12/08/2026
Minis Sante Piblik la,Sinal Bertrand,fè don yon klinik dantè bay lopital HCR nan Pòsali pou rann swen dantè pi aksesib pou popilasyon an.Li lanse tou konstriksyon yon espas ijans nan menm lopital la.Dapre Minis la,se ak fon pèsonèl li li finanse toude inisyativ yo,san li pa itilize bidjè Ministè Sante Piblik la.