09/09/2025
Sidès / Sosyete – Disparisyon antristé : Kominote Lamontay , jakmel ak fanmi MONDÉSIR yo anba gwo lapenn apre lanmò Berthony MONDÉSIR, yon nonm saj, respekte, ki kite latè twò bonè.
Lamontay, 22 dawou 1977 – Nan dat sa a, fanmi MONDÉSIR te resevwa yon gwo kado nan men Bondye. Yon timoun fèt, yo rele l Berthony, yon ti gason ki plis ta t ap grandi pou l vin tounen yon modèl nan fanmi l ak nan kominote a.
Depi nan jèn laj li, Berthony te gen yon karaktè ki separe l ak lòt yo : li te yon moun trankil, ki renmen lapè, ki toujou dispoze pou ede lòt. Zanmi l yo konn di se te yon nonm saj, senp ak zanmitay, yon nonm ki pa janm leve vwa l sou pèsonn. Li pa t renmen diskisyon, ni konfli. Olye de sa, li te toujou la pou bay bon konsèy, pou fè moun ri, pou soulaje kè moun.
Pou l te ka pote lavi miyò pou fanmi l, Berthony chwazi yon metye ki difisil men ki onorab : chofè kamyon. Chak jou li leve bonè pou l al travay, li pran volan ak kouraj, li travèse solèy cho, lapli, wout difisil, men li pa janm plenyen. Pou li, travay la se te yon fason pou sèvi lòt yo. Li te pote chay pou moun, li ede machann yo nan ti biznis yo, li t ap kontribye nan devlopman kominote l.
Nan fanmi l, Berthony te yon poto mitan. Relasyon li ak bòfrè li, Peterson PIERRE, se te youn nan pi bèl prèv lanmou ak respè li te genyen pou lòt moun.li te toujou rele l “freo”, yon ti non ki chaje ak afeksyon. Lè moun tande l, yo te kwè se te de frè menm manman. Sa montre jan Berthony te gen yon kapasite espesyal pou l bati lanmou ak inite.
Men lavi pa toujou jan nou ta vle l. Yon maladi difisil – dyabèt – vin frape Berthony. Malgre tout fòs li, tout kouraj li, maladi a mete l atè, jouk li oblije kite tè sa a twò bonè. A sèlman 48 lane, Berthony fè dènye vwayaj li.
Nou pa ka mezire doulè fanmi ak zanmi yo. Lamontay pèdi yon pitit ki t ap pote limyè. Zanmi pèdi yon konpayon ki toujou fè yo ri. Fanmi pèdi yon poto mitan.
Peterson bofre li tap esplike AK dlo nan je:
> “Berthony se te yon nonm respèktab, yon moun ki te gen kè. Li pa t janm kite okenn moun ale lakay li san li pa fè yo santi yo alèz.”
Li ajoute ankò :
“Pou mwen, se pa sèlman yon zanmi ki pati, men yon frè. Mwen pap janm bliye tout bèl souvni nou yo.”
Fineray Berthony MONDÉSIR ap chante dimanch 10 septanm, a 7è nan maten, nan Legliz Tabènak. Fanmi, zanmi ak tout moun ki renmen li ap ini pou di yon dènye orevwa ak nonm saj sa ki kite nou twò bonè.
Lavi Berthony MONDÉSIR se yon modèl pou tout jenerasyon k ap vini yo : yon modèl travay di, respè, lanmou pou fanmi ak zanmi, ak lapè nan kè. Malgre li kite tè sa a twò bonè, li kite yon tras ki pap janm efase.
Repoze anpè, Berthony MONDÉSIR. W ap toujou viv nan memwa nou, nan lanmou nou, nan istwa Lamontay.
Par Makendy BOURSIQUOT pour TFH média TV
Abonnez-vous -likez-partagez