Radio Télé Christo

Radio Télé Christo Misyon nou se edike w, enfòme w ak divèti w. Pa neglije pataje travay yo pou ede lòt moun aprann ak enfòme tou!

Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!=> Jodi a se 31 Desanm 2025 ki vle di nou nan 365èm jou, 53èm semèn epi rete...
31/12/2025

Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!

=> Jodi a se 31 Desanm 2025 ki vle di nou nan 365èm jou, 53èm semèn epi rete sèlman kèk èdtan pou ane a vire do l bannou.

=> Pa gen okenn jounen mondyal ak entènasyonal ki ofisyèlman rekonèt pou jodi 31 Desanm nan.

=> Evènman ki te pase bò lakay nou yon 31 Desanm tankou jodi a, se te nan lane:

• 1878: Ansyen prezidan Ayisyen an, Nicolas Geffrard, mouri nan vil Kingston (Jamayik) kote li te pran egzil ak tout fanmi l.

=> Evènman ki te pase lòt kote sou planèt tè a yon 31 Desanm, se te nan lane:

• 1879: Thomas Edison fè premye demonstrasyon piblik lanp a ekandesans li ye a nan Menlo Park.

• 1946: Prezidan ameriken an, Harry S. Truman pwoklame ofisyèlman fen dezyèm gè mondyal la.

• 1963: Federasyon Afrik Santral la kraze.

• 1984: Sou prezidan Ronald Reagan, Peyi Etazini kite UNESCO. Li ta pral re-antre ladan l ankò an 2003 sou prezidan Georges Bush epi sou prezidan Donald Trump, l ap tounen soti nan òganizasyon ankò an 2018.

• 1985: Yon lane apre peyi etazini fin kite UNESCO (jou pou jou, dat pou dat), Grand Bretay wete kò l ladan l tou.

• 1987: Robert Mugabe eli prezidan nan peyi Zimbabwe.

• 1991: Gouvènman Salvadò a ak FMLN siyen yon akò lapè apre 12 lane ap batay.

• 1992: Tchekoslovaski divize pou bay Repiblik Tchèk ak Repiblik Slovak.

• 1999: Prezidan Larisi a, Boris Eltsine demisyone akoz pwoblèm sante epi chwazi Vladimir Poutine nan plas li kòm defakto.

• 2004: Viktor Ianoukovytch demisyone nan pòs premye minis la nan peyi Ikrèn.

• 2010: Estoni vin 17èm eta inyon ewopeyèn ki adopte ewo a.

• 2011: UNESCO admèt Palestin kòm eta manb.

• 2013: Etoni vin 18èm peyi inyon ewopeyèn ki adopte pwòp lajan pa l.

• 2022: Pap Benoit XVI mouri.

• 2024: Zimbabwe mete fen nan koze pèn lanmò a.

=> N ap kite w ak sitasyon sa!

"La vérité libère, le mensonge hante".
(Taha-Hassine FERHAT)

Bon jounen!
Radio Télé Christo

30/12/2025

BILTEN METEYO 30 DESANM 2025

Prezantasyon: Madam Chrisnette Saint-Georges
Montaj: Kendy Cherestal
Pwodiksyon: Radio Télé Christo

https://youtu.be/iDfEJMchxBQ

Pataje pou ede lòt moun enfòme!

Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!=> Jodi a se Madi 30 Desanm 2025, nou nan 364èm jou ak 53èm semèn epi rete y...
30/12/2025

Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!

=> Jodi a se Madi 30 Desanm 2025, nou nan 364èm jou ak 53èm semèn epi rete yon sèl jou pou ane a bat dèyè l.

=> Pa gen jounen mondyal ki rekonèt ofisyèlman pa ONU pou jodi 30 Desanm nan.

=> Evènman ki te pase pa bò lakay nou yon 30 Desanm, se te nan lane:

• 1843: Jou asanble konstitiyant lan te adopte konstitisyon 1843 a.

=> Evènman ki te pase lòt kote sou planèt tè a yon 30 Desanm, se te nan lane:

• 1066: Yon masak fèt nan peyi Grenad

• 1812: Konvansyon Tauroggen nan siyen ant Pris ak Risi.

• 1853: Acha Gadsden (ki sitiye ant etazini ak Meksik) la fèt pou 10 milyon dola.

• 1906: Mozaffaredin Shah siyen konstitisyon Iran.

• 1911: Sun Yat-sen vin premye prezidan repiblik Chin.

• 1922: Nesans ofisyèl URSS.

• 1965: Ferdinand Marcos vin prezidan Filipin.

• 1975: Jou nesans Repiblik demokratik Madagaska.

• 1979: Saddam Hussein vin prezidan repiblik Irak.

• 1993: Vatikan ak leta Izrayèl angaje premye relasyon diplomatik yo.

• 2001: Prezidan ajanten pa enterim nan, Adolfo Rodriguez Saà, demisyone.

• 2002: Mwai Kibaki prete sèman antanke prezidan peyi Kenya.

• 2006: Yo pann ansyen prezidan Irak la, Saddam Hussein.

=> N ap kite w ak pawòl sa!

"Nous devons défendre la liberté de la presse et la liberté d'expression - car, en fin de compte, les mensonges et la désinformation ne font pas le poids face à la vérité".
(Barack Obama)

Bon jounen ak Radio Télé Christo !

29/12/2025

BILTEN METEYO LENDI 29 DESANM 2025.

Prezantasyon: Madam Chrisnette Saint-Georges
Montaj: Kendy Cherestal
Pwodiksyon: Radio Télé Christo

https://youtu.be/VUyypTg6_mU

Pataje pou ede lòt moun enfòme!

Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!=> Jodi a se Lendi 29 Desabm 2025 ki vle di nou nan 363èm jou ak 53èm semèn ...
29/12/2025

Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!

=> Jodi a se Lendi 29 Desabm 2025 ki vle di nou nan 363èm jou ak 53èm semèn epi rete 2 jou pou ane a vale batistè l.

=> Jodi a se jounen entènasyonal vyolonsèl.

=> Pa vrèman gen yon evènman enpòtan ki te pase pa bò lakay nou yon 29 Desanm.

=> Evènman ki te pase lòt kote sou planèt tè a, yon 29 Desanm, se te nan lane:

• 1778: Anglè yo te rive pran Savana ki se te kapital Jòji pandan batay gè pou endepandans peyi Etazini a.

• 1825: Simon Bolivar abandone pòs prezidans li nan peyi Bolivi pou fè lyetnan li, Antonio José de Sucre, plezi.

• 1840: Jeneral Bugeaud nome gouvènè jeneral Aljeri ki te okipe pa Lafrans.

• 1845: Texas vin 28èm eta federe nan peyi Etazini.

• 1874: Jeneral Martinez Campos deklare Infant Don Alfoso wa Espay sou non Alfons 12 epi mete fen nan diktati repibliken an.

• 1933: Premye woumen an, Ion Ducas, asasinen pa manb gad fè yo.

• 1993: Etazini ak Larisi siyen akò dezameman nikleyè Start II a.

• 1996: Gwatemala ak Geriya siyen yon akò pou lapè apre 36 lane gè sivil.

=> N ap kite w ak sitasyon sa!

"La liberté est un état d'esprit".
(Paul Valéry)

Bon jounen!

Radio Télé Christo

28/12/2025

BILTEN METEYO DIMANCH 28 DESANM 2025

Prezantasyon: Madam Chrisnette Saint-Georges
Montaj: Kendy Cherestal
Pwodiksyon: Radio Télé Christo

https://youtu.be/78AaEqKb7Hs

Pataje pou ede lòt moun enfòme!

https://youtu.be/78AaEqKb7HsBilten meteyo Dimanch 28 Desanm 2025.Prezantasyon: Madam Chrisnette SAINT-GEORGESPataje pou ...
28/12/2025

https://youtu.be/78AaEqKb7Hs

Bilten meteyo Dimanch 28 Desanm 2025.

Prezantasyon: Madam Chrisnette SAINT-GEORGES

Pataje pou ede lòt moun enfòme epi abone ak chaine youtube la si w poko fè sa!

Prezantasyon: Madam Chrisnette SAINT-GEORGESMontaj: Kendy CHERESTALPwodiksyon: Radio Télé Christo

Bonjou/Bonswa Kominote Radio Télé Christo a!=> Jodia a se Dimanch 28 Desanm 2025 ki vle di nou nan 362èm jou ak 52èm sem...
28/12/2025

Bonjou/Bonswa Kominote Radio Télé Christo a!

=> Jodia a se Dimanch 28 Desanm 2025 ki vle di nou nan 362èm jou ak 52èm semèn epi rete 3 jou pou ane ranmase zafè l.

=> Jodi a se jounen entènasyonal sinema.

=> Evènman ki te pase lakay nou yon 28 Desanm, se te nan lane:

• 1806: Dat eleksyon te fèt apre lanmò anperè Jean Jacques Dessalines epi Henry Christophe eli kòm prezidan.

=> Evènman ki pase lòt kote sou planèt tè a yon 28 Desanm, se te nan lane:

• 1308: Rèy Hanazono, ki se te 95èm anperè Japon an, kòmanse.

• 1612: Galilée obsève pou premye planèt Neptin pandan li te panse se yon zetwal.

• 1832: John Caldwell Calhoun demisyone nan pòs vis prezidan peyi Etazini.

• 1846: Iowa vin 29èm eta federe Etazini.

• 1958: Che Guevara ak sèlman 300 gason pran vil Santa Clara pandan revolisyon nan Kiba a.

• 2001: Ansyen prezidan kongolè a Pascal Lissouba kondane pou pase 30 lane nan travay fòse pou trayizon ak detounman lajan.

• 2011: Fineray Kim Jong II, diktatè nò koreyen an, fèt.

• 2017: Ansyen foutbolè George Weah eli prezidan Liberya.

=> N ap kite w ak sitasyon sa!

"La liberté, ce n'est pas la liberté de faire n'importe quoi, c'est le refus de faire ce qui est nuisible".
(Alexandre Minkowski)

Bon jounen!

Radio Télé Christo

Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!=> Jodi a se Samdi 27 Desanm 2025 ki vle di nou nan 361èm jou ak 52èm semèn ...
27/12/2025

Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!

=> Jodi a se Samdi 27 Desanm 2025 ki vle di nou nan 361èm jou ak 52èm semèn epi rete 4 jou pou ane a mete van nan vwèl li.

=> Jodi a se jounen entènasyonal preparasyon epidemi yo.

=> Evènman ki te pase lakay nou yon 27 Desanm, se te nan lane:

• 1806: Asanble konstitiyant lan te reyini nan pòtoprens epi adopte konstitisyon 1806 la.

=> Evènman ki te pase lòt kote sou planèt tè a yon 27 Desanm, se te nan lane:

• 1587: Sigismond III de Polòy kouwone wa Polòy ak Gran Dik nan Lityani nan vil Krakovi.

• 1703: Pòtigal ak Angletè siyen trete Methuen nan.

• 1805: Napoléon Bonaparte nome frè li a ki se Joseph, Wa Nap.

• 1822: Jou nesans Chimis ak syantifik fransè Louis Pasteur.

• 1944: Lame sovyetik la sèke Bodapès an Ongri, ke Almay te okipe.

• 1945: Bank mondyal ak fon monetè entènasyonal la (FMI) kreye.

• 1949: Rèn peyi ba a, Juliana, siyen ak souverènte endonezi a epi mete fen ak plis pase 300 lane kolonizasyon an.

• 1979: Inyon sovyetik anvayi Afganistan, prezidan Hafizullah Amin asasinen epi ranplase l pa Babrack Karmal.

=> N ap kite w ak sitasyon sa!

"La liberté c'est quand on peut disposer de son esprit".
(Didier Bacquet)

Bon Jounen ak Radio Télé Christo !

26/12/2025

Bilten meteyo Vandredi 26 Desanm 2025.

Prezantasyon: Madam Chrisnette Saint-Georges
Montaj: Kendy Cherestal
Pwodiksyon: Radio Télé Christo

https://youtu.be/72jUhLxhy-0

Pataje pou ede lòt moun enfòme!

Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!=> Jodi a se Vandredi 26 Desanm 2025 ki vle di nou nan 360èm jou ak 52èm sem...
26/12/2025

Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!

=> Jodi a se Vandredi 26 Desanm 2025 ki vle di nou nan 360èm jou ak 52èm semèn epi rete 5 jou pou ane a ranmase zafè l.

=> Pa gen okenn jounen mondyal oubyen entènasyonal ki rekonèt ofisyèlman pa ONU pou jodi 26 Desanm. Byenke nan kèk peyi, chak 26 Desanm yo selebre yon fèt yo rele "Boxing days" ki vle di "Jounen bwat".

=> Evènman ki te pase lakay yon 26 Desanm tankou jodi a, se te nan lane:

• 1997: Jou Simone Ovide Duvalier ki se te madanm François Duvalier ak Manman Jean Claude Duvalier te mouri nan peyi Lafrans kote li t ap viv depi apre li te fin kite peyi Ayiti 7 Fevriye 1986.

=> Evènman ki pase lòt kote sou planèt tè a yon 26 Desanm, se te nan lane:

• 1898: Pierre ak Marie Curie anonse, devan Akademi Syans yo, yo dekouvri radyòm ak polonyòm epi pwopoze tèm "Radyo-aktivite" a pou dekri fenomèn ki afekte kèk atom ki make kòmansman fizik nikleyè a.

• 1991: Sovyè siprèm inyon sovyetik la ansanm ak palman URSS la reyini pou dènye fwa epi kraze ofisyèlman inyon sovyetik la apre 70 lane ap fonksyone tankou rejim.

• 2003: Vil Bam nan peyi Iran frape ak yon gwo tranbleman tè (mayetid 6.5), lakoz anviwon 40000 moun mouri epi detwi konplètman sitadèl Arg-é-Bam nan ki te klase kòm patrimwàn mondyal nan UNESCO.

• 2004: Yon tranbleman tè pase anba lanmè sumatra a epi lakoz yon sounami pase nan pati sidès Azi a kote li te lakoz anviwon 220000 moun mouri.

• 2017: Ansyen foutbolè ak loreya balon dò 1995 la, George Weah, eli prezidan nan peyi Liberia.

=> N ap kite w ak sitasyon sa:

"La liberté d'aimer est le même droit que la liberté de penser; l'un répond au coeur, l'autre à l'esprit; ce sont les deux faces de la liberté de conscience".
(Victor Hugo)

Bon jounen ak ou!

Radio Télé Christo

25/12/2025

Bilten meteyo Jedi 25 Desanm 2025.

Prezantasyon: Madam Chrisnette Saint-Georges
Montaj: Kendy Cherestal
Pwodiksyon: Radio Télé Christo

https://youtu.be/ATw4dbYgDCg

Pataje pou ede lòt moun enfòme!

Adresse

Les Cayes

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Télé Christo publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Type