Ti rezime Jounen An

Ti rezime Jounen An ti rezime jounen an wap jwenn tout enfòmasyon jounen an chak jou Bondye mete.
(1)

Ankèt sou Dram nan komin kanperen an ap rapouswiv, Lapoli nan sid  anonse mèkredi sa yo mete anba kòd  nan zòn tibi,Yon ...
11/12/2025

Ankèt sou Dram nan komin kanperen an ap rapouswiv, Lapoli nan sid anonse mèkredi sa yo mete anba kòd nan zòn tibi,Yon sèten de Biken , moun ki te nan kay la te wè jou krim nan, sa vle di se ta yonn nan moun yo te wè ki touye 2 demwazèl yo nan lakou kanperen dimanch pou louvri lendi ki soti pase la.

Endividi a resevwa plizyè bal nan janm li pandan arestasyon l.

Map souliye , plizyè sispè deja anba kòd , toujou nan lide pou chache jwenn vrè koupab nan krim sa ki koute lanmò 2 sè nan kanperen ki tap viv ka matant yo pandan paran yo aletranje.

Bonsoir CG
Un certain Biken identifié par les enfants témoins de l’assassinat des demoiselles Dimanche dernier vient tout juste de trouver son interpellation ce 10 Décembre 2025 dans la zone de Tibi Camp Perrin . Il a été atteint de projectiles à la cuisse au moment des échauffourées

10/12/2025

Chante sa prèske rive nan leta .Son w chante ki vle mete medam yo nan divizyon..Sitou kote chante sa di yo mèt koupe nou ,yo mèt koupe rasi n nou an ,anpil nan medam yo pa vle chante pati sa ankò. Tankou pati sa ta minimize medam yo.

Se sak fè wap wè son w chante ki te kòmanse ki pa fini tèlman te gen opozisyon...Annal gade pou n wè sam di nou an.

Aksyon sa pase nan Asiz ki tap fèt ayè nan sid peyi a sou patisipasyon medam yo nan politik peyia ak sou Vyolans elektoral

10/12/2025

W'ap gade pou kounye la entèvansyon Ansyen senatè Francisco De la Cruz, nan asiz ki tap dewoule sou patisipasyon medam yo nan politik peyi a ak sou Vyolans elektoral. Ministè fanm reyalize asiz sa nan depatman sid peyi a

An bon politisyen men kòman Doktè De la Cruz tap dekòtike politik la ba medam yo e kòman yo dwe rantre tout longè ladan l.

10/12/2025

Fara Jn Baptiste se te reprezantant LFBS ,nan asiz ki tap fèt ayè madi a nan sid sou patisipasyon medam yo nan politik peyi a ak sou vyolans elektoral.

10/12/2025

Pandan patisipasyon l ak entèvansyon l nan asiz ki tap fèt sou patisipasyon medam yo nan zafè politik peyi a ak sou vyolans elektoral, prezidan kominote minisipalite penensil Sid dayiti a Fritsnel CHERY mande fanm yo pou yo enplike yo plis toujou nan politik peyia pou yo pa kite se gason yo ki kontinye ap koupe Rache...

Majistra Fritsnel CHERY kwè nan Pwochèn eleksyon kap vini la yo yon fanm ta dwe senatè nan sid E menm rive prezidan peyi a .Paske l estime menm jan ak tout gason fanm yo ka okipe nenpot pòs Politik.

10/12/2025

Medam yo ap rele lwa yo nan machatè okay

10/12/2025

Sou lobedyans ministè fanm ak dwa fanm Yon Gwo asiz dewoule ak divès fanm ki soti toupatou nan depatman sid la jounen madi 09 dec 2025 nan, sou patisipasyon medam yo nan zafè politik peyi a ak sou Vyolans elektoral .

Yo te gen plizyè entevenan ak envite.Toukou ansyen senatè Francisco De la Cruz ,komisè okay la ak prezidan kominote minisipalite penensil Sid dayiti a Fritsnel CHERY ,pou site moun sa yo sèlman.

Nan yon pati nan diskou l, direktris depatmantal fanm ak dwa fanm nan Madam Claire Yves-Rose ELYSÉE ankouraje medam yo sitou pou yo pi aktiv ,pi dyanb ,yon fason pou yo kapab enplike yo plis nan zafè polik peyi a.

Annal swiv koman sa ye ye

Sin kwè deklarasyon sa ,ta sanble pastè Moïse pa lwen libere
09/12/2025

Sin kwè deklarasyon sa ,ta sanble pastè Moïse pa lwen libere

09/12/2025

Lolll tan nou nwi Anie epou l te debake sou nèt la ap gwo bwat kriye l sou kont nou ankò.

09/12/2025

Prezidan kominote minisipalite penensil Sid Dayiti a ki se Majistra Wòchabato a Fritsnel CHERY,san pran souf ,kontinye ap fasilite èd yo rive nan komin Wòchabato sitou Aprè Siklòn Melissa.

Li poko janm poze yon jou depi aprè l sot nan misyon nan peyi Senegal la....

Ann gade ki jan Prezidan t'ap adrese l ak pèp la ak fason tou distribisyon manje sa t'ap fèt jounen Lendi 08 dec sa nan kot sid peyi a.

09/12/2025

Moun nan komin Wòchabato prèske genyen batay la. se san kanpe ,travay konstriksyon Lopital la ap avanse.

Prezidan kominote minisipalite penensil Sid Dayiti a ki se tou majistra Wòchabato a Fritsnel CHERY,Lendi sa, tanmen yon lòt vizit ,toujou nan objektif pou al gade Eta davansman travay yo ak gade eske tout bagay ap dewoule jan sa te prevwa.

Son w konstriksyon ki kapab pran fen menm avan dat ki te prevwa selon prezidan.Annal koute E gade .

Bedjinehaiti Men Ni.bèl Atis.Son w Machann Hit wi.
08/12/2025

Bedjinehaiti

Men Ni.bèl Atis.Son w Machann Hit wi.

Adresse

Les Cayes

Téléphone

+50942309077

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ti rezime Jounen An publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager