29/08/2026
Mwen pa konnen si te gen yon epòk kote ti plas sa a te pi bèl, ni si se tan ki fè li rive nan eta sa a, men yon bagay mwen konnen: yon espas piblik ki gen potansyèl konsa pa ta dwe rete nan kondisyon sa a pandan plizyè ane.
Si CDC ak Comité Cayes-Pierre te pran kesyon sa a oserye, ti plas sa a te kapab deja vin yon bèl ti espas pou kominote a:
bèl pyebwa ak flè,
bon ekleraj,
bèl chèz pou moun chita pran lè,
bon antretyen ak pwòpte,
epi yon amenajman ki ta fè moun anvi pase tan ladan’l.
Nou pa bezwen gwo pwojè pou kòmanse. Se vizyon, responsabilite ak volonte pou fè bagay yo byen ki nesesè.
Labadie gen ase bèlte natirèl. Sa nou bezwen kounye a, se aprann mete bèlte sa a an valè.
Dirijan yo dwe konprann: devlopman pa fèt sèlman nan diskou,li fèt nan aksyon, nan antretyen ak nan ti travay ki amelyore lavi kominote a.
Ti plas sa a merite pi bon.
Labadie merite pi bon.