01/10/2023
Selon lwa ki egziste yo, nenpòt kalkil w ap fè sou mwa, se 30 jou yo toujou pran.
Nan yon peyi tankou Ayiti, nan nivo malere, pou kont ou sèlman san chay lòt moun, koz manje tèlman chè, ou ta dwe manje 1500 gdes pa jou, e lè w miltiplite 1500 gdes la pa 30 l ap ba w 45000 gdes ou byen 9000$ HTG.
Si w ta manje 200$ pa jou, w ap bezwen 6000$ pou 30 jou e si se ta 100$ ou manje chak jou w ap bezwen 3000$ pou 30 jou.
E pa bliye, se pa manje sèlman ou bezwen, fòm abiye, fòw santi bon, fòw benyen ak savon etc.
Ok ! chak mwa ou ta sipoze ka sere yon ti kòb swa pou si w bezwen achte yon moto, yon machin, etc.
*Pandan ke li difisil pou jwenn yon malere k ap travay 3000$ le mwa, yon kòb ki pa menm ka ba w manje, paske 500 gdes twò piti pou manje nan yon jounen.*
*Kounye a poze tèt ou kesyon kòm jèn.*
Kilè w ap ka gen yon bèl kay, yon bèl machin, pou enjoy ou san pwoblèm, ede yon fanmi, yon zanmi etc ?
Ebyen, se nan tout sa yo politisyen vòlè nou yo lage nou tande !
Lè w di w pa gen vi Ayiti a, pa genyen l vre. Nou dwe limen pwojektè nou lavni, si bagay yo pa amelyore kijan peyi a ap ye nan 5 ans ankò, nan 10 ans ankò ?
Si ou menm w ap viv kons jodi a, e pitit ou yo demen kisa yo pral di ?
Crédit. Oubentz Louis