Gran Vesan Diaspora

Gran Vesan Diaspora Discover Haiti in all its Splendor

27/10/2025
27/10/2025

Apre arestasyon John Cadafy NOEL, Staff Découvrir la Grand'Anse te deside fè silans pou lajitis te fè travay li.
Nou kwè lan Grandè ak misyon enstitisyon sa. Okenn moun paka kanpe pi wo ke lalwa. 3 jou apre arestasyon PDG a, dosye li te ale nan kabinè enstriksyon . Apre ankèt Majistra entriktè a soti yon òdonans nan fen mwa septanm lan. li voye dosye a devan devan 2 tribinal an menm tan: yon kote li mete tribinal kriminèl, yon lót kote li mete tribinal koreksyonèl. Sa ki gen yon kontradiksyon, ladan l.

Nan koumansman mwa oktòb la John Cadafy NOEL te resevwa yon sitasyon poul parèt devan tribinal Koreksyonèl nan dat 22 oktòb la. Kèk jou avan odyans sa, menm jij enstriktè ki te sou dosye a , li resoti yon lòt Òdonans pou voye Cadafy devan tribinal kriminèl.

Li fè sa plis pase 18 jou depil te soti premye òdonans lan. Pandan ke lalwa defini 24h de tan pou jij la te retounen souyon desizyon li te soti. Yo repwoche Cadafy de 3 chèf akizasyon (Déstruction de biens publics, Outrage à la magistrature sur les reseaux Sociaux,voie de fait , gifle au préjudice de) Yon polisye ki se sekirite Komisè gouvenman.

Lalwa di gen 2 kategori enfraksyon ; ( Deli ak Krim). enfaksyon yo repwoche Cadafy yo. Ta sipoze fè pati deli yo. E yo ta dwe ale devan tribinal koreksyonèl. An pasan , nou gen dout sou fondman enfraksyon sa: Outrage à la magistrature sur les reseaux sociaux.
Kote espesyalis nan syans jiridik yo , vin ede nou konprann pati sa. svp.

Mèkredi 22 oktob ki sot pase la, Cadafy te prezante devan yon odyans koreksyonèl pou jij te tandel.
Odyans sa te kanpe depi nan koumansmanl paske jij ki tap syeje a, te vle pran desizyon poul te retounen dosye a nan kabinè entriksyon, Sa ke avoka nou yo te bloke. Jij la te kouri kite tribunal la. Epi polisye yo te retounen ak Cadafy nan Prizon an. Avoka nou yo te mande yon libète pwovizwa pou John Cadafy NOEL, sa ke jij la te refize pandan plizye fwa.

Mezanmi, Poukisa Cadafy pa ka jwenn libète l ? Menm si se ta Pwovizwa, Pandan li tap rete a disponibilite otorite lajistis yo. Sitou,nap raple ke moun ki te pote plent pou Cadafy yo te al retire plent yo, apre Cadafy te voye let eskiz pou komisè gouvènman an ( ki se youn nan plenyan yo ). Nap Pwofite salye elegans, bon konprann komisè gouvènman an paske li te asepte eskiz Cadafy a, epi deside retire plent li te
pote pou Cadafy a. ak yon ak notarye.

Jodi a, ekip Découvrir la Grand'Anse lan ap soufri anpil, Fanmi Cadafy ap soufri, Zanmil yo ap soufri.
E Cadafy Kotel ye a nan Prizon an ap soufri. Depi kèk tan Cadafy ap soufri ak yon doulè nan jenou l yo.
Sa ki enkyete fanmi l anpil. Tout ekip Découvrir la Grand'Anse lan mete ansanm ak vwa popilasyon Grandans lan pou mande liberasyon John Cadafy NOËL.

Pataje mesaj sa yo, moun ki kapab ede vwa nou rive nan CSPJ, nan ministè lajistis, ede nou denonse abi yap fè PDG nou an.

Mèsi anpil !

25/10/2025
25/10/2025
25/10/2025
25/10/2025
25/10/2025
25/10/2025
24/10/2025

🎉Bòn fèt | John Cadafy NOËL,🎥Kameraman, PDG platfòm Découvrir la Grand'Anse. Kenbe fèm kote w ye a gran frè💪🏾🍾🎁

24/10/2025

On the Road to Jérémie ❤️🇭🇹

Adresse

KARAKOLi
Jeremie

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Gran Vesan Diaspora publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager