Radyo Ayiti Egalite

Appeler Itinéraire Site Web Contacter l'entreprise

Radyo Ayiti Egalite Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Radyo Ayiti Egalite, Station de radio, 22 Bis, Ri, Dèfrè Ini, Chapantye/Okay, Les Cayes.

14/10/2026

Goute Sel: Kalite pep, kalite demokrasi, kalite dirijan ki mansonj?

12/10/2026

Tobout: Global Justice Clinic mete an kesyon aspè legal nouvo dekrè lwa minyè Ayisyen.

Global Justice Clinic, bay plizyè agiman osinon referans ki fè li gen rezèv sou aspè legal nouvo dekrè 30 mas la sou zafè minyè an Ayiti gouvènman Ayisyen an pibliye a.

Daprè Global Justice Clinic, sisa rete konsa, sa pral gen plizyè kosekans sou sosyete a an jeneral.

Pou evite pi mal, li envite popilasyon an, an jeneral pou fè prèv a bonjan responsab, bonjan sitwayen.

Global Justice Clinic, fè remake sa yo, nan moman li t ap patisipe nan 2 jounen refleksyon yon ekip sitwayen, sitwayèn ki soti nan divès kwen nan peyi a te òganize nan Mize Lakou Gran Chimen nan Karakòl Nòdès, soti lendi 5 rive madi 6 oktòb 2026.

11/10/2026

Tribin Pep: Pwen cho ki domine aktyalite semenn 5 rive 11 oktob 2026

10/10/2026

Tobout: Antèman Michael STACO JOSEPH alyas Mica Shop, Mushi Ice Cream chante nan Gwòt Fatima Katedral Okay, samdi 10 Oktòb 2026 bò 9 vè dimaten

09/10/2026

Goute Sel: Emisyon espesyal, menas sou libète lapawol an ayiti ki altenativ?

Tobout: Òganizasyon sosyete sivil ayisyen yo,  mande anilasyon seri dekrè ki chita sou libète ekspresyon ak Gwo Tribina...
09/10/2026

Tobout: Òganizasyon sosyete sivil ayisyen yo, mande anilasyon seri dekrè ki chita sou libète ekspresyon ak Gwo Tribinal Jistis la.

Apre nou te reyini nan dat 10 ak 11 septanm 2026
pou 2 jou diskisyon ki te konsantre sou analiz "Dekrè ki regle jan moun egzèse libète ekspresyon epi ki prevwa mezi pou anpeche ak pini difamasyon ansanm ak ofans ki gen rapò ak laprès" ak "Dekrè sou òganizasyon Gwo
Tribinal Jistis la"—2 tèks otorite yo te adopte
nan mwa desanm 2025—nou menm, manm
òganizasyon feminis ak òganizasyon k ap defann dwa moun, pwofesyonèl nan domèn jiridik, travayè medya, ak moun k ap denonse move zak (whistleblowers) ki siyen dokiman sa a, nou eksprime gwo enkyetid nou konsènan enpak 2 tèks sa yo ka genyen sou respè ak pwoteksyon libète sivil yo, sou fason espas sivik la fonksyone, sou endepandans sistèm jidisyè a, ak sou lit kont enpinite ann Ayiti.

Diskisyon ki te fèt pandan 2 jou sa yo te montre ke, byenke yo trete sijè diferan, tou 2 dekrè yo konsène domèn ki esansyèl pou bon fonksyònman yon sosyete demokratik. Premye a gen yon enpak dirèk sou kapasite sitwayen yo genyen pou chèche, resevwa, ak difize enfòmasyon, pou patisipe nan deba piblik, epi pou denonse move zak oswa abi pouvwa.

Dezyèm nan konsène mekanis ki pèmèt yo rann gwo ofisyèl leta yo responsab aksyon yo.

Nan sans sa a, nou rekonèt nesesite pou konbat difamasyon, move enfòmasyon, zak akresif sou entènèt, diskou rayisman, ak lòt abi ki ka vyole dwa lòt moun.

Menm jan an tou, nou konprann nesesite pou gen yon mekanis ki pèmèt yo rann gwo ofisyèl leta yo responsab lè yo komèt krim oswa ofans pandan y ap fè travay yo.

Konsènan Dekrè ki regle jan moun egzèse libète ekspresyon epi ki prevwa mezi pou anpeche ak pini difamasyon ansanm ak ofans ki gen rapò ak laprès

1- Nou mete aksan sou lefèt ke prevansyon ak represyon kont abi sa yo dwe fèt nan yon kad ki garanti totalman libète ekspresyon, libète laprès, ak dwa pou jwenn enfòmasyon.

2- Nou kwè, nan kontèks Ayiti ye jodi a—kote gen menas ak atak kont jounalis ak defansè dwa moun, egzil, ensekirite, oto-sansi (santre sou ou menm), epi espas sivik la k ap kontinye retresi—adopsyon nouvo mezi penal ak represif mande pou sitwayen yo rete trè vijilan.

Nou regrèt lefèt ke dekrè sa a riske sèvi pou entimide moun k ap mennen ankèt sou vyolasyon dwa moun oswa k ap denonse yo, moun k ap revele zak koripsyon, oswa moun k ap poze kesyon sou aksyon otorite leta yo; sa ta ka ankouraje pouswit jidisyè abizif, ranfòse oto-sansi ( santre sou ou men) epi kontribye nan ranfòse kilti silans ki deja byen anrasinen nan peyi a.

Konsènan Dekrè sou Òganizasyon Lakou Siprèm Jistis la

1- Nou gen gwo enkyetid konsènan divès mekanis enstitisyonèl ak pwosedi ki tabli pou lanse pouswit jidisyè kont gwo ofisyèl leta yo, kit se sa ki te nan pòs deja, kit se sa ki an fonksyon kounye a. Kondisyon pou mete yon moun an akizasyon,
patisipasyon branch Egzekitif la, egzijans pou gen yon majorite kalifye, ak divès etap preliminè anvan tribinal konpetan an pran dosye a an men, tout bagay sa yo reprezante "obstak" ki fèt espre pou retade, anpeche, oswa bloke pwosesis reyèl pou jije gwo ofisyèl ki enplike nan koripsyon, detounman fon piblik, anrichisman ilisit, blanchiman lajan, ak lòt krim finansye ki grav menm jan an.

2- Nou gen yon konviksyon fèm ke Dekrè ki gouvène fonksyònman Tribinal Siperyè Jistis la riske bloke, retade, oswa febli pwosedi ki inisye pa òganis anti-koripsyon leta yo—akòz estati ofisyèl moun ki anba ankèt yo—kidonk anpeche travay ankèt enstitisyon sa yo epi potansyèlman febli anpil efè prevantif lejislasyon anti- koripsyon an.

3- Nou soutni ke Tribinal Siperyè Jistis la pa ka sèvi kòm yon mekanis pou pwoteje fonksyonè piblik yo kont sistèm jistis la. Kidonk, nou kwè ke kenbe—oswa te kenbe—yon gwo pòs piblik pa dwe janm vin yon privilèj ki pèmèt yon moun chape anba lajistis. Menm jan an tou, kenbe yon pòs piblik pa ka konstitye yon "refij" kont responsablite kriminèl.
Anplis de sa, nou deklare ke:

1- Yon demokrasi pa ka fonksyone si moun ki denonse abi yo sibi mekanis ki ta
ka fè yo pe bouch yo, pandan ke, an menm tan, moun ki kenbe oswa te kenbe pouvwa yo benefisye de mekanis ki konplike efò pou fè yo responsab. Libète ekspresyon se yon mwayen esansyèl pou kontwole aksyon piblik la.

2- Pa gen pèsonn ki anwo lwa a. Sistèm jistis la dwe genyen mwayen enstitisyonèl ak pwosedirèl ki nesesè pou l aji sou kalite rapò sa yo epi pouswiv moun yo sispèk ki vyole lwa a, kèlkeswa estati oswa pozisyon yo nan aparèy leta a.

Kidonk, dapre sa nou sot di la a—epi avèk konviksyon ke pwoteje libète ekspresyon ak konbat enpinite fè pati menm obligasyon pou asire yo ka denonse abi yo epi chèche jistis—nou mande pou yo aboli nèt 2 dekrè sa yo; yo kont libète, yo kont konstitisyon an, epi yo pa demokratik.

Pòtoprens 2 Oktòb 2026

Òganizasyon ki siyen:

1. Asosyasyon Jounalis Ayisyen (AJH)
2. Biwo Dwa Moun an Ayiti (BDHH)
3. Sèk Refleksyon ak Analiz (CRA)
4. Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè (CE-JILAP)
5. Ansanb Kont Koripsyon (ECC)
6. Gwoup Medya Alternatif (GM)
7. Enstiti Teknoloji ak Enfòmasyon (ITECA)
8. Kay Fanm
9. Nègès Mawon
10. Nou Pap Dòmi
11. Platfòm Òganizasyon Ayisyen Dwa Moun (POHDH)
12. Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH)
13. Solidarite Fanm Ayisyen (SOHA)

Pou otantifikasyon:

Jocelyne COLAS
Direktris ekzekitif
Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè (CE-JILAP)
Telefòn: +509 39123292
Email: colas_jocelyne@yahoo
Com

08/10/2026

Tobout: Lapli k ap tonbe 8 Oktòb 2026 sou komin Okay deranje sikilasyon an.

Tobout: Lanmò! ale anpè Michael STACO JOSEPH, alyas Mika.Radyo Ayiti Egalite (RAE) 103.9 fm  ak Obsèvatwa Pou Egalite (O...
06/10/2026

Tobout: Lanmò! ale anpè Michael STACO JOSEPH, alyas Mika.

Radyo Ayiti Egalite (RAE) 103.9 fm ak Obsèvatwa Pou Egalite (O P E) ap anonse nou lanmò Michael STACO JOSEPH alyas Mica, madanm Jhony mèt ansyen antrepriz Mica Shop ak Mushi Ice cream.

Mica mouri 26 septanm 2026 la, nan laj 70 lane, aprè li pase plizyè lane ap soufri ak maladi ki pa ka geri.

Antèman Micahel STACO JOSEPH alyas Mica ap chante bò 9 vè dimaten samdi 10 Oktòb 2026 la nan katedral Okay (Gwòt Fatima), veye a ap fèt 9 vè diswa nan antrepriz sakrekè Okay, l ap antere nan komin Tòbèk.

Touswit aprè li fin antere, paran Mica ap resevwa kèk zanmi pwòch nan Mushi Ice cream nan ki chita nan kafou Orel.

Ap gen machin adispozisyon pou moun ki vle ale Tòbèk pou asiste kote Mica ap antere a.

Nan sikonstans sa, ekip RAE ak O P E di: kondoleyans ak fanmiy Michael STACO JOSEPH alyas Mica pi presizeman pitit li yo ak mari li Jhony Joseph Jean, ak tout kamarad, zanmi dèy sa frape.

Mika, ale anpè, nou p ap janm bliye ou.

03/10/2026

Vwa Lajenès: Eske yon jèn k ap reyisi san konsey

01/10/2026

Tobout: Ayiti, woumble nasyonal sou Jistis, Reparasyon, Restitisyon, Transfòmasyon.

4 jounen travay, ki kòmanse mèkredi 30 septanm pou rive dimanch 4 oktòb 2026 nan Sant Dyosesen MGR. HUBERT CONSTAINT ki sitiye nan Jacquesyl nan karakòl Nòdès Ayiti.

Aktivite sa chita sou poze pwoblematik Esklavaj + Ranson 1825: Nou P ap Dòmi Bliye.
Jistis - Reparasyon - Restitisyon - Transfòmasyon.

Premye jounen an te kòmanse bò 8tè diswa pou rive 11 zè diswa. Nan okazyon sa, òganizatè yo fè apwòch istorik sou kote lide sa soti, sou ki jan yo anbrase lide sa, depi ki lè y ap travay yo menm pou pouse pi lwen posib lide sa, ak, tout sa ki rann posib dewoulman woumble sa. Answit, se te prezante diferan patisipan yo ak tout depatman yo sòti, tout enstitisyon andan kou deyò peyi a k ap kore yo nan tout pakou yo.

Konsa, fen premye jounen an te vin klotire ak aktivite kiltirèl tankou: tire kont, animasyon mizikal ak bann rara.

Adresse

22 Bis, Ri, Dèfrè Ini, Chapantye/Okay
Les Cayes
HT1810

Téléphone

+50935363507

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radyo Ayiti Egalite publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Radyo Ayiti Egalite:

Raccourcis

Partager

Catégorie