
02/07/2023
Kavayon (Sid) : Abitan nan Gwo-Maren, 3èm seksyon komin Kavayon , nan depatman Sid konstate ta gen yon maladi ki tonbe sou pye kokoye yo, daprè sa yo rapòte nou. Pi fò Kokoye yo gen yon plichon blanch ki sou yo pandan yo sou pye a. Yo pa donnen preske. Tout pye kokoye yo rete ap depafini pou kò yo epi fèy yo sèch ap tonbe pou kò yo. Sa vin lakoz gen yon gwo rate kokoye nan mache zòn sa ki fèt chak samdi epi mèkredi ! Se kokoye ki soti Pòtoprens (kokoye Sendomeng) oubyen lòt kote abitan yo oblije ap itilize pou kounye a.
N ap sinyale mache Gwo-Maren (Gros-Marin) sa toujou alimante Pòtoprens epi Okay. Li ta enpòtan pou otorite ministè agrikilti ta fè yon rive sou plas pou chache konnen plis sou kisa ki pase pye kokoye yo k ap depafini konsa. Nou sonje menm pwoblèm sa te poze Akayè sou pye kokoye epi bannann yo. Eske se yon plan pou detui sa n genyen yon fason pou vant nou toujou rete sou kont vwazen an ? Nou pa Konnen
Nap mande Otorite yo fe yon tcheke Sou sa 🙌🏻