Miss Saint-Jean

Appeler Itinéraire Contacter l'entreprise

Miss Saint-Jean Production de qualité.

MISS SAINT-JEAN 👑 est un concours de beauté qui met en valeur la beauté, l’intelligence et le leadership féminin.
À travers cette plateforme, nous célébrons le talent, l’élégance et l’engagement des jeunes femmes de Jean-Rabel.

Chè Juliette JP Francisque ,Komite Miss Saint-Jean, atravè selil kominikasyon li, pa sispann site non w, pale de ou nan ...
24/09/2026

Chè Juliette JP Francisque ,

Komite Miss Saint-Jean, atravè selil kominikasyon li, pa sispann site non w, pale de ou nan diskisyon li yo. Si yon jou ou ta sispèk zòrèy ou ap sonnen, konnen se nou k ap site non w.

Nou site non w an byen, pa an mal. Nou site non w pou sa w ye, pou sa w reprezante pou Jan Rabèl, e sitou pou sa w reprezante pou Miss Saint-Jean.

Aprè plis pase 6 mwa lwen teren an pou rezon sante, nou reyalize ki kalite vid absans ou kreye, e nou reyalize pi plis toujou ki kalite fòs ou reprezante pou kominote a.

Pwoblèm sante a fè w pa t kapab viv dezyèm edisyon Miss Saint-Jean nan fason ou ta renmen an. Ou pa t kapab la pou temwen bèl moman sa yo, ni pou apresye tout bèl imaj ak bèl inisyativ aktè nan domèn espò Jan Rabèl yo te pote pandan vakans lan, ni patisipe jan ou ta renmen nan lavi sosyal ak fizik kominote ou renmen anpil la.

Men, menm lè ou lwen teren an, plas ou nan kè kominote a rete la.

Nan moman difisil sa yo, Miss Saint-Jean pa sispann mande gerizon pou ou. Nou pa sispann mande Mèt Lavi a pou li pwolonje jou ou yo san doulè, ba ou plis fòs, plis kouraj ak plis rezistans moral pou travèse moman difisil sa yo.

Fanm vanyan, Fanm kanson, gen anpil bagay ou poko fè. Gen anpil konsèy ou poko pataje ak kominote w. Gen anpil batay ki poko fini.

Se vre, wout la rèd. Li ka pote doulè, li ka mande anpil kouraj. Men nou kwè nan fòs ou. Nou kwè nan kapasite w pou leve ankò.

Menm apre 17 so, n ap toujou kwè w ap leve kanpe pi rèd.

Nou se Juliette.
Sante pou Juliette. 🙏🏾❤️




21/08/2026

Fè devwa Sitwayen nou

21/07/2026

Felisitasyon Honorat Bergana !

Nan kad angajman Mis Sen Jan pou garanti yon konkou ki chita sou transparans, merit ak kredibilite, Komite Òganizatè a a...
29/06/2026

Nan kad angajman Mis Sen Jan pou garanti yon konkou ki chita sou transparans, merit ak kredibilite, Komite Òganizatè a atravè selil kominikasyon an pote presizyon sa yo sou fason nòt final kandida yo te kalkile.

Pou faz final MSJ2026 la, rezilta final chak kandida te baze sou de (2) eleman:
1. Evalyasyon kat (4) dènye seyans ofisyèl yo: 67,74 % nòt final la.
2. Vòt piblik peyan : 32,26 % nòt final la.
Vòt piblik la te òganize atravè yon sistèm vòt peyan, ki te pèmèt piblik la sipòte kandida yo pandan y ap respekte règ ak mekanis konkou a.
Rezilta vòt sa a te entegre nan nòt final la selon pwopòsyon ki te fikse davans.

Kidonk, klasman final la se rezilta yon konbinezon ant pèfòmans kandida yo pandan evalyasyon ofisyèl yo ak sipò yo te resevwa nan men piblik la.
Komite Òganizatè a remèsye tout kandida yo, patnè yo, sipòtè yo ak tout moun ki te patisipe nan pwosesis la. Nou rete angaje pou kontinye òganize yon konkou ki baze sou transparans, merit ak ekselans.

Selil kominikasyon MSJ

Nou pa Jwenn mo pou n dekri kalite travay ekstraòdinè sa ke n reyalize. Nou fè travay la ak nanm,fyète epi anpil disipli...
26/06/2026

Nou pa Jwenn mo pou n dekri kalite travay ekstraòdinè sa ke n reyalize.
Nou fè travay la ak nanm,fyète epi anpil disiplin.
Mèsi Pa sifi!

Yo gen Kenfs,D-Fi Powèt revolte.Nou menm, Nou gen Schéma MC.Mèsi Atis!
25/06/2026

Yo gen Kenfs,D-Fi Powèt revolte.
Nou menm, Nou gen Schéma MC.

Mèsi Atis!

Pati 2. Men kèk bèl moman nan final MSJ2026 la.📷: JuniorRodley
25/06/2026

Pati 2.
Men kèk bèl moman nan final MSJ2026 la.
📷: JuniorRodley

Revivez en image la finale MSJ2026.
25/06/2026

Revivez en image la finale MSJ2026.

Adresse

Rue Street Jean
Ville Des Gonaives

Téléphone

+50932271744

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Miss Saint-Jean publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Miss Saint-Jean:

Raccourcis

Partager