18/06/2020
Se chak jou yon papye 10 goud nan men w, wap kouri al achte 10 goud pap pa dap pou w ka Monte sou Facebook vin denigre FANM, oubyen vin chache kont. Men jamais pran yon ti tan pou w gade papye 10 goud la Pou w poze tet ou kesyon: KIYES POTORIK FANM SA KI SOU KOB SA KI NAN MEN M NAN ? Ou te gendwa pa menm remake se te yon fanm. Menm si swadizan historien nou yo pran plezi nan bliye enpak Fanm nan listwa nou, il revient à nou menm pou nou ba yo onè yo mérite. Ann fè konesans avek Manzè SUZANNE SANITÉ BÉLAIR, Fanm Vèrèt Latibonit.
A 15 ans, Sanité Marye avek Charles Belair, ki te neuveu Toussaint L’ouverture. Charles Belair te lieutenant nan lame Toussaint an. Ansanm avek Mari li, Sanité li menm tou te vin pran grad Lieutenant nan lame Toussaint an à L’aide de contribution exemplaire li nan batay yo. Fok nou di ke lidè endepandans nou yo pa t konn kisa ki rele Discrimination des genres. Ni fanm ni gason te gen tout enpòtans avek tout onè yo te mérite. Se sa ki fè li pa t yon bagay biza pou yon fanm te Lieutenant nan lame Toussaint an.
Sanité mouri kot a kot avek Mari li pa ekzekisyon jou ki te 5 octobre 1802 Dèyè yon simityè okap. Yo tou de te pran lanmò sa paske yo pa t vle devwale lokasyon res solda yo bay Blan kolon. D’après yon passage nan ancien journal Haïtien ki te rele > , Nan moman ekzekisyon li avek Mari l, le Charles te vle kriye, Sanité te raple Charles kiyès li ye, e li te enplore l pou l mouri en nèg Brav. Lè se te tou pa Sanité pou l mouri, paske l te Fanm, kolon yo te vle ba l yon ekzekisyon ki plizoumwen humaine. Men Sanité te goumen avek pye a dan, pou yo te touye l menm Jan avek Mari l, Par fusillade. Sanité mouri a 21 ans. Aprann e sonje non li: SUZANNE SANITÉ BÉLAIR