Radio Télé Choublak 97.7

Radio Télé Choublak 97.7 Nous avons le plaisir de vous rapporter ici tout ce qui se dit sur les ondes...
Ondes Alpha.

19/09/2024

JEWOPOLITIK MONDYAL: SA K KÒZ TOUT SERI TOUT SERI EKSPLOZYON MÒTÈL SA YO NAN PEYI LIBAN p?

YON MOSO LISTWA SOU MOSSAD, HEZBOLLAH, CIA, LARISI SOVYETIK

Yè madi 17 septanm lan, plizyè eksplozyon nan Beyrouth, kapital Liban, touye plis ke 12 moun e blese grav plis ke 3 mil lòt an menm tan. Jodi a, ekplozyon yo te kontiye toujou nan Beyrouth kote 14 moun mouri e preske 500 blese. Donk 2 jou ekplozyon youn dèyè lòt. Bilan pwovizwa pou 2 jou a se apeprè 30 mò ak 3500 blese.

Sa k pase menm ?

Sa k pase sèke Hezbollah, ke Iran te ede kreye nan lane 80 yo pou konbat Israël, e ki, jodi a, se pi gwo gwoup ame e pi gwo gwoup rezistans anti-Izrael nan Mwayen-Oryan an, te ache yon seri radyo kominikasyon, sa ki rele Walkie-talkie nan kad gè Israël-Hamas la e apre asasina dirijan l yo nan Liban ki t ap sèvi ak telefòn mobil. Nou konnen Israël-Hamas la te deklanche apre atak Hamas te fè andedan Israël nan mwa Oktòb lane pase e ki te kòz plis ke 1500 izrayelyen mouri. Kote Palestinyen yo, replik militè Israël la deja kòz plis ke 30 mil palestinyen mouri ...Gè sa poko montre siy l ap fini demen.

Etandone Hezbollah fè pati sa ki rele nan jewopolitik rejyonal la " aks rezistans anti-Izrayèl " ke Iran ap soutni epi akonpaye finansyèman ak militèman, ebyen gwoup militan ame chiyit libanè te deside antre nan gè a nan yon dimansyon limite pou evite yon gwo gè ak Israèl. Men atak kalibre Hezbollah yo sou Nò Israël lakòz plizyè milye Izrayelyen ki abite sou fwontyè Nò Izrayèl la ak Liban te blije abandone zòn lan tèlman Hezbollah ki lòt bò fwontyè a t ap bonbade yo ak misil. Israël deside frape Hezbollah pou dekouraje yo kontinye bonbade Israël ak misil. Men Hezbollah se ti landeng, kit Israel bonbade yo, touye militan yo ak asasinen chèf militè yo, gwoup militan an kontinye atake Israël pi rèd. Sitou Israël ap tann ripòs Iran, Hezbollah apre Mossad asasine dènyèman nan Beyrouth plizyè dirijan Hamas, e apre menm Mossad la asasine kèk jou apre dirijan politik Hamas, Ismaël Haniyeh nan kè Teheran, kapital Iran. Se nan kontèks atak ak kontatak sa yo eksplozyon sa yo rive nan Beyrouth e tout moun dakò se Israël ki dèyè eksplozyon sa yo ak sèvis espyonaj yo Mossad.

Men, pou ki rezon se plizyè milye ekplozyon ?

Se senpman paske plizyè milye Walkie-Talkie Hezbollah te achte yo, espyon Mossad yo te gen tan enstale bonb ki eksploze adistans ladan yo. Donk, pandan Hezbollah panse yo te achte radyo kominikasyon pou rezo militan yo kominike antre yo an sekirite, ebyen se yon ekip ti bonb yo te achte san yo pa konnen. Anfèt, Hezbollah te achte aparèy kominikasyon sa yo pou evite sèvi ak telefòn selilè. Yo konnen, lemond konnen, Israël se youn nan peyi ki pi avanse sou latè nan teknoloji pou entèsepte apèl telefòn selilè, pran kontwòl mesaj, kamera ak dokiman sou telefòn pòtab. Anpil diktati nan Mwayen-Oryan achte teknoloji sa nan men Israël pou espyone aktivite sitwayen lakay yo sou telefòn pòtab pèsonèl yo. Etazini menm pran sanksyon kont konpayi Israël ki devlope teknoloji sa e ki ap vann li toupatou nan mond lan bay rejim diktati ak otoritè ki ap espyone sitwayen lakay yo, sitou jounalis ak sila yo ki nan opozisyon.

Donk, yè madi a ak jodi mèkredi a, Mossad deside eksploze an menm tan plizyè Walkie-Talkie militan Hezbollah yo t ap itilize. Olye radyo kominikasyon, se dè milye ti bonb Hezbollah te achte a. Eksplozyon yo fèt pandan radyo kominikasyon yo ki nan men militan Hezbollah yo bipe. Yo annik reponn bip la, epi aparèy la tou ekploze nan figi yo. Se operayson sa ki kòz tout moun sa yo mouri ak plizyè milye blese Beyrouth yè ak jodi a.

Kijan Israël fè konnen Hezbollah te plase kòmand radyo kominikasyon yo e kijan Mossad reyisi mete men sou aparèy yo pou fè yo tounen ti bonb avan yo rive jwenn Hezbollah ?

Pou Israël enfomè de komand Walkie-Talkie Hezbollah a se yon blag. L ap difisil pou yon sèvis entelijans ki si pisan tankou Mossad pa okouran de gwo kòmand ekipman youn nan pi gwo ènmi l nan Mwayen-Orryan an fè. Dayè menm atak 7 oktòb 2023 yo, sevis ransèyman izrayelyen yo di yo te alète otorite politik yo Hamas t ap prepare yon gwo atak sou teritwa izrayelyen an. Pou ki rezon otorite politik kite atak yo fèt kan menm ? Liswta a reponn kesyon sa.

Kanta pou kòman Mossad fè rive mete men sou kagezon Walkie-Talkie Hezbollah a, sa se yon manman kesyon ki konsène anpil aktè nan jewopolitik mondyal la. Sa vle di Hezbollah viktim yon gwo konplo entènasyonal. Mossad pa t ap kabab mennen gwo operasyon sa pou kont li san kolaborasyon lòt sevis esyponaj peyi etranje. Dabò Taïwan. Eske Taïwan nan konplo a ? Petèt wi, petèt non. Wi, paske se konpayi Taiwanè Apollo ki fabrike modèl Walkie-Talkie sa e se menm konpayi sa ki vann lisans entènasyonal pou lòt konpayi nan lòt peyi fabrike menm modèl Walkie-Talkie a. Non, paske lè Libanè yo kòmanse lonje dwèt sou Konpayi Taiwanè a kòmkwa li ta nan konplo ak Mossad pou mete bonb nan radyo konomikasyon yo, dirijan yo nan konpayi Apollo reponn pou di se vre yo vann lisans pou fabrike modèl Walkie-Talkie ki eksploze yo nan Beyrouyh e ki touye ak blese anpil moun , men se yon konpayi nan peyi Hongrie ki fabrike modèl sa ki te gen bonb ladan l lan. Hongrie ? Wi Hongrie, peyi Premye Minis ekstrèmdwat otoritè, Victor Orban, ap dirije. Orbàn pa renmen imigran, li pa renmen mizilman, li renmen Trump, Netanyaruh Premye minis Israèl. Eske sevis ransèyman Hongrie ta ede Mossad pyeje, sabote et pi mete bonb nan Walkie-Talkie yo ? Yon veritab mistè. De tout fason, ant Taiwan, Hongrie, oubyen nenpòt lòt peyi aparèy yo ta pase an transit avan yo rive al jwenn Hezbollah nan Liban, Mossad te jwenn èd. Israël pa ta kabab reyisi gwo kou lojisktik, teknik ak entelijans sa pou kont li.

Nan kout kat la, anpil moun mouri ak blese Liban nan gwo operasyon espyonaj sa Isreal reyii kont Hezbollah. Konfli a pran yon wo nivo teknolojik. Kounye a militan Hezbollah yo, apre yon te fin pè sèvi ak telefòn pòtab, yo pral pè sevi ak radyo kominikasyon tou. Youn ka yon ti bonb nan men yo, lòt ka yon tagèt misil lènmi san yo pa konnen. Sonje jan Israël asasine dènyèman an ak yon misil dirijan politik Hamas la, Ismael Haniyeh apre Israël fin trake ak lokalize telefon selilè l nan Teheran.

Israël di atak li yo youn apre lot kont Hezbollah se pou fòse gwoup militan libanè a jwenn yon antant lapè ak Israël san Hezbollah pa antre koze seselfe nan Gaza nan antant sa. Dosye Mwayen-Oryan ap vin pi konplike, pi vyolan chak jou ki pase.

Apre Mossad, Ki sèvis ransèyman ki te mennen yon operasyon sabotaj teknolojik kont yon advèsè nan jewopolitik mondyal la tankou operasyon Mossad kont Hezbollah a ? Wi..sa fèt deja. E se CIA ki te mennen yon operasyon preske menm jan kont Larisi Sovyetik an 1982. Fwa sa Kanada te youn nan peyi sispèk ki ede CIA mennen operayon an. Gwo ekploszyon fèt.

( Asuiv ). Ret Branche !

DV

08/09/2024

Ti Moso Listwa : Mizopwen sou koze fanm ki ta youn nan faktè ki kraze Nouvèl Ayiti

M ap demanti fòmèlman pawòl ki pèsiste nan tèt yon seri moun ki di koze jalouzi pou fanm te youn nan faktè ki kraze Nouvèl Ayiti orijinèl ak orijinal la. M ap di tout moun jodi a se youn nan pi gwo mansonj yon move zafè ka envante. Dayè pa t gen fanm nan ekip fondatè Nouvèl Ayiti a. Se pa t yon chwa delibere pou eskli fanm. Se te jis yon ekip nèg youn konn lòt pou travay pwofesyonèl yo nan sosyete a e ki deside chita pale ansanm pandan wikenn, pataje lide...jiskaske pataje lide sa vin debouche sou yon pwojè. Evidaman depi pwojè a te rive nan estad fòmèl pati politik t ap gen fanm pami dirijan yo. Fanm se lavi, anyen sou latè pa ka reyisi san fanm. Petèt gen dwa se paske pa t gen fanm nan mitan ti gwoup fondatè yo ki fè sa pase mal jan l pase a.

M plis kwè rimè koze fanm se youn nan faktè ki kraze Nouvèl Ayiti a se yon kanpay medyatik delibere, kamoufle move zafè te lanse pou kache koz reyèl, pwofon ak faktyèl ki te kraze Nouvèl Ayiti yo sitou mwen te rete an silans pandan plizyè lane san di lajenès peyi a pou ki rezon mwen te kanpe konferans yo e pou ki rezon pwojè Nouvèl Ayiti a avòte. Move zafè yo konble vid gwo silans mwen an te kreye ak fab, mansonj sitou si yon moun ta mande yo sa Nouvèl Ayiti devni. Nan move zafè, ti nèg isit pa egare pyès. Se nan fè sa k i bon yo nil. Yo simaye mansonj lan bò kote kèk radotè nan medya ki pa gen ni fòmasyon jounalis, ki pa ni jounalis ak eksperyans nonplis, epi sa w tande a se voye monte.

Yon vre jounalis ak etik pwofesyonèl t ap pran telefòn li, rele m ou ekri m, pou di m DV men sa l tande sou Nouvèl Ayiti ki vèsyon pa w sou sa. Mwen se pesonaj piblik. Tout moun k ap fè travay jounalis serye t ap jwenn. Lè sa m t ap jis reponn pou m di se pa vre, se fab ak manson move zafè envante pou retire pwojektè ak kiryozite yo sou move zak li yo. Nou ka remake pawòl konsa pa soti an ond nan bouch okenn jounalis pwofesyonèl nan peyi a. Paske pwofesyonèl konnen sa pou l rapòte sou radyo ak sa pou l pa rapòte. Sitou pwofesyonèl la konnen pou l chache verifye dabò yon enfòmasyon avan li lage l bay piblik la. Se nan afè lage mikwo bay nenpòt moun ou di nenpòt ki bagay, nenpòt ki lè sou nenpòt ki moun nan peyi a ki fè domenn laprès jodi a tounen yon jeng ak moun san fwa ni lwa k ap manje, detui moun nan sosyete a...Yo menm nan gang.

Dayè, pou sa k konsènen fanm, anpil pami nou pa t gen tan ase pou jere tout sa ki te nan asyèt yo, vwa pou ta gen jalouzi pou yon koze anba jipon. Mwen pèsonèlman tout moun nan vi m te soufri anpil epòk sa paske m pa t gen tan ase pou jere relasyon prive m yo, tèlman m te okipe nan fè emisyon sou Vizyon 2000, jere jounal Le Matin, kreye ak konsolide radio pa m Trans Inter, sant ak bibliyotèk Petyonvil la, fè Konferans nan tout kwen peyi a. Zanmi, fanmi te pleyen anpil akoz m pa t souvan disponib. Moun pwòch mwen yo k ap li tèks sa, sandout ap di kanta sa se vre, Daly pa t konnen gen tan pou mwen.

Dayè menm si yon limenna ta sèvi yon zammi pami nou yon sèvis entim pandan yon moman, epi ? Epi nan lavi t ap kontinye, sa pa t ap janm ka yon koz pou kraze yon gwo pwojè nòb tankou Nouvèl Ayiti, yon pwojè m sakrifye m pou li, ki te lakoz an 2014 mwen te manke mouri nan yon aksidan sou tèt mòn Pilbowo yon sware pandan m t ap kondi soti fè yon Konferans Gonayiv pou m al fè yon lòt nan demen Okap. Yon gwo kamyon louvri trelè louvri laj antre sou mwen ki ta p desann mon Pilbowo. Chans pou mwen m te ase vijilan lannuit la pou m antre machin mwen an nan lakou yon ti kay ki te bò wout la sou mòn lan. Si pa t gen ti kay sa bò wout la, jodi a soyete a t ap deja bliye defen DV.

Nan espas radyo ak politik Ayiti, anpil nèg konn ap jwe sou teren lòt nèg, men sa pa anpeche tout nèg kontinye kolabore ansanm kòm si ryennetè. Sa ka rive jalouzi, zen ak kabouyay pete nan kèk ka, men pi fò ka yo pa janm debouche sou kabouyay. Sitou pi fò nèg yo gen ase, menm twòp nan asyèt yo, e yo pa janm gen ase tan pou jere asyèt yo. Tou sa se pou m di nou, pa t janm, janm gen koze fanm ki te kreye tansyon andedan Nouvèl Ayiti, pa t janm te gen menm yon ti bat bouch ant nou sou koze konsa. Tout moun yo la, yo vivan toujou e mwen site non yo ak tout dat epi jou.

Lejand fanm sa nan Nouvèl Ayiti se tankou yon vakabon ki ale anba yon poto limyè nan yon katye kote yon ekip radotè ak zenyè chita, epi li lage yon mansonj nan baz radotè a sou yon moun kèlkonk sou katye a oubyen nan vil la. Vakabon an konnen byen depi l lage mansonj sa nan baz radotè anba poto limyè a, koze a ap pran gran lari, tout katye a, tout vil la e menm tout peyi a. Men li konnen byen se mansonj, lejand l ap simaye nan mitan zenyè ak tripotye pou kòz pèsonèl li. M espere tout moun va klè dezomè sou koze fanm ki kraze Nouvèl Ayiti.

Si yon moun pèsiste nan kòlpòte mansonj fanm lan nan Nouvèl Ayiti, sèke moun sa nan konplo moze zafè pou fè divèsyon sou vrè koz yo ki fè pwojè Nouvel Ayiti a te kòmanse deraye an 2012 jiskaske li kraze nèt an 2014-2015.

NB. M ap pwofite di jenès peyi a ki t ap mache ak vizyon Nouvèl Ayiti depi 2010 rive 2015, mwen gen yon mesaj pou nou. Se ap nan pwochen tèks mwen.

DV

06/09/2024

Ti Moso Listwa : Kijan Aviol Fleurant vòlè, detui ak avili pwojè Nouvèl Ayiti a

AVÈTISMAN ! Moun k ap di se moso videyo pou m fè ak ribrik Ti MOSO LISTWA a, dezole ! M ap desi nou paske pa p gen sa. Nan faz sa nan vi m se liv m pral kòmanse ekri pou listwa. Donk se travay sa ki derape sou fòm ribrik Ti MOSO LISTWA sou rezo yo. Piblikasyon jodi a se avandènye m ap fè sou Aviol Fleurant, Nesmy Manigat sou rezo yo. Apre sa se pral liv.

Pou moun ki di sa k fè se apre rapò ULCC a mwen ap denonse aksyon Aviol nan Nouvèl Ayiti, ebyen m ap di yo si m te fè sa san pa t gen kontèks pou sa moun te ka di se egri mwen egri misye deske li minis. Menm li menm te ka vin di sa tou. Kidonk, mwen kite Aviol fin jwi dyòb minis li te kraze Nouvèl Ayiti pou li a, anpil tan koule anba pon an, tan pase, kounye a li pa minis ankò m ka pale de eksperyans pèsonèl mwen ak li san li pa ka di m vle detui l paske li minis. E kòm ULCC mete yon rapò ki di misye te nan move zafè nan Leta, vre ou pa, m ap temwaye sa ki vre konsènan li nan bò pa m pou m di kantite move zafè Aviol fè nan pwojè Nouvèl Ayiti nou te gen ansanm lan. Nan lavi an jeneral, nan politik ak kominikasyon an patikilye, chak mesaj gen moman yo...se sa ki rele taymin lan !

Men kòman Aviol vòlè Nouvèl Ayiti

Gwo wikenn manch long Fèt Mò, Latousen 2012 ( 1e, 2, 3, 4 novanm ), ekip Nouvèl Ayiti a te gen randevou nan rezidans prive Nesmy Manigat Santo Domingo pou nou al ekri Batistè/Manifès Nouvèl Ayiti a. Aviol, Ricardo te pran wout nasyonal pou ale nan machin prive. Mwen menm m te pran avyon pou m ale, paske alepòk te gen yon seri ti bandi dominiken frekan sou wout Sen Domeng lan ki t ap agrese, brake, dechèpiye Ayisyen sou wout la. Evans Paul, K-Plim, te viktim ti bandi sa yo tou si m pa twonpe m. Kòm mwen gen yon karaktè yon moun ki pa pè je pou l vale tèt, mwen te prefere evite ale Sendomeng nan avyon pou m ka evite dezagreman ak ti " banditos dominicanos" yo sou wout la, paske mwen te ka fè dezagreman ak yo tout bon si yo vin agrese m. Se menm rezon sa ki fè jodi a mwen evite 2 gwo wout nasyonal Ayiti yo ( 1 ak 2 ) jis pou evite ti bandi vin ranse ak pèsonalite m. Donk, mwen chwazi rete an pwovens depi 3 lane san pile Pòtoprens.

Mwen te ankouraje Aviol ak Ricardo desann nan otèl ki rele Otèl Santo Domingo/Hispaniola ki se yon otèl 5 etwal mwen renmen anpil e ke se la m konn abitye desann depi 1994 chak fwa mwen ale Sen Domeng pou yon aktivite kèlkonk, sitou pou kouvri eleksyon oubyen yon konferans entènasyonal. Rive mwen rive nan Otèl Santo Domingo m jwenn Aviol ak Ricardo sou teras restoran otèl la. Mwen monte nan chanm mwen, benyen epi m desann al jwenn 2 zanmi yo nan resto a. Se moman sa menm Aviol kòmanse pale m de plan Nesmy Manigat pou al pran dyòb Direktè Kabinè PM Tèt kale Laurent Lamothe. Aviol sanble te gen tan dakò ak Nesmy sou plan sa pou jan l te konfòtab lè l ap di m sa. Menm moman an san m kòmanse bouyi. Mwen di Aviol nou pa ka fè m riske vi m nan yon avyon vini Sendomeng epi apenn mwen debake soti Pòtoprens pou se radòt sa konsa konsènan Nesmy n ap vin rakonte m. Tansyon, kriz ki pral kraze Nouvèl Ayiti a kòmanse jou 1e Novanm 2012 sa nan restoran Otèl Santo Domingo.

Demen maten vandredi 2 novanm, nou pran chimen kay Nesmy Manigat pou nou al travay sou dokiman Batistè/Manifès la. Nesmy byen akeyi nou ak tout madanm li. Pa gen anyen pou n repwoche koup Manigat a sou plan akèy la. Travay redaksyon komanse. Mwen menm, Aviol, Ricardo n ap frape sou laptòp travay nou. Nemsy te renka renka, se sèten se akòz nouvèl bonb dyòb ak Lamothe la li gen pou l anonse nou ofisyèlman. Nesmy pa gen bouda chita, li malalèz paske koub Tèt Kale li vle fè a ap toumante l. Pandanstan, mwen menm, Aviol ak Ricardo ap brase lide epi ekri, tape. Kòm redaktè pwofesyonèl, ansyen manb staf redaktè ak editoryalis nan jounal Le Nouvelliste, ansyen redaktè ak editoryalis Le Matin ki te sou Bisantnè alepòk Francky Magloire, Eric Sylla ak Dumerick Charlier nan debi ane 90 yo, ansyen Direktè Enfòmasyon Vision 2000 nan mitan ane 90 yo, ansyen Direktè jounal Le Nouveau Matin nan ane 2000 yo, m ka di nou Aviol Fleurant se yon bon redaktè. Jounen travay vandredi 2 novanm lan fini. Mwen retounen nan chanm otèl mwen, Aviol, Ricardo ale nan chanm pa yo. Randevou demen samdi 3 novanm kay Nesmy toujou pou n al kontinye travay redaksyon Manifès Nouvèl Ayiti a.

Samdi maten 3 novanm bonè bonè, nou debake kay Nesmy. Nou repran travay redaksyon an. Men toujou se mwen menm, Aviol ak Ricardo Augustin ki t ap frape di di nan ekri. Nesmy te rete an mòd pasif anpil epi ti kal aktif nan travay redaksyon an. Nan apremidi finalman Nesmy lage bonb lan sou tab la : Lamothe chwazi l pou Direktè Kabinè e li enterese. Mwen estomake. Mwen estomake paske pou kantite òf mwen jwenn pou antre nan pouvwa Tèt kale a mwen refize akòz pwojè Nouvèl Ayiti a e akòz enkonpatibilite ideyolojik ki genyen ant mwen ak ekip bandi legal yo. Mwen pale pou m di Nesmy dwe kite Nouvel Ayiti si li ale nan Tèt kale. 2 pwojè sa yo PHTK ak Nouvèl Ayiti pa ka mache ansanm kòtakòt.

Mwen fache sou Nesmy. Mwen pran madan l li atemwen pou m di l eske li twouve sa Nesmy ap fè a korèk. Madanm Nesmy ta pral kòmante pou l di Daly gen rezon, ou pa ka nan tou 2 ekip yo an menm tan. M pa gen prèv, men sanble se rezèv sa madanm lan eksprime a ki fè Nesmy pa t aksepte al nan dyòb Direktè Kabinè Lamothe la ankò sa, menm dyòb sa li okipe jodi 12 lane apre bò kote PM Gary Conille. Nesmy ta pral tann 2 lane apre an 2014 pou l vin ofisyèlman nan pouvwa PHTK a antan minis edikasyon nasyonal.

Prezidan Martelly mande m an pèsonn lakay li an 2011 pou vin kolabore ak li mwen pa dakò. Martelly fè m pale nan telefòn ak Lamothe yonvandredi mwa jiyè 2011 e kote mwen te gen randevou ak Lamothe nan Palè an lendi pou diskite kolaborasyon ak yo nan pouvwa yo a. Mwen pa t mete pye nan randevou a. M pase preske plis ke 2èdtan ak PM deziye Conille an out 2011 nan resto Magdoos Petyonvil, kote li te vle m vin nan Kabinè l mwen pa t dakò. Prezidan Sena epòk la Rodolph Joasil pase plis ke 2èdtan nan resto Otèl Karibe Juvenat kote li t ap diskite ak mwen pou vin ede l nan Sena mwen pa dakò. Prezidan Chanm Depite Saurel Jacinthe, zanmi m e moun nan peyi m Jeremie, te vle m kolabore ak li mwen pa t dakò. Jiskaske Nouvèl Ayiti kraze, mwen pa janm dakò okenn pwopozisyon pou gwo pozisyon nan Leta ni pran dyòb konsiltan pou yon chèk Leta pa mwa nan men okenn politisyen sou pouvwa an Ayiti.

Pwojè alontèm Nouvèl Ayiti a te pi enpòtan pou mwen ke nenpòt ki poziyon ak privilèj nan Leta. Kidonk mwen pa t ka konprann kijan pou Nesmy Manigat, yon pwofesyonèl gran kalib k ap byen travay e ki gen bèl rezidans prive Sendomeng, sandout tou an Ayiti, ka egare pou dyòb Direktè Kabinè e pran ris pou l kraze bèl pwojè Nouvèl Ayiti nou n ap travay sou li depi preske yon lane. Anfèt sa m pral konprann ni Aviol Ni Nesmy pa gen konviksyon ideyolojik, ni konsyans sosyal ni preyokipasyon sosyal. Priyorite sosyal yo se Karyè ak pozisyon ki garanti pwomosyon sosyal pou tèt yo. Se motivasyon sa sandout ki fè Nesmy te fè tout tan sa ap travay ak yon pouvwa tankou pouvwa lawont nasyonal ak dezonè istorik Ariel Henry a.

Malgre tou sa m di la sou Nesmy, si yon moun di m Nesmy nan koripsyon nan Leta m ap di l ban m prèv. Si se yon rapò ULCC ki dekouvri li te nan koripsyon lè l te minis, m ap di m ap tann dizon Lajistis. Rezon an se paske mwen pa wè pou ki rezon li ta nan koripsyon piske Nesmy gen tout sa yon pwofesyonèl nwa klas mwayèn an Ayiti dwe genyen onètman pou l viv byen ak madanm li, pitit li, e menm pitit pitit li. Mal Nesmy fè peyi a li sèke pa t dwe kraze Nouvèl Ayiti pou yon dyòb ak Lamothe, men li pa poze zak vòl san vègòy, anfen tout bagay malonèt, delwayal Aviol Fleurant fè ak Nouvèl Ayiti yo. Aviol li men mwen pa p mande prèv pou sa ULCC repwoche l yo paske li fè gwo dega deja nan pwojè kolektif nou Nouvèl Ayiti. M ap jis di se pou ansyen kanmarad la al defann tèt li devan Lajistis.

Dimanch 3 novanm 2012, randevou nan rezidans Nesmy Manigat Santo Domingo pou nou finalize dokiman Batistè/ Manifès Nouvèl Ayiti a. ( Asuiv ). Ret Branche !

DV

05/09/2024

Ti Moso Listwa : Aviol Fleurant, ULCC ak Nouvèl Ayiti.

ULCC di nan rapò Septanm 2024 li a, anketè li yo dekouvri AVIOL FLEURANT pran nan non Nouvèl Ayiti nan yon kont li gen SOGEBANK ki pote non NOUVELLE HAITI : 1 milyon Desan Vennsenk Mil Katsan Swasanteyen Goud ( 1. 225,461.82 GD).

M ap mande Aviol Fleurant piblikman e fòmèlman pou l retounen lajan sa bay Leta pou al nan Trezò piblik paske lajan sa li pran an nan non Nouvel Ayiti a se yon zak eskwokri.

Nòmalman m pran gwo kou nan men ansyen zanmi an nan kad pwojè Nouvè Ayiti, men sensèman m pa t ap janm atann Avio t ap louvri kont labank nan non Nouvèl Ayiti jiskaske li pran lajan Leta sou kont sa nan non Nouvèl Ayiti. ULCC mande pou Lajistis mete laksyon piblik an mouvman kont Mèt la pou koripsyon. Men mwen menm tou m te ka trennen l Aviol Fleurant nan tribinal bou abi konfyans, izipasyon ak eskwokri. Pèsonn nan fondatè pwojè Nouvè Ayiti a pa t bay Aviol Fleuran manda ni otorizasyon pou l sèvi ak non Nouvel Ayiti a pou aktivite politik pèsonel li, pou l louvri kont labank vwa pou l ta pran lajan Leta nan non Nouvèl Ayiti.

Aviol pa t gen yon byen pèsonèl ki rele Nouvèl Ayiti. Nouvèl Ayiti se byen kolektif yon gwoup jenn entèlektyèl klas mwayèn. Aviol te ekri e siyen Batistè Nouvèl Ayiti ak mwen, Nesmy Manigat, Ricardo Augustin lakay Nesmy Sendomeng an Novanm 2012. E jou dokiman sa t ap siyen an, nou te pran angajman fòmèl pou pèsonn pa sèvi ak dokiman an ni mete l piblik toutan nou pa reyini an sesyon fòmèl pou nou ortorize pibliye oubyen sèvi ak dokiman manifès Nouvèl Ayiti a. Angajman sa te pran dimanch 4 novanm 2012 nan rezidans prive Nesmy Manigat Santo Domingo.

Men kijan trayizon Aviol Fleurant an kòmanse

Aviol Fleurant se yon jèn entèlektyèl ki gen anpil kapasite. M te apresye ak respekte misye anpil. Li te respekte m tou. Lè m te nan 3è ane Fakilte Dwa UEH Potoprens nan ane 90 yo, li te nan 1è ane. Ou pa t ka nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik ( FDSE) Pòtoprens epòk sa pou w pa t konn Aviol. Li te toujou ap mache prese nan lakou Fakilte a, pale fò, yon gwo valiz nan men l ak gwo linèt nwa loup li nan je l. Nou pa t zanmi piske nou pa menm pwomosyon nan Fakilte a, men Aviol te remakab tout jan. Lè mwen vin retounen viv Ayiti an 2009 apre preske 10 lane ap viv Montréal ak Washington, nou vin konekte. Se konsa nou pral komanse jete fondasyon nan dyalòg nou pou pwojè Nouvèl Ayiti a...Nou vin pwòch...e nou te pale preske chak jou nan telefòn sou pwojè Nouvel Ayiti a.

Nouvèl Ayiti vin tounen yon gwoup refleksyon entèlektyèl. Nesmy Manigat vin entegre, Aviol Fleurant vini ak Fritz Dorviliers epi Ricardo Augustin ki se 2 bèl figi entèlektyèl. Jean Monard Metellus vin jwenn nou. Jean Monard te pwopoze pou n entegre Patrice Dumont, men mwen te eksprime gwo rezèv sou sa jis paske Pépé se te manb piblik RDNP, pati Manigat yo. Mwen te gen rezèv sitou paske Jean Monard li menm se te yon senpatizan piblik RDNP oubyen yon patizan Manigat yo. Donk mwen pa t vle Nouvel Ayiti vin tounen yon baz aryè okenn pati politik. M te vle nou gen otonomi ak endepandans panse, refleksyon, estrateji, aksyon ak angajman nou.

Nouvèl Ayiti ap vanse. Nou te konn reyini chak vandredi apremidi nan lokal sant ak bibliyotèk mwen te louvri Petyonvil nan ang Rue Clerveaux ak Ave Panamericaine. Nou te konn reyini tou nan Resto Mr Grill anfas Press Cafe a nan Rue Rigaud, toujou Petyonvil. Depi 2010 rive 2015, m fè tout 10 depatman peyi a ap fè Konferans pou pale pawol Nouvèl Ayiti a ak ideyal desalinyen an ki se yon dimansyon nan ideyoloji politik mwen. Aviol te konn bay kèk konferans tou. Men se te mwen menm ki t ap fè pelerinaj la nan tout rakwen peyi a. Lè mwen te fè kek konferas ak Aviol an pwovens, m te vin sispek li paske li te gen kaye nan men l pou l ap pran non moun yo ak telefòn yo apre konferans yo. Mwen pa t janm fè sa.

M te twouve aksyon Aviol ki ap pran non ak telefòn moun yo biza, paske si se senpman yon konferans ou vin pwononse pou pataje konesans ou, vizyon w ak lajenès pou ki rezon ou vini ak kaye pou pran non ak telefòn patisipan yo ? Ebyen se plan sa Aviol t ap depwlaye sou mwen san m pa konnen l pou vòlè pwojè kolektif Nouvel Ayiti a ak tout non Nouvel Ayiti a pou pwojè pèsonèl li ...jiskaske li ale nan eleksyon pou prezidan ak non Nouvèl Ayiti a, li kreye plizyè ti seli l Nouvèl Ayiti nan peyi a san m pa konnen, li louvri kont labank ak non Nouvel Ayiti a san m pa konnen, li pran lajan Leta ak non Nouvèl Ayiti a san m pa konnen.

1e, 2, 3 novanm 2012, gwo wikenn manch long Fèt Mò ak Latousen. Ekip Nouvèl Ayiti a gen randevou nan rezidans Nesmy Manigat Santo Domingo pou nou ekri Batistè/Manifès Nouvèl Ayiti a. Mwen, Aviol, Nesmy, Ricardo Augustin prezan. Rive mwen rive Santo Domingo Aviol vin pale m nan otèl nou te desann lan koze Nesmy pral Direktè Kabinè PM Lamothe. Mwen fache, mwen endiye. M pete kabouyay ak Nesmy lakay li pou koze ale nan Tet Kale a. M pran madanm Nesmy atemwen jou samdi swa 3 novanm 2012 lan pandan mwen, Aviol, Ricardo ap ekri dokiman Batistè Nouvèl Ayiti a. Jouk jodi a mwen ak Nesmy pa an bon tèm.

Retounen nou retounen Pòtoprens lendi 5 novanm 2012, Aviol li menm ta pral kòmanse trayi angajman ki te pran lè nou t ap siyen Batistè Nouvèl Ayiti a jou dimanch 4 novanm 2012 la kay Nesmy, Santo Domingo. ( Asuiv ). Ret Branche !

DV

N ap plante pou jaden, n ap enstale pou JEWOPOLIS, n ap pwodui pou 2026...Nou lokal e nou global.DV
27/06/2024

N ap plante pou jaden, n ap enstale pou JEWOPOLIS, n ap pwodui pou 2026...Nou lokal e nou global.

DV

25/11/2023
27/10/2023

https://fb.watch/nXPAcNX9VT/

Akòz anpil rezistans li jwenn nan sektè politik kenyan an, Prezidan Kenya a pale ak pèp lakay li pou eksplike rezon ki fè yo oblije vin ede Ayiti konbat ensekirite nan kad yon manda Loni .

Al gade.

https://fb.watch/nXPAcNX9VT/

DV/JEWOPOLIS

26/10/2023

https://fb.watch/nWAa2MtQ9i/?mibextid=Na33Lf

*Abinader* fè yon gwo kou politik : Li siyen yon *Pak Nasyonal* jodi a ak Sektè politik yo, Sektè Biznis, Sosyete Sivil, Sektè Entelektyèl ak Akademik nan objektif pou pwopoze solisyon ansanm pou resoud kriz ak AYiti a.

Ak aksyon sa, Abinader
" *mityalize* " responsabilite pou rezoud kriz la ki tounen yon dosye nasyonal. Li lage chay la sou tout peyi a. Kidonk se tout sektè vital peyi a ki pral reflechi ansanm pou wè kijan kriz la ka rezoud.

Nan sans sa, Dominiken yo pi avanse ke nou an AYiti. Yo toujou chech jwenn ant yo yon akò nasyonal nan tout gwo dosye nasyonal. Pandanstan an Ayiti, se chirepit tout tan pou kenbe pouvwa e pou bay panzou.

DV/JEWOPOLIS

20/10/2023

Bonjou lafanmi....

Ban m di nou kichòy. Mwen gen plis ke 43 mil followers sou paj w ap li mesaj sa. Depi preske yon mwa m ap mande nou pou nou ale follow ( suivre/Swiv ) paj JEWOPOLIS la. Apèn mil nan nou ki fè sa. Li t ap itil menm si omwen 5 mil nan nou fè sa pou. M ap mande nou yon lòt fwa ankò fè sa jodi a paske emisyon an pa p fèt Live sou paj pèsonèl mwen ankò dezòmè . Donk si nou vle rete konekte ak Live mwen yo, dokimantè ekip mwen pral pwodui yo al jis follow paj JEWOPOLIS la. Nou pa p peye pou sa. Se jis yon klik sou lyen sa epi fini :

https://www.facebook.com/DALYVALET.JEWOPOLIS?mibextid=ZbWKwL

Rezon ki fè bou pa fè emisyon ankò sou paj pèsonèl Daly Valet a senp : li pa rantab. Lè w gen staf teknik ou pral peye, lè w gen jounalis, chèchè ki pral fè dokimantè istorik pou ou, yo dwe touche. Kidonk se paj biznis JEWOPOLIS la ki bay plis opòtinite pou w rantre kichòy k ap ede w peye staf ou. Si nou konprann mwen, si nou apresye emisyon JEWOPOLIS la, si nou vle kolabore ak mwen e apresye travay mwen, jis fè ti jès senp lan ki se klike sou lyen sa epi follow/Suivre/Swiv paj JEWOPOLIS la :

https://www.facebook.com/DALYVALET.JEWOPOLIS?mibextid=ZbWKwL

Paj JEWOPOLIS la se te avan paj Radio Mwen Trans Inter. Li te deja gen plis ke 5 mil followers lè m te deside mete l osèvis JEWOPOLIS mwa pase a. Jodi a li gen 6 l. Objektif nou se 10 mil followers pou pi piti nan mwa Òktòb la. Kidonk pote kontribisyon nou. Jis klike epi follow/Suivre/ Swiv paj JEWOPOLIS la :

https://www.facebook.com/DALYVALET.JEWOPOLIS?mibextid=ZbWKwL

M remèsye nou davans pou kolaborasyon nou ak konpreyansyon nou.

DV
https://www.facebook.com/DALYVALET.JEWOPOLIS?mibextid=ZbWKwL

Politique Internationale

16/10/2023

Se pèp Desalin KPK a ki sèl Leta souvren nan moman an sou fwontyè Wanament lan...Se pa majistra a ni doktè Ti Bab.
DV

Adresse

6, Lamandou 1
Jacmel

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Télé Choublak 97.7 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager