Radio Télé ICI

Radio Télé ICI Ici Fm Radyo k anlè a! Plus haut, plus fort, plus loin. radio Télé diffusion

À huis clos, le président des États-Unis, Donald Trump, et le président de la Russie, Vladimir Poutine, commencent leur ...
15/08/2025

À huis clos, le président des États-Unis, Donald Trump, et le président de la Russie, Vladimir Poutine, commencent leur réunion, accompagnés de leurs délégations. Radio Télé ICI

Prezidan Donald Trump, rankontre jodi vandredi 15 dawout 2025 lan, Prezidan Lawisi a, Vladimir Putin. Yon rankont ki pra...
15/08/2025

Prezidan Donald Trump, rankontre jodi vandredi 15 dawout 2025 lan, Prezidan Lawisi a, Vladimir Putin. Yon rankont ki pral dewoule sou zafè gè ki genyen ant Lasiri ak peyi Ikrèn nan vil Alaska. Se yon bèl moman pou de gwo puisans mond lan chita pale ansanm sou sitiyasyon malouk k ap brase bil mond lan patikilyèman gwo gè ki genyen ant peyi Lawisi ak peyi Ikrèn. fans

RAFRECHI ✍️✍️🔉🔉 Selon sa jounal Dominiken an Listen Diario, releye ke Gazette Haïti pibliye, ke otorite Dominikèn arete ...
11/08/2025

RAFRECHI ✍️✍️

🔉🔉 Selon sa jounal Dominiken an Listen Diario, releye ke Gazette Haïti pibliye, ke otorite Dominikèn arete ayè dimanch 10 dawout 2025 lan, ansyèn majistra Akayè a, Rosemila Petit-Frère an Repiblik dominikèn. Selon premye enfòmasyon jounal la pataje, otorite yo arete PDG Radyo Monopòl la, ansyèn gwo palto nan gouvènman Ariel la, ak yon kantite lajan ke li pa t ka jistifye pwovnans lajan sila a. Men, selon enfòmasyon Radio Télé ICI, genyen ansyèn majistra a pa arete ak lajan likid, men pito ak plizyè chèk, otorite Dominikèn ta kenbe l pou ankèt, rete konekte pou tout detay an tan reyèl. fans

RAFRECHI ✍️✍️🔉🔉 Nenel Cassy, ansyen senatè, òm politik, yon gwo palto ki vle di anpil bagay nan lavi politik la nan peyi...
03/08/2025

RAFRECHI ✍️✍️

🔉🔉 Nenel Cassy, ansyen senatè, òm politik, yon gwo palto ki vle di anpil bagay nan lavi politik la nan peyi Dayiti, tankou w te ka site anpil lòt gwo animal politik tankou : Youry, Lambert, Marthelly, Privert, Aristide, André Michel, Moïse Jean Charles, Claude Joseph, Ariel Henry, Hervé Fourcand, Rony Célestin, Laurent Lamothe, ak anpil lòt ankò. Aprè Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) te mete yon avi rechèch dèyè ansyen senatè Nip lan Nenel Cassy, nan dat 18 fevriye 2025 lan. DCPJ anba sipèvizyon Normil Rameau, pwosede ak arestasyon l, ayè samdi 2 dawout 2025 lan, nan otèl Larezèv nan Petyonvil.

Nenel Cassy, lapolis t ap chache depi plizyè mwa pou enplikasyon prezime l nan finansman òganizasyon teworis yo, konplisite nan zak asasinay, asosiyasyon malfektè, konplo kont Leta, se pami kèk chèf dakizasyon ki peze sou do ansyen senatè Nip lan, Nenel Cassy.

Non Nenel ki te toujou ap site kòm moun ki gen lyen ak gwoup ame k ap opere nan kapital la, patikilyèman nan Maryani, epi ta patisipe nan kreyasyon gwoup ame tankou Fantom 509, selon plizyè enfòmasyon ki ta revele.

Nenel Cassy, te deja akize nan asasinay ki te fèt sou ansyen diplomat Jacques Pierre Matilus, ki te mouri nan Dèlma 40B an fevriye 2021. Yo rapòte ke yo te jwenn yon kouto ki te pou viktim nan, nan machin ansyen senatè a, sa ki te lakoz yo te lage yon manda arestasyon kont Nenel Cassy, nan mwa novanm 2021. Jiska prezan potko gen okenn konklizyon jidisyè ki te pibliye nan ka sa a.

Sou plan entènasyonal, Etazini te sanksyone Nenel Cassy nan mwa novanm 2023, pou abi fonksyon, lè li te angaje l nan aktivite kòripsyon ki afebli entegrite gouvènman Ayisyen an. Nan mwa mas 2023 Kanada te pran menm mezi sa a tou akòz Nenel Cassy, ta gen swadizan lyen li ak gang ame yo k ap opere nan kapital la, kote madanm ansyen senatè Nip lan, Catherine Cassy Chery ak yon pitit li ta pral tonbe sanksyon sa yo tou.

Ansyen palmantè a te rejte tout akizasyon sa yo. Ke li te kalifye tankou manèv politik ki vize diskredite li epi li mande yon pwosè jis e piblik. Li te asire ke li pare pou l te kolabore nèt ale ak sistèm jistis la nan yon deklarasyon l te fè nan mikro laprès.

N ap raple pou ou, Nenel Cassy, te arete nan dat 21 janvye 2021 an, sou lòd komisè gouvènman Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin, Nenel Cassy te jwenn arestasyon l pou detansyon zam ilegal, vandalizasyon, eltariye. Li ta pral jwenn liberasyon l pa lasuit aprè plizyè entèvansyon kòlèg senatè l yo, plizyè batri avoka, òganizasyon k ap defann dwa moun yo, sektè politik ak ekonomik ki t ap batay anfas pouvwa PHTK a, patikilyèman gouvènman Jovenel Moïse nan epòk la. Non Nenel te deja ap site kòmkwa li ta fè pati moun k ap finanse gang kriminèl yo nan Chalon, ki t ap vyole, kidnape, touye pitit pèp lan nan vil Miragwàn, kote menm polisye pa t epanye anba zak briganday sa yo.

Pou kounye a ansyen senatè Nip lan, nan men anketè DCPJ yo ap reponn kesyon ak akizasyon ki te peze sou do l. Yon dosye n ap suiv deprè pou n ka enfòme w atan reyèl.

✍️Radio Télé ICI fans

RAFRECHI ✍️✍️🔉🔉 Lapolis Nasyonal Dayiti, arete jodi samdi 2 dawout 2025 lan, ansyen senatè Nenel Cassy, nan Petyonvil. A...
02/08/2025

RAFRECHI ✍️✍️

🔉🔉 Lapolis Nasyonal Dayiti, arete jodi samdi 2 dawout 2025 lan, ansyen senatè Nenel Cassy, nan Petyonvil. Aprè plizyè mwa depi DCPJ te mete mande dèyè ansyen senatè Nip lan pou enplikasyon prezime l nan kolaborasyon l ak gang yo nan Kenskòf. Anote, Nenel Cassy, te deja sanksyone pa Kanada ak Etazini pou konplisite l ak gang kriminèl yo, yon dosye n ap suiv de prè. Radio Télé ICI

RAFRECHI ✍️✍️🔉🔉Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) mete yon avi rechèch dèyè jounalis vèdèt emisyon Alo Henry ak Bouk...
31/07/2025

RAFRECHI ✍️✍️

🔉🔉Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) mete yon avi rechèch dèyè jounalis vèdèt emisyon Alo Henry ak Boukante Lapawòl la, Guerrier Henry, jodi mèkredi 30 jiyè 2025 lan, 2 jou aprè jounalis la ak tout avoka l te boude envitasyon DCPJ te voye ba yo. Jounalis la te dwe konparèt pou l vin reponn sou akizasyon ki peze sou do l, men li pat mete pye. Selon enfòmasyon plizyè medya DCPJ ta deja transmèt dosye a bay entèpòl. Daprè kèk sous, avi rechèch sila a deja disponib nan fichye entèpòl pou suit legal e nesesè, sa ki vin fè kèlkeswa kote yo lokalize jounalis la pou arete l pou l vin reponn kesyon anketè DCPJ yo. Radio Télé ICI fans

29/07/2025

C'est avec une très grande tristesse que la Radio Télé ICI a appris le décès de Monsieur Dominique Pierre-Louis, grand frère du PDG de la radio, Jean- Renaud Pierre-Louis, et du directeur de la programmation de la Radio ICI FM, Jhordentz Pierre-Louis. En ces moments difficiles, ICI FM tient à vous faire part de ses plus sincères condoléances. fans

28/07/2025

RAFRECHI ✍️✍️

🔉🔉Nan yon pwotokòl trètman ke Leta Ayisyen mete deyò, ki pote siyati minis jistis ak sekirite piblik la, mèt Patrick Pélissier. Yon pwotokòl ki trete ka sitwayen Ayisyen ki ekstrade oswa ekspatriye ki ta enplike nan trafik zam, minisyon, ki ta nan konivans ak gang kriminèl ame yo epi ki ta enplike nan krim finansye.

Nan kad nouvo dispozisyon administrasyon Etazini an adopte pou arestasyon, depòtasyon, oswa ekstradisyon sitwayen Ayisyen pou patisipasyon yo nan krim finansye, oswa pou konplisite yo ak gwoup teworis yo sou tèritwa Ayisyen an, pwotokòl sa a adopte pou trètman chak ka sa yo.

Nan Atik 1 an : nenpòt sitwayen Ayisyen ki depòte oswa ekstrade soti Ozetazini oswa nenpòt lòt peyi epi ki akize pou komèt oswa eseye komèt krim finansye an Ayiti, oswa akize pou sipòte, finanse, konseye, oswa ede dirèkteman oswa endirèkteman gwoup kriminèl yo osinon teworis yo nan fè krim pou yo an Ayiti, dwe remèt, imedyatman lè li rive sou tè Ayisyen an, an eta darestasyon, bay komisè gouvènman an.

Atik 2 a di: nenpòt sitwayen Ayisyen ki depòte oswa ekstrade sou akizasyon yo site yo ap rete anba lòd komisè gouvènman an, swa nan lokal Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) oswa nan nenpòt lòt sant detansyon ki apwopriye pou ka ak sitiyasyon yo akize endividi sila a.

Atik 3. Komisè gouvènman an dwe, san pèdi tan epi avèk dilijans, prepare dosye moun sa a ki te depòte a oswa ekstrade a epi voye l bay biwo ankèt la.

Atik 4- Pandan tout ankèt jij enstriksyon an ap fè sou ka a, Komisè Gouvènman an ap voye kèlkeswa prèv li jwenn oswa li fèk dekouvri bay biwo ankèt la. Pou sa, komisè gouvènman an dwe mande sipò tout enstitisyon kontwòl finansye yo (UCREF, ULCC, BAFE, IGF, elatriye), ansanm ak tout lòt enstitisyon legal oswa fizik ki ka bay plis enfòmasyon, daprè dispozisyon kòd pwosedi kriminèl la ak lwa ki gouvène trètman ofans sa yo. Se sa ministè jistis ak sekirite piblik la mete deyò. Radio Télé ICI

RAFRECHI ✍️✍️ 🔊🔈 Nan yon pòs yo fè sou kont X (tweet) yo byen bonè nan maten, dimanch 27 jiyè 2025 lan, ICE deklare sitw...
27/07/2025

RAFRECHI ✍️✍️

🔊🔈 Nan yon pòs yo fè sou kont X (tweet) yo byen bonè nan maten, dimanch 27 jiyè 2025 lan, ICE deklare sitwayen Pierre Réginald Boulos, pa t janm di si li te konn sipòte vyolans ak gang yo an Ayiti lè l t ap fè demand kat rezidans li. ICE di y ap depòte Boulos nan peyi l, ULCC ta dwe tou mare Réginald Boulos lè yo depòte l pou enplikasyon prezime l nan zak kòripsyon. Radio Télé ICI

RAFRECHI ✍️✍️🔉🔉 Nan yon lèt tou louvri li voye bay sekretè Deta Ameriken an, Marco Rubio, ayè mèkredi 23 jiyè 2025 lan. ...
25/07/2025

RAFRECHI ✍️✍️

🔉🔉 Nan yon lèt tou louvri li voye bay sekretè Deta Ameriken an, Marco Rubio, ayè mèkredi 23 jiyè 2025 lan. Pitit ansyen prezidan Jovenel Moïse la, Joverlain Moïse, mande sekretè Deta a ed li pou fè limyè sou asasina Jovenel Moïse, li mande jistis ak sipò pou pèp ayisyen an. fans

RAFRECHI ✍️✍️🔉🔉 Nan yon lèt demisyon li te voye bay ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, polisye Jean Robert Faveur, ...
24/07/2025

RAFRECHI ✍️✍️

🔉🔉 Nan yon lèt demisyon li te voye bay ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, polisye Jean Robert Faveur, ansyen Direktè Jeneral Polis Nasyonal la (PNH). Ki te nonmen nan pòs sa a, 6 jen 2003, e ki ta pral demisyone 21 jen 2003, twa (3) semèn aprè l te fin enstale nan pòs sa a kòm DG. Nan lèt demisyon sa a li te voye bay ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, DG Jean Robert Faveur, deklare e m ap site :

Ekselans prezidan Jean Bertrand Aristide, pou anpil rezon ke m pral site la yo mwen chwazi pran ekzil.

Mesye Prezidan, vandredi 6 jen 2003 a, akonpaye pa Sekretè Deta pou Sekirite Piblik la, Ekselans Jean Gérard Dubreuil, ak ansyen Direktè Jeneral la, Mesye Jean Claude Jean Baptiste, ou te rankontre avè m nan biwo w nan Palè Nasyonal pou ban m enstriksyon konsènan nouvo pozisyon mwen kòm Direktè Jeneral pa entèrim PNH la.

Mwen te sezi lè ou te kòmanse pale de otorite w sou jesyon polis nasyonal la. Ou te kòmanse pa di ke tout sa m dwe fè se konsilte ak Jean Gérard Dubreuil ak Jean Claude Jean Baptiste si m pa vle fini tankou Nesly Lucien. Noninasyon ak transfere direktè depatmantal yo depann de ou menm sèlman. Zafè zòn metwopolitèn nan te depann de ou tou. Mwen te dwe sonje sa ki te rive ansyen Direktè Santral Polis Jidisyè a (DCPJ), Jeannot François, lè yo te ba li yon grad san konsantman w. Yo te senpleman degrade l.

Depi lè sa a, mwen te konnen mwen te nan yon move pozisyon. Mwen pa t gen okenn ilizyon sou sò mwen nan sitiyasyon sa a, men mwen pa t panse presyon an t ap kòmanse menm anvan yo te enstale m. Epi aprè sa, yo te demenaje m nan yon chanm ki twò piti nan biwo jesyon jeneral la sou lòd Sekretè Deta pou Sekirite Piblik (SEJ). Anvan peryòd sa a, nan menm jou a (Vandredi 6 jen 2003), Mesye Jean Baptiste te okipe ap siyen pil lèt pwomosyon ak transfè. E, se aprè depa li Mario Siclair te vin montre m kèk korespondans ki te bezwen korije paske te gen yon erè. Mwen te oblije fè yo resòti lèt yo ak non mwen pou m te ka siyen aprè koreksyon.

Mwen te sezi anpil lè mwen te wè ke Mesye Jean Baptiste te nonmen yon ajan II (Germain St Fleur nimewo idantite lapolis 95-06-04-02437) komisè divizyon pou yo mete l nan Kwadèboukè, kòm responsab. Natirèlman, Direktè Pèsonèl la pa t oze site Atik 60 nan lwa a nan ekzekisyon lòd ilegal sa a. Anfèt, kisa atik sa a di, ke de direktè jeneral ki te vin anvan m yo te site epi vyole souvan, di: Karyè divès fonksyonè Lapolis Nasyonal la gen ladan l ran ki ranje yon fason k ap monte san okenn diskontinwite nan twa nivo. Nan chak nivo, pwomosyon an ap baze sou ansyènte ak konpetans. Kandida pou yon nivo ki pi wo nan lapolis la ap gen pou l sibi konkou entèn ke règleman entèn yo detèmine tès ak kondisyon aksè yo. Ran sa yo prezante...(Lwa 28 desanm 1994 ki kreye PNH la, ki te pibliye nan jounal ofisyèl peyi Dayiti Monitè # 103 nan menm ane a).

Mwen t al nan biwo S.E.J. la pou m di l mwen pa t ka siyen sa. Si mesye sa a te pase yon konkou anvan m te rive kòm komisè lapolis, yo ta dwe monte l nan pozisyon komisè lapolis epi non pa nan pozisyon komisè divizyon. Li reponn, "Se lòd Prezidan an. Nou ka chanje fòma a, men fòk nou rive nan objektif la." Sepandan, pou kèk lòt dosye, se dat la yo te dwe chanje paske yo te lage yo ak dat enstalasyon m nan.

Nan lendi 9 jen an, mwen te vrèman choke e emosyonèl lè Direktè Santral Administrasyon ak Sèvis Jeneral aktyèl la te voye yon lèt ban mwen ki te siyen pa S.E.J. ki te manke siyati mwen. Lèt sa a te presize ke Direksyon Jeneral la dwe transmèt echantiyon siyati moun ki otorize pou siyen sou kont PNH yo. Yo se:

Jean Robert Esther: Direktè Santral Administrasyon ak Sèvis Jeneral yo.

Patrick Valcin: Direktè Santral Administrasyon ak Sèvis Jeneral yo ak Direktè Lojistik yo.

Direktè Jeneral la te retire otomatikman nan administrasyon an. Li pa gen dwa pou l kontwole kont PNH yo ankò. Epi, pou fini ak tout bagay sa yo, se li menm ki dwe otorize sa. Yon lòt fwa ankò, Ofisye Jistis la te konteste reyalite sa a, ki te reponn mwen pa gen chwa paske Prezidan an deside sa. Se menm fraz ansyen Direktè Jeneral Polis Nasyonal la, Mesye Jean Baptiste, te di m, san l pa mansyone non Prezidan an, lè l te anonse m mèkredi 4 jen 2003 a, ke li te chwazi m pou m vin Chèf Kabinè li.

Devan Ofisye Jistis la ki te sezi, mwen te gen nan men m paragraf 7 nan Atik 23 ki etabli PNH la, ki stipile: "Direktè Jeneral la egzèse pouvwa sa yo:

Atik 7 - Sipèvize ak kontwole operasyon tout depans oswa sòti fon; epi prepare, an konsiltasyon ak direksyon administratif la, avan pwojè bidjè anyèl la.

Ame ak atik sa a, mwen te di l mwen pa t ap ka siyen bò kote pa l la paske se ilegal. Li te reponn mwen li konprann sitiyasyon mwen an, men mwen te oblije mete lwa sa a sou kote. Mwen te mande l kisa m t ap di Palman an oubyen Lakou Kontab la si yo ta rele m konsènan yon depans lajan ki te fèt yon fason iregilyè. Li te reponn mwen pa t ap responsab piske mwen pa t ap siyen anyen konsènan chèk ki t ap soti oubyen depans lajan. Mwen te di l nan ka sa a, siyati mwen pa t ap nesesè sou lèt li te deja siyen an. S.E.J. te reponn mwen dwe fè sa, anplis, administrasyon an bloke. Li te kontinye pou l di Prezidan an te di mwen t ap okipe pwofesyonnalizasyon PNH la, pandan li menm ak de moun ki otorize pou siyen chèk yo t ap okipe administrasyon an. Anvan m ale, mwen te di l li t ap gen pou l defini tèm pwofesyonnalizasyon PNH la pou mwen.

Mwen te pran kèk èdtan repo deyò biwo a, epi kèk moun te konseye m pou m pase tan an paske lavi m ak lavi moun mwen renmen yo te an danje. Nan aprèmidi, mwen te siyen deklarasyon egzonerasyon, ansanm ak plizyè lèt transfè ak nominasyon ke egzekitif la te enpoze sou mwen pandan m t ap pase tan pou m chape anba pozisyon maryonèt sa a mwen twouve m ladan l lan. Mwen pa t gen plis otorite pase yon ajan mwen te plase nan Palè Nasyonal la lè ou te enpoze m fonksyon ou an, lè ou te enpoze moun ki soti dirèkteman nan Palè a pou yo nonmen Direktè Depatmantal nan PNH la. Sepandan, Atik 45 nan lwa ki etabli Polis Nasyonal la stipile: "Direksyon Depatmantal la dirije pa yon Komisè Divizyon. Li se Direktè Depatmantal Polis Nasyonal la. Direktè Jeneral la nonmen l aprè konsiltasyon ak CSPN nan" (Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la). Kidonk, ou retire kontwòl operasyonèl ak finansye PNH la nan men m.

Sa fè de semèn soufrans mantal ak fizik, ak de semèn rezistans, ke mwen pase nan tèt PNH la. Mwen pa ta vle pase yon lòt jou konsa. Mwen te koute, mwen te demanti, epi avèk dousè mwen te voye bay SEJ la yon ansyen senatè ki soti nan depatman Sant la, youn manm kabinè prive ou, ak Depite Lévy Joseph, ki te vin soumèt ban mwen yon lis pèsonèl ame k ap pasifye Plato Santral la. Non moun sa yo te soumèt pou yo te nonmen nan PNH la. Apwòch sa a t ap gen pou objektif lejitimize aksyon mesye sa yo.

Mesye Prezidan, si ou te swiv diskou mwen an byen, ou t ap remake ke sa fè lontan depi mwen pa fè sakrifis pou pwoteje valè ki manke nan peyi a jodi a: ONÈ, DIGNITE, ENTEGRITE, AK KARAKTÈ IMEN.

Jodi a, mwen chwazi chemen ekzil la olye pou m kite yo kòwonpi m epi fè m esklav. Mesye Prezidan, sitiyasyon an nan Polis Nasyonal Dayiti (PNH) la grav anpil, epi povrete ap fè raj nan tout peyi a. Mwen te panse ke avè m, ou te ka wè kòmansman yon solisyon pou kriz la. Men non, w ap inyore l. Anpil moun bò kote w k ap anrichi tèt yo pè di w ke bagay yo pa bon deyò a. Mwen fyè dèske mwen pa t trayi konfyans pèp la, lapolis (gwo majorite a), kominote entènasyonal la, ak kèk nan zanmi pwòch ou yo te mete nan mwen.

Mwen pwofite okazyon sa a pou m di Premye Minis la, Minis Jistis la, Minis Finans la, Sekretè Deta pou Sekirite Piblik la, Palman an, kominote entènasyonal la, lapolis nasyonal la, ak pèp Ayisyen an ke dokiman ki tache ak lèt sa a pwouve move lafwa lidè nou yo ak danje konstan ki pandye sou mwen menm ak moun mwen renmen yo. Tout bagay sa yo eksplike silans mwen an.

M ap pati jodi a, men mwen toujou dispoze sèvi peyi m onètman, san okenn danje entèn ki pandye sou tèt mwen akòz karaktè mwen ak fason mwen ye a. Mwen pwoteje nanm mwen, konsyans mwen, ak diyite mwen. Radio Télé ICI

✍️Kredi || Jean Robert Faveur
Ansyen Direktè Jeneral a.i.

Adresse

Lascahobas

Téléphone

+50933456926

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Télé ICI publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Radio Télé ICI:

Partager