01/05/2026
𝑷𝒐𝒛𝒊𝒔𝒚𝒐𝒏 𝑮é𝒓𝒂𝒍𝒅 𝑷𝑹𝑶𝑷𝑯𝑬𝑻𝑬 𝑲ò𝒎 𝒚𝒐𝒏 𝒋è𝒏 𝒍𝒊𝒅è 𝒂𝒏𝒈𝒂𝒋𝒆 𝒔𝒐𝒖 𝒌𝒓𝒊𝒛 𝑲𝒐𝒍𝒆𝒌𝒕𝒊𝒗𝒊𝒕𝒆 𝑻𝒆𝒓𝒊𝒕𝒐𝒓𝒚𝒂𝒍 𝒚𝒐 𝒂𝒏 𝑨𝒚𝒊𝒕𝒊, 𝑲𝒊𝒕𝒂 𝒅𝒘𝒆 𝒚𝒐𝒏 𝒓𝒊𝒄𝒉è𝒔 𝒑𝒐𝒖 𝒑𝒆𝒚𝒊 𝒂𝒏 𝒔𝒆𝒍𝒐𝒏 𝒍𝒊 𝒎𝒆𝒏 𝒑𝒊𝒕𝒐 𝒌𝒊 𝒗𝒊𝒏 𝒚𝒐𝒏 𝒅𝒂𝒏𝒋𝒆 𝑨𝒌𝒐𝒛 𝑱è𝒏 𝑭ò𝒎𝒆 𝒚𝒐 𝒌𝒊 𝒎𝒂𝒏𝒌𝒆 𝒆𝒏𝒑𝒍𝒊𝒌𝒆
Kòm yon jèn sitwayen ayisyen ki refize rete silans devan yon sistèm ki ap kraze pwòp baz li.
Kolektivite teritoryal yo an Ayiti ta dwe se fondasyon Leta a. Men lènap gade nan pratik, yo vin tounen youn nan pi gwo senbòl echèk gouvènans lokal nan peyi a.
Kisa kolektivite teritoryal yo ye nan an reyalite ?
Nan yon Leta modèn, kolektivite teritoryal yo se divizyon administratif ki pèmèt pouvwa a desann pi pre pèp la.
An Ayiti, nou gen: Komin, Seksyon kominal, chèf lye AK Depatman.
Nan teori an, chak nivo sa yo dwe gen Yon wòl klè kise :
• jere sèvis piblik lokal
• planifye devlopman
• ankouraje patisipasyon sitwayen yo
• asire yon distribisyon ekitab resous yo
Sa vle di Leta ta dwe pi pre moun nan kominote a.
An Ayiti, kolektivite teritoryal yo egziste plis kòm estrikti sou papye pase kòm zouti devlopman.
Pouvwa pa desann. Lajan pa desann. Kontwòl pa desann.
Sa ki desann sèlman se: mizè, neglijans, ensekirite alimantè ak dezespwa.
Youn nan pi gwo pwoblèm sistèm nan se fason CASEC yo fonksyone nan anpil seksyon kominal.
Olye yo tounen yon espas ouvè pou tout sitwayen, yo vin tounen yon strikti fèmen
sou kontwòl yon ti gwoup, kote se granmoun sèlman kap domine tout desizyon
Mwen se sak fè map mande pou jèn ki fòme yo, ki gen kapasite, ki gen vizyon tounen vin sèvi seksyon kominal Lakay ou , vin sèvi Komin ou . Vin pote kandidati Nou kòm Majistra , CASEC, ASSEC Menm delege vil y𝒐.
𝑨𝒏𝒏 𝒑𝒓𝒂𝒏 𝒆𝒈𝒛𝒂𝒏𝒑 𝒔𝒐𝒖 𝒌è𝒌 𝒍ò𝒕 𝒑𝒆𝒚𝒊
Nan peyi tankou Lafrans, kise Youn nan Peyi Nou kopye anpil bagay souli , tankou edikasyon, MJSAC m'en malerezman Nou paka fè menm jan AK yo , chak kominyo gen:
Pwòp bidjè pa yo, pouvwa pou pran desizyon lokal
transparans nan jesyon, sèvis piblik ki fonksyonèl.
Nan Brezil, minisipalite yo jwe yon gwo wòl nan:
edikasyon, sante, devlopman sosyal.
Nan kèk peyi Afriken tankou Senegal, gen efò pou:
ranfòse desantralizasyon, bay plis pouvwa finansye nan nivo lokal
Sa montre nou yon ayiti pap janm ka chanje .
Selon sa ki egziste nan lòt peyi nouka di Desantralizasyon an se pa yon rèv. Li posib. Li egziste deja.
Men li mande volonte politik, transparans AK respè pou sitwayen yo.
Sèl sam konnen yon sistèm ki fèmen pou jèn yo se yon sistèm ki ap prepare pwòp echèk li.
Sa klè devan je tout Moun lèse yon gwoup ti Granmoun ki fè 2è , 3è âne konsa kap dirije seksyon kominal yo
Senatè ak depite yo menm se siyen gwo pwojè sou non seksyon kominal yo. Lajan debloke. Dokiman egziste.
Men kesyon ki rete san repons lan se
Ki moun nan baz la ki konnen detay sa yo? Ki moun ki verifye depans yo? Ki moun ki kontwole si lajan sa yo rive kote li sipoze rive?
Chak ane, lè gen fèt patwonal, gwo lajan debloke.
Men pandan lajan sa yo ap sikile wout rete kraze gen kote menm Poul paka pase , pwoblèm dlo potab nan tout seksyon , lekòl Nasyonal anba fèl palmis pay kokoye , okenn jèn pa jwenn opòtinite pou anyen , Epi pèp la menm rete la ap gade.
An ayiti gen yon sistèm kote lajan toujou ap pase, men lavi pa janm ka chanje ladanl.
Eksklizyon jèn yo pou Mwen se yon sabotaj kont avni peyi an ankò.
Yon peyi ki mete jèn li yo deyò nan jesyon lokal li se yon peyi k ap limite pwòp avni li ankò.
CASEC yo ak lòt estrikti lokal yo ta dwe ouvè, modènize, entegre jèn ki fòme yo
Men sa kap pase la depi kèk tan se kontrè. Se toujou menm moun yo , menm metòd yo , menm rezilta yo, san okenn inavasyon.
Epi nou mande poukisa pa gen chanjman?
Analiz lan klè Pwoblèm kolektivite teritoryal yo an Ayiti pa limite ak mank lajan oswa mank fòmasyon.
Ti kal Rekomadasyon mtap bay sèke
• Kolektivite teritoryal yo dwe refòme an pwofondè
• Jèn ki fòme yo dwe entegre nan Meri , CASEC, ASEK, ak tout estrikti lokal yo
• Transparans sou tout lajan piblik dwe obligatwa
• Pouvwa lokal la dwe soti nan men yon ti gwoup pou li retounen nan men kominote a
Paske Kolektivite teritoryal yo ta dwe se motè devlopman peyi a.
Si nou pa ouvè sistèm nan pou jèn yo, si nou pa mete transparans kòm règ, si nou pa bay kominote yo pouvwa reyèl… nou pap janm chanje Ayiti.
Nan lè Nou rive la li vin pa yon kesyon diskou ankò mezanmi. Se Pito yon kesyon kouraj politik.