02/12/2025
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Ekselans Laurent Saint-Cyr, prezide jounen lendi 1ye desanm 2025 lan, yon Konsèy minis nan Viladakèy. Manm KPT yo ak Gouvènman an diskite sou plizyè sijè epi pran plizyè desizyon enpòtan pou peyi an tankou adopsyon Dekrè elektoral la.