite pou make 32 lane depi yap travay nan kominote sideswaz la pou fe respekte dwa fanm ak tifi yo nan okazyon selebrasyon anivese sila marie Ange Noel te prezante istwa oganizasyon an .Pou ane 2021 an selebrasyon 32 lane fondasyon fanm Deside a rantre nan plizye aktivite mobilizasyon ak kanpay yap reyalize pandan tout mwa mas la nan okazyon jounen entenasyonal dwa fanm yo 8 mas 2021 an
Kodinasyon fanm deside konsakre tout mwa mas pou reyalize plizye aktivite tankou sansibilzasyon kont vyolans kap fet sou fanm ak tifi, atelye ak akonpanye sila yo nan lit a kip a piti.
Feminis lan te prezante you mesaj lendi 22 mas 2021 an, okazyon an kotel te fe istwa de oganizasyonan
Marie Ange Noel deklare oganizasyon sa te pran nesans nan you konteks difisil apre depa rejim bout di Duvalier yo ki tap bafwe dwa tout pep aysyen an. Pami dwa sa yo gen dwa pou yo rasanble, pou yo eksprime yo nan koze peyi a ak lot anko.
Dat 22 mas 1989 la dapres kodonatris fanm deside a oganizasyon an te deklennche yon mouvman nan Sidès peyi pou fe respekte dwa fanm ak tifi yo ki pa sispann bafwe nan sosyete a. nan kelkeswa sekte. Fason yo konstwi Rapò sosyal ant fanm ak gason, tifi ak tigason lakòz fanm yo souvan viktim vyolans: fizik, sikolojik, seksyèl ak ekonomik.
Militant feminis la nan mesaj li te prezante nan okazyon 32 lane a di fanm deside fe pledoye epi travay ak sipote fanm ki pi feb yo ak pi vulnerable yo nan akonpaye yo nan bay o moyen pou yo vin lidè pou yo gen kapasite pou defannn tèt yo epi reyalize divès aktivite ekonomik ki pemèt fanm sa yo kapab genyen vin gran moun tet yo. deklarasyon responsab fanm Deside a ki pale de misyon yo ki chita sitou sou sansibilizasyon mobilizasyon ak tout gason pou ede yo konprann pi byen rapo fanm ak gason pou fasilite bon jan devlopman nan peyi a pawol
Marie Ange Noel
Misyon Fanm Deside se batay pou yon sosyete san fòs kote, se pou sa nou travay tou ansanm ak gason yo nan fè sansibilizasyon k ap ede yo konprann pi byen pa gen okenn peyi ki kapab avanse san respè dwa moun espesyalman respè dwa fanm yo. Sou tout chimen batay sa yo, Fanm Deside te jwenn kolaborasyon plizyè patnè, nasyonal, rejyonal kou entènasyonal. Nou jwenn sipò manm nou yo, òganizasyon feminis yo, òganizasyon dwa moun yo, laprès, otorite lokal, enstitisyon de baz yo
32 lane aprè fanm Deside drese bilan travay yo mennen sou teren an pou we ki kote yo ye nan batay sa yap mennen an ki viktwa yo déjà ranpòte ?
Militant feminis la di Nan batay pou respè dwa fanm yo nan sosyete a, apre 32 lane vin gen plis fanm ki angaje yo nan lit la. Plis moun vin konprann sans batay fanm yo ap mennen pou kraze sistèm patriyaka a. Fanm deside kanpe anfas tout kalite vakabondaj, move pratik ki jwenn benediksyon yon sistèm ki baze sou esklizyon ak diskriminasyon tout kalte.
Marie Ange Noel
32 lane aprè, Fanm deside rive marye jefò avèk aksyon tout bon pou pèmèt fanm yo jwenn bon jan amelyorasyon nan fason y ap viv. 32 lane aprè Fanm Deside vin pi gwo referans serye pou fanm yo nan kominote a, gras ak efò nou fè pou nou toujou kanpe ansanm ak yo. 32 lan aprè, Fanm Deside vin yon òganizasyon djanm, avèk yon pèsonèl devwe, serye, angaje, esperimante ak kalifye.
32 lane apres Fanm Deside kontinye batay pou fe respekte dwa fanm yo kote plis moun vinn konprann nesesite pou angaje yo nan batay sa pou kouri deye sistem patriaka makonnen ak sistem peze s***e sa kap toupizi fanm e monte kanpe tout kalte barye sosyal pou mete fanm deyo nan konstrisyon sosyal la .Gras ak travay fanm Deside Fanm yo konnen you gwo chanjman nan kominote yo ak nan sosyete a
A pa batay pou chanje kondisyon fanm oganizasyon sa angaje nan lit politik la kote fanm yo pran bon jan angajman pou kouri deye atoufe ki kenbe peyi a ann otaj kote sitiyasyon popilasyon an ap degrade chak jou pi plis akoz movez gouvenans lide politik nou yo ki mete ak laboujwazi pou s***e tout ti riches peyi a pandan pep la ap kwoupi nan mize
Fanm Deside kwe malgre sitiyasyon sosyo politik la yo toujou kenbe batay la ak ideoloji yo pou atenn rev yo ki se we you jou kondisyon lavi majorite fanm peyi dayiti yo chanje
Fanm deside kwe nan you ayiti libere you ayiti kote fanm yo gen dwa grandet yo sou plan ekonomik sosyal ak politik e yo gen dizon yo nan desizyon nasyon an
Marie Ange Noel kodonatris fanm Deside
Depi 2011, Fanm Deside goumen anpil pou reziste anba pwa konjonkti sosyopolitik ak ekonomik peyi a kap degrade chak jou pi plis. Se nan yon anviwonman estresak presyon, nap bay sèvis ak kategori moun ki pi vinerab yo. Chak moman, nap afwonte yon seri evenman malere kap pase nan peyi a tankou kriz jeneralize, ensekirite, siklòn, epidemi, grangou, chomaj, mank resous ekonomik ki gen gwo enpak sou tout sektè nan lavi nasyonal la, spesyalman nan lavi fanm ak ti fi yo. Malgre tout peripesi sa yo, nou toujou kanpe djanm pou kenbe flanbo nou wo pou nou pa febli , paske Fanm Deside toujou rete kwè se batay Fanm kap change kondisyon Fanm.
Jounen jodi a Ayiti twouve l nan yon kafou difisil kote gen yon jwèt koken k ap jwe ki vize sabote tout aki demokratik yo. Dirijan yo manifeste volonte pou tabli diktati anndan peyi a, nan eseye krache sou yon seri gany popilasyon an (fanm kou gason) te goumen pou genyen. Jodi 22 mas 2021 an se yon jou espesyal pou n raple popilasyon an pou yo pa janm sispann akonpanye Fanm Deside nan travay l ap fè pou rive jwenn yon ekilib Sosyal kap pwofitab pou tout moun.
Fanm Deside renouvle angajmanl poul batay bò kote moun ki sanble ak li pou rive pouse pi devan batay fanm yo epi kontribye nan lit kap penmèt yo tabli you sosyete kote fanm yo ap sispann viktim akòz sèks yo. Fanm Deside di yap kontinye batay pou gen plis fanm ki envesti nan lavi Sosyal, polik ak ekonomik peyi a, lè sa a kò fanm yo ap sispann tounen teritwa lagè pou gason, fanm yo menm si yo nan prizon yap kapab jwi dwa yo kòm moun. Pou sa fèt, Fanm deside pral ranfòse alyans ak lòt òganizasyon feminis yo pou yo rive jwenn ansanm, yon lòt estrateji pou bay yon lòt oryantasyon ak batay fanm yo.
Fanm Deside di yap sispann goumen jis lè tout fanm jwenn jistis, lamanjay, lasante, ledikasyon, lwazi, bon kondisyon travay, yon kay desan pou yo rete ak lòt ankò. N ap sispann goumen jis lè vyolans sou fanm kaba.
SE BATAY FANM K AP CHANJE KONDISYON !
Eveline Adonis, journaliste
Militan Feminis

Nou se Enèji nou bay enèji nou patisipe nan la kreyasyon paske nou pote la vi nou bay la viSe djob sa Bondye nan syel la...
21/03/2021

Nou se Enèji nou bay enèji nou patisipe nan la kreyasyon paske nou pote la vi nou bay la vi
Se djob sa Bondye nan syel la bannou

Adresse

Jacmel
9110

Téléphone

+50933176378

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque ENFO FANM SIDES publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager