Ayiti sa k ap fèt.

Itinéraire Site Web

Ayiti sa k ap fèt. Pou Bondye, pou Ayiti ak pou ayisyen, nap bay bon enfomasyon

🇭🇹🏆 AYITI CHANPYON! CHANPYON! CHANPYON! 🏆🇭🇹Jèn Grenadye U-14 yo fè listwa nan CFU U-14 Challenge Series 2026 la! 🔥⚽Apre ...
24/08/2026

🇭🇹🏆 AYITI CHANPYON! CHANPYON! CHANPYON! 🏆🇭🇹

Jèn Grenadye U-14 yo fè listwa nan CFU U-14 Challenge Series 2026 la! 🔥⚽

Apre yo fin domine Repiblik Dominikèn 6-1 nan demi-final la, Ayiti ale pran tit chanpyon an devan Jamayik nan gran final la 4-0. 🇭🇹🏆

Se yon gwo viktwa pou foutbòl ayisyen an, men sitou pou tout jèn fi ak jèn gason k ap pote rèv foutbòl peyi a pi lwen. ❤️💙

Bravo jèn Grenadye yo! Ayiti fyè de nou! 🇭🇹🔥🏆

🇭🇹 JÈN GRENADYE U-14 YO CHANPYON KARAYIB LA POU 3YÈM FWA! 🏆🏆🏆Jèn Grenadye U-14 yo ranpòte CFU U-14 Challenge Series 2026...
24/08/2026

🇭🇹 JÈN GRENADYE U-14 YO CHANPYON KARAYIB LA POU 3YÈM FWA! 🏆🏆🏆

Jèn Grenadye U-14 yo ranpòte CFU U-14 Challenge Series 2026 la apre yon bèl viktwa 4-0 sou Jamayik nan final la, dimanch 23 out 2026.

Se yon gwo pèfòmans pou jèn Ayisyen yo, ki montre talan, disiplin ak detèminasyon yo genyen sou teren an.

Avèk viktwa sa a, Ayiti ranpòte konpetisyon an pou 3yèm fwa nan listwa, apre tit li yo an 2021 ak 2022.

Nan demi-final la, vandredi 21 out, Ayiti te fè yon gwo demonstrasyon fòs lè li te bat Repiblik Dominikèn 6-1 pou l jwenn plas li nan final la.

Nan final la, Jèn Grenadye yo te domine Jamayik epi yo te ranpòte match la 4-0, pou yo mete yon nouvo trofe nan palmarès foutbòl jèn Ayisyen an.

🏆 2021 : Ayiti chanpyon
🏆 2022 : Ayiti chanpyon
🏆 2026 : Ayiti chanpyon

Bravo Jèn Grenadye yo! Bravo ak antrenè yo, ekip teknik la ak tout moun ki kontribye nan bèl viktwa sa a. 🇭🇹👏🏽

Ayiti chanpyon pou 3yèm fwa! 🏆🏆🏆



FHF - Fédération Haïtienne De Football

Lè konesans tounen yon zam kont dekourajman 🇭🇹📚🏆Nan yon peyi kote ensekirite, enstabilite ak ensètitid ap peze lou sou l...
18/08/2026

Lè konesans tounen yon zam kont dekourajman 🇭🇹📚🏆

Nan yon peyi kote ensekirite, enstabilite ak ensètitid ap peze lou sou lavi jèn yo, gen yon lòt imaj Ayiti nou pa dwe bliye montre: jèn Ayisyen k ap chwazi lekòl, konesans, konpetisyon ak ekselans.

Final Génie Malta H pou rejyon Sid la se youn nan bèl egzanp sa yo. Plizyè jèn fi ak jèn gason te mete tèt yo ansanm pou yo fè fas ak yon konpetisyon ki pa t fasil, kote yo te dwe mobilize konesans yo, reflechi rapid, reponn kesyon difisil epi defann koulè lekòl yo avèk fyète.

Epi, malgre tout difikilte peyi a ap travèse, evènman sa a rive fèt. Se yon bagay ki merite atansyon ak respè.

Paske dèyè chak kesyon yo te reponn, dèyè chak pwen yo te ranpòte, gen yon mesaj ki pi fò toujou: jèn Ayisyen yo pa sèlman vle viv nan yon peyi ki ap lite pou siviv; yo vle yon peyi kote yo ka aprann, grandi, fè konpetisyon, kreye epi reyalize rèv yo.

Sa montre nou tou ke jèn Ayisyen yo merite pi plis pase ensekirite ak ensètitid pou lavni yo. Yo merite lekòl ki fonksyone, opòtinite, espas pou devlope talan yo, konpetisyon ki ankouraje ekselans, epi sitou yon sosyete ki kwè nan kapasite yo.

Se poutèt sa, Ayiti sa k ap fèt vle salye tout patisipan yo san okenn distenksyon. 🏆👏🏽

Felisitasyon espesyal pou Lycée Nicolas Geffrard de Camp-Perrin, ki ranpòte tit chanpyon an ak 640 pwen, devan Lycée Jean Cleaudy Museau des Cayes, ki fini ak 290 pwen. Men, pi gwo viktwa a se lefèt ke tout jèn sa yo te pran wout konesans ak edikasyon.

Nou retire chapo nou tou devan tout òganizasyon, enstitisyon, pwofesè, lekòl ak inisyativ k ap travay pou bay jèn Ayisyen yo lòt modèl, lòt rèv ak lòt rezon pou yo kwè nan lavni peyi a. 🎓🇭🇹

Se jèn sa yo tou nou dwe montre lè n ap pale de Ayiti.
Yon Ayiti kote, malgre tout bagay, gen jèn k ap aprann, k ap konpetisyon, k ap reflechi epi k ap chèche briye.

Bravo, jèn yo! Bravo pou edikasyon! Bravo pou konesans! Bravo pou tout moun k ap prepare yon lòt jenerasyon pou Ayiti! 🇭🇹📚🏆

Aprè bèl pèfòmans atlèt Ayisyen yo nan Je Olympik Amerik Santral ak Karayib yo 2026, ekip U-14 foutbòl Ayiti a fè dimanc...
18/08/2026

Aprè bèl pèfòmans atlèt Ayisyen yo nan Je Olympik Amerik Santral ak Karayib yo 2026, ekip U-14 foutbòl Ayiti a fè dimanch 16 out la yon bèl pèfòmans 5–2 devan Giyàn fransè nan CFU Under-14 Challenge Series 2026.

Nan Je Olympik Amerik Santral ak Karayib yo: nou te pran 5 meday.
Jessica Lee — Meday Lò🥇 , Taekwondo
Valentina F. Lalanne — Meday ajan🥈, Patinaj atistik (Artistic Skating)
Ava Soon Lee — Meday Bwonz🥉, Taekwondo
Cedrick Belony-Dulièpre — Meday Bwonz🥉, Boks (Boxing)
Saintelise Jean — Meday Bwonz🥉, Boks (Boxing)

Nan CFU Under-14 Challenge Series 2026, jèn seleksyon Ayiti U-14 la ranpòte yon bèl viktwa 5–2 kont Giyans fransè nan Group B.

koze ayisye nan lòt peyi!Malgre anpil traka, move nouvèl, anpil desepsyon, Ayiti pa janm deside kouche mouri. Rasin li p...
17/08/2026

koze ayisye nan lòt peyi!

Malgre anpil traka, move nouvèl, anpil desepsyon, Ayiti pa janm deside kouche mouri. Rasin li pito al leve nan lòt lantiray, chèche dlo fre, pran fòs epi pouse lòt boujon, pou espès la pa disparèt.

Se nan lespri sa a nou dwe salye viktwa ekriven ayisyen Thélyson Orélien, ki fè non Ayiti briye sou sèn literè entènasyonal la.

Avèk premye woman li a, C’était ça ou mourir, Thélyson Orélien ranpòte Prix Méduse 2026, yon rekonesans enpòtan pou yon premye woman.

Men istwa a pa rete la.

Roman an, ki deja jwenn yon gwo resepsyon nan Québec, ap fè wout li nan mond lan. Dapre Éditions Grasset, liv la deja ap tradui nan plis pase ven lang.

Nan woman an, Thélyson rakonte vwayaj Jonas Dorléon, yon pwofesè istwa ayisyen ki oblije kite peyi li apre vyolans anvayi katye li nan Pòtoprens. Avèk prèske anyen nan men li, li antre nan yon long wout egzil ki mennen l atravè plizyè peyi nan Amerik yo, nan rechèch sekirite ak yon lavi miyò.

Men, dèyè istwa Jonas la, se vwa plizyè milyon moun k ap viv egzil, laperèz, grangou, espwa ak rèv pou yon demen miyò.

Se sa ki fè siksè Thélyson Orélien lan tèlman enpòtan pou nou menm Ayisyen.

Yon pitit Gonaïves rive pran plas li nan mitan gwo vwa literati kontanporen an. Li pote eksperyans ayisyen an pi lwen pase fwontyè nou, epi li montre ankò yon fwa ke, menm lè peyi a ap travèse youn nan moman ki pi difisil nan istwa li, talant Ayisyen an pa mouri.

Li deplase.

Li plante.

Li grandi.

Epi pafwa, li fleri byen lwen lakay li pou tout moun ka wè koulè li. 🌱🇭🇹

Bravo Thélyson Orélien!

Ou fè Ayiti pale yon lòt jan.
Ou fè Ayiti li.
Ou fè Ayiti fyè.

Ayiti pa mouri. Ayiti toujou ap pouse. 🇭🇹❤️

Felix Marie Kemlyne Lestalie: Ayiti Sa K Ap Fèt salye kouraj yon Ayisyèn k ap reprezante Ayiti nan Miss World 2026Felix ...
14/08/2026

Felix Marie Kemlyne Lestalie: Ayiti Sa K Ap Fèt salye kouraj yon Ayisyèn k ap reprezante Ayiti nan Miss World 2026

Felix Marie Kemlyne Lestalie deside, avèk anpil kouraj, anpil fyète, pote drapo Ayiti a epi reprezante prèske 12 milyon Ayisyen sou yon sèn entènasyonal. Nan yon moman kote non Ayiti souvan asosye ak kriz, ensekirite, mizè, sòtiz, koripsyon, krim, ak lòt ankò. Malgre depi yon moun di li se Ayisyen nan anpil peyi, ou sible, ou fristre, ou sispèk paske gwo vòlè, gwo kriminèl. Kidonk, desizyon reprezante peyi a nasyon an se plis pase yon zak kouraj, men se yon defi moral, sikolojik, ak lanmou pou Ayiti. Konkou sa a se pa yon senp konkou mis, men se yon batay kote yon pèp ak divès gou, ak pozisyon, dwe aprann renmen epi pote sa ki pou yo devan tout lòt nasyon pou di nou se moun tou, nou genyen sa k bon lakay nou.

Se poutèt sa, nou menm nan Ayiti Sa K Ap Fèt, deside remèsye l epi di l nou ap sipòte l, nan chak etap, chak faz.

Felix Marie, nou avèk ou! Yon sèl pou tout Ayiti, tout Ayiti pou yon sè l. 🇭🇹❤️💙

Pou ete 2026 la, Éditions Plimay, sou inisyativ etidyan ak powèt Raynaldo Pierre Louis, lanse yon seri atelye ekriti nan...
13/08/2026

Pou ete 2026 la, Éditions Plimay, sou inisyativ etidyan ak powèt Raynaldo Pierre Louis, lanse yon seri atelye ekriti nan plizyè lekòl nan Jakmèl, nan objektif pou bay jèn yo plis zouti pou yo eksprime tèt yo atravè ekriti. Demach sa a vini apre piblikasyon « Semence », yon kolektif pwezi ki rasanble plis pase yon dizèn elèv ak pwofesè, epi li deja pase nan Marie Reine Immaculée, Vie de France ak ICOSA, anvan li kontinye semèn sa a nan IDEPH. Inisyativ literè sa a deja jwenn eko nan plizyè gwo jounal ayisyen, pami yo Le Nouvelliste, kòm yon apèl pou ankouraje lekti, ekriti ak kreyativite lakay jèn Jakmèl yo.

Ajoute sa live semence la te Li sa te jwen apresyasyon gwo ekriven takou Garry Victor

06/08/2026
A sèlman 17 an, Izadorah Lapierre antre nan listwa kòm premye jèn ekolyèn ayisyèn ki pral patisipe ofisyèlman nan misyon...
05/08/2026

A sèlman 17 an, Izadorah Lapierre antre nan listwa kòm premye jèn ekolyèn ayisyèn ki pral patisipe ofisyèlman nan misyon espasyal entènasyonal ShakthiSAT, ki ap dewoule nan vil Sriharikota, nan eta Andhra Pradesh, ann End.

🔥🇭🇹 Malgre move nouvèl yo, Ayisyen kontinye briye
14/04/2026

🔥🇭🇹 Malgre move nouvèl yo, Ayisyen kontinye briye

Adresse

Ayiti
Jacmel
9110

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ayiti sa k ap fèt. publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager