31/12/2025
Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!
=> Jodi a se 31 Desanm 2025 ki vle di nou nan 365èm jou, 53èm semèn epi rete sèlman kèk èdtan pou ane a vire do l bannou.
=> Pa gen okenn jounen mondyal ak entènasyonal ki ofisyèlman rekonèt pou jodi 31 Desanm nan.
=> Evènman ki te pase bò lakay nou yon 31 Desanm tankou jodi a, se te nan lane:
• 1878: Ansyen prezidan Ayisyen an, Nicolas Geffrard, mouri nan vil Kingston (Jamayik) kote li te pran egzil ak tout fanmi l.
=> Evènman ki te pase lòt kote sou planèt tè a yon 31 Desanm, se te nan lane:
• 1879: Thomas Edison fè premye demonstrasyon piblik lanp a ekandesans li ye a nan Menlo Park.
• 1946: Prezidan ameriken an, Harry S. Truman pwoklame ofisyèlman fen dezyèm gè mondyal la.
• 1963: Federasyon Afrik Santral la kraze.
• 1984: Sou prezidan Ronald Reagan, Peyi Etazini kite UNESCO. Li ta pral re-antre ladan l ankò an 2003 sou prezidan Georges Bush epi sou prezidan Donald Trump, l ap tounen soti nan òganizasyon ankò an 2018.
• 1985: Yon lane apre peyi etazini fin kite UNESCO (jou pou jou, dat pou dat), Grand Bretay wete kò l ladan l tou.
• 1987: Robert Mugabe eli prezidan nan peyi Zimbabwe.
• 1991: Gouvènman Salvadò a ak FMLN siyen yon akò lapè apre 12 lane ap batay.
• 1992: Tchekoslovaski divize pou bay Repiblik Tchèk ak Repiblik Slovak.
• 1999: Prezidan Larisi a, Boris Eltsine demisyone akoz pwoblèm sante epi chwazi Vladimir Poutine nan plas li kòm defakto.
• 2004: Viktor Ianoukovytch demisyone nan pòs premye minis la nan peyi Ikrèn.
• 2010: Estoni vin 17èm eta inyon ewopeyèn ki adopte ewo a.
• 2011: UNESCO admèt Palestin kòm eta manb.
• 2013: Etoni vin 18èm peyi inyon ewopeyèn ki adopte pwòp lajan pa l.
• 2022: Pap Benoit XVI mouri.
• 2024: Zimbabwe mete fen nan koze pèn lanmò a.
=> N ap kite w ak sitasyon sa!
"La vérité libère, le mensonge hante".
(Taha-Hassine FERHAT)
Bon jounen!
Radio Télé Christo