04/12/2025
🎼 TRACKLIST FINAL – ALBÒM : TEMWANYAJ
EMPEREUR MUSIC GROUP
---
1. KOLE PYÈS
Ouvèti ak reyalite jèn yo, chaj doulè jenerasyon an.
2. MENM DOULÈ
Love & blese, men toujou nan menm tòn emosyonèl ak track 1.
3. SA K KENBE M?
Kesyon sou rezistans, fòs enteryè, objektif ki pouse moun pa lage.
---
4. LADESANT ⭐ (nou mete l la pou yon rezon estratejik)
Track sa pote yon ti limyè, ti espwa, yon vibe pozitif apre twa track ki lou.
Li bay balans albòm nan!
Konpozisyon track la :
Chante a mande lapè, lajwa, bon enèji, li vle fè “ladesant” lakay li.
Rapè 1: Bay definisyon ak byenfè gen yon lespri trankil.
Rapè 2: Bay fòs pou kontinye travay, li pa vle echwe menm jan li te fè avan.
Rapè 3: Rakonte pwoblèm li ap konfwonte jodi a.
Sa fè LADESANT vin tankou yon respire espirityèl, yon ti limyè avan nou retounen nan pati pi dark nan albòm nan.
---
5. BENI
Apre enèji pozitif LADESANT, nou retounen nan yon drill k ap charye doulè men ak fòs.
6. APÈL PEYE
Moman lapriyè + reyalite jenès la, ak yon refren ki pote emosyon ak espwa.
7. MADANM JAK
Storytelling ki cho, frapan, sosyal. Yon istwa ki touche tout moun.
8. TEMWANYAJ
Gran final la, ak koral gòspèl. Bouton emosyon. Bouton espoa.