28/08/2025
                                            Lèt eskiz fòmèl ke PDG nou John Cadafy NOËL prezante bay komisè gouvènman jiridiksyon Grandans lan pou ensidan regretab ki te rive nan lokal Pakè / Tribinal Premye enstans lan nan dat 17 jiyè 2025 lan. 
Nou pwofite okazyon sa pou n remèsye tout moun nan kominote avèk anpil respè, pou tout sipò yo ba li nan moman difisil sa. Mèsi pou solidarite nou ❤️ Sipò nou bal fòs pou travèse moman difisil sa. 
Angajman nou rete solid : kontinye fè pwomosyon pou depatman Grandans ak tout sa ki bon ladan I, kontinye defann enterè kominote a, kontinye travay pou timoun ak jèn ki defavorize yo, pou fanmi yo,  epi pou yon sosyete ayisyèn ki pi jis ak pi imen. 
Mèsi anpil tout moun ❤️