Les amis du Môle Saint Nicolas.

Les amis du Môle Saint Nicolas. Pataje, Abòne epi like paj la tout zanmi m yo.

Modelet fertilKomin Mol Sen Nikola rekonesan pou jan w toujou pran tan pou w pale de lakay ou.Yon jèn konsekan ki toujou...
30/08/2026

Modelet fertil
Komin Mol Sen Nikola rekonesan pou jan w toujou pran tan pou w pale de lakay ou.
Yon jèn konsekan ki toujou prè pou travay ak tout jèn, ti moun, granmoun ak tout òganizasyon kominotè nan komin nan.
Nou rekonesan pou jan w ap vann komin nan Modelet Fertil.
Pa lage!
Avanse!

17/08/2026

Ansyen Depite Komin Mol Sen Nikola a fè konnen.
Yon jèn ki pa gen machin nèf, ki pa vwayaje ki pa rich pa dwe ale nan eleksyon. Kite eleksyon pou yo. Men ansanm kesyon n ap poze li:
Ki egzanp li trase kòm moun ki te eli deja o mwen pou jèn ki swete fè politik ta swiv ?
Sou manda Depite li a, kisa l te fè pou ede leta kreye bon kondisyon pou jèn yo kapab envesti nan peyi a oswa jwenn travay ?

Jodi a pa ka ht yon machine nèf, pa ka vwayaje pa gen lajan tounen yon chatiman ak yon jouman pou jèn yo.
M sonje gen yon ansyen Depite ki te di Pwofesè Mol Sen Nikola pa nonna mete pafen.

Nou pa gen chans vre.
Se yon sinyal ki mande pou reflechi anpil sou moun sa yo n ap voye al reprezante nou, yo toujou pou lajenès fè tchoul yo, joure yo, pote valiz yo.
Kale je nou jenn fanm ak jèn Gason Omòl.

07/03/2026

Enfòmasyon ki rive jwenn nou gen plis pase 22 kandida pou pòs Majistra ki konfime, 11 kandida pou pòs Depite pou komin Mol Sen Nikola.
Pa bliye, si anyen pa chanje nan konstitisyon peyi a n ap bezwen 3 majistra ak yon Dépite pou komin.

07/03/2026

Pwosesis elektoral yo ap avanse nou tout ta renmen komin Mol Sen Nikola genyen yon bon katèl majistra k ap dirije l.
Kiyès 3 manb nou swete ki vin dirije komin sa a?
Kòtfè, Dame, Sant vil Mol, Mawouj Ann pale

Adresse

Mole Saint Nicolas
Môle Saint-Nicolas
HT3310

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Les amis du Môle Saint Nicolas. publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager

Type