Mairie de Milot - Nord - Haiti

Mairie de Milot - Nord - Haiti Mairie de Milot, une mairie au service de la communauté milotienne et des zones avoisinantes...

Une nouvelle Mairie et une nouvelle police municipale pour une commune renforcée et administrée au service de la populat...
20/11/2025

Une nouvelle Mairie et une nouvelle police municipale pour une commune renforcée et administrée au service de la population milotienne.

Pa bliye : se grès kochon an ki dwe kwit kochon an. Sa vle di tout kontribyab yo dwe peye sèvis yo pou meri a bay plis sèvis. Lè Milo bèl, li fè valè nou tout.

Merci à nos partenaires 🙏🏾Yon nouvo lokal meri pou plis sèvis ✊🏾
04/11/2025

Merci à nos partenaires 🙏🏾
Yon nouvo lokal meri pou plis sèvis ✊🏾

🇭🇹 NÒT ENFÒMASYON OFISYÈL – MERI MILOMeri Milo ap enfòme popilasyon an ke, nan kad bon fonksyònman komin nan, gen kèk de...
04/11/2025

🇭🇹 NÒT ENFÒMASYON OFISYÈL – MERI MILO

Meri Milo ap enfòme popilasyon an ke, nan kad bon fonksyònman komin nan, gen kèk desizyon enpòtan ki pral pran nan jou k ap vini yo. Desizyon sa yo se pou amelyore sèvis yo epi garanti pi bon kondisyon lavi pou tout sitwayen.

Aprè analiz bidjè nou ak nesesite sèvis yo, nou konstate gen gwo difikilte pou kenbe anplwaye yo, peye yo alè, epi asire prezans chak jou nan travay. Lè yon ajan vwari nan komin nan ap touche mwens ke salè minimòm, li difisil pou mande li yon sèvis regilye ak efikas. Se youn nan rezon ki fè gen reta nan plizyè sektè nan komin nan.

Pou n amelyore sitiyasyon an, nou pral mete an aplikasyon mezi pou ranfòse koleksyon taks yo. Sa ap pèmèt nou peye anplwaye yo regilyèman, asire sèvis netwayaj, sekirite, amenajman wout, ekleraj, ak lòt sèvis kominotè. Fòk nou sonje: se grès kochon an ki kwit kochon an.

Anplis, nou vle raple popilasyon an ke Meri a fonksyone grasa kontribisyon kontribyab yo. Si w pa peye enpo lokatif, patant, otorizasyon pou konstriksyon, fonksyònman, afichaj, pa p ka gen sèvis. Se pou sa, nou swete tout moun pran responsabilite sitwayèn yo epi kolabore.

Sou kesyon lòd piblik la, Meri a pral mete Polis Minisipal la an fonksyon pou :

– Pwoteje byen piblik yo tankou twotwa, pon, espas vèt
– Regle aktivite ki mete popilasyon an an danje
– Evite konfli epi fasilite dyalòg
_ Pou evite konstriksyon anachik nan tou lè 3 seksyon yo sòti Lory (Odikap) rive jis Sitadèl.

Polis Minisipal la pa la pou konfwontasyon. Li la pou ede, oryante, ak kolabore avèk popilasyon an. Men pou li egzekite wòl li, fòk chak sitwayen respekte règleman yo.

Dènyèman, gen plent sou aktivite car wash ki ap domaje twotwa ki fèt pou pyeton yo. Meri a pral pran mezi pou pwoteje espas piblik sa yo. Nou mande tout moun konprann se pa kont pèsonn nou ye, men pou enterè tout kominote a.

Nou konstate tou gen refi pou peye taks nan plizyè zòn. Nou raple tout moun ke san taks pa gen sèvis. Nou bezwen kolaborasyon nou pou pwogrè.

Meri Milo mande popilasyon an:

– Sipò nan aplikasyon nouvo mezi yo
– Respè règleman komin nan
– Kolaborasyon ak Polis Minisipal la
– Patisipasyon nan pwoteksyon byen piblik yo

Objektif nou se mete lòd, ofri plis sèvis, epi avanse komin lan.

Nap kontinye nan dyalòg, transparans, ak respè.

Pou Milo avanse, fòk nou travay ansanm.

Popilasyon an mande sèvis, men pou gen sèvis, sa mande pou nou tout kontribye. Fòk enstitisyon Milo yo peye taks minisipal yo. Nan tan k ap vini yo, meri a pral pibliye lis enstitisyon ki peye taks yo pou popilasyon wè klè ki enstitisyon ki ede komin nan, kiyès ki pa ede komin nan.

Yon nouvo meri pou plis sèvis ✊🏾

© Mairie de Milot - Nord - Haiti

  : Lameri   pote yon klarifikasyon pa rapò a yon konfizyon kèk   Milo favorize. Yo chwazi pibliye yon imaj yon kyòs mer...
03/11/2025

: Lameri pote yon klarifikasyon pa rapò a yon konfizyon kèk Milo favorize. Yo chwazi pibliye yon imaj yon kyòs meri a gen nan antre Palè Sansousi pou jere zafè touris k ap vizite sit la, yo fè kyòs sa pase pou batiman meri Milo ak mechanste pandan meri Milo gen youn nan pi bèl batiman nan peyi. Sa kòz anpil medya nan lòt depatman ak lòt peyi ap pibliye imaj sa kòm batiman meri Milo. Lè medya sa yo fè sa, yo krache nan pwòp vè dlo yo ap bwè a, yo ap sal diyite moun Milo pou views.

N ap raple Meri Milo gen nan moman an 2 gwo batiman kòm lokal :

1. Gen youn nan batiman yo ki pentire an blan ki tou nèf ki ta dwe inogire nan mwa novanm nan.

2. Gen yon lòt batiman ki an wòch, meri a pral fè DGI kado l nan mwa novanm nan paske se nan lwaye DGI Milo ye.

Milo se yon komin ki gen plizyè patrimwàn mondyal. Lè yon moun oubyen medya sosyal ki pa respekte deyontoloji metye a pibliye yon fake news jis pou fè views, ou pa fè valè Milo ni peyi a. Sonje, paspò ki nan men w lan pote imaj Citadelle Henry a ki twouve l Milo.

Meri Milo pwofite okazyon sa pou raple tout kontribyab ak sitwayen komin nan : se grès kochon an ki dwe kwit kochon an. Lè w peye enpo lokatif, pèmi pou konstri, pèmi afichaj, pèmi fonksyònman, elatriye, ou ede meri a nan jesyon komin nan. Ayiti ka devlope si chak moun peye enpo leta yo pou meri a bay tout sèvis ki dwe bay yo. Si chak komin devlope, peyi a ka devlope.

✨ 5   nan  : Anons Enpòtan pou Jèn Milo yo Meri Milo ap bay 5 Bous Konplè nan ISTEAH Meri a ap bay 5 bous konplè pou pwo...
02/11/2025

✨ 5 nan : Anons Enpòtan pou Jèn Milo yo

Meri Milo ap bay 5 Bous Konplè nan ISTEAH

Meri a ap bay 5 bous konplè pou pwogram Lisans nan ISTEAH (Institut des Sciences, des Technologies et des Études Avancées d'Haïti).

👉 Poukisa ou dwe enterese?

Bous konplè : Yon chans inik pou etidye nan youn nan pwogram Syans ak Jeni ISTEAH yo san ou pa bezwen peye frè lekòl.

Pwogram Lisans (Premier Cycle): ISTEAH ofri divès pwogram tankou:

Jeni:
✅ Diplòm d'ingénieur informatique
✅ Diplòm d'ingénieur civil.

Syans:

Lisans nan Matematik, Matematik-Enfòmatik, Biyoloji-Chimi, elatriye.

Kondisyon Enpòtan pou Aplike :

Pou ou ka aplike, ou dwe:

✅ Yon moun enterese ki soti nan zòn Milot.
✅ Abitye peye enpo ou tout lòt taks meri ak DGI yo. Sa montre ou se yon sitwayen/sitwayèn ki respekte obligasyon fiskal li.

Kijan Pou Aplike ?

Si w enterese epi ou satisfè kondisyon yo, kontakte Meri a pandan jounen an sou WhatsApp pou plis detay sou nimewo sa +(509) 46307623 !

Programmes de premier cycle ISTEAH: Jwenn tout enfòmasyon sou pwogram yo:

https://isteah-tech.ddns.net:1091/champ-etudes/premier-cycle

Pa kite chans sa a pase! Se opòtinite ou pou fòme tèt ou nan domèn Syans ak Jeni!

19/10/2025

🏗️ en action ! Vers la du 🏪

Grâce aux démarches soutenues de la Mairesse Elicia Milfort, du Maire adjoint Thélemaque Henry Claude, du Directeur Général Phirosner Desforges et de toute l’équipe cadre de la Mairie de Milot, une première visite technique de la firme chargée de reprendre la construction du Marché de la ville de Milot a eu lieu hier, ce 18 Octobre 2024, sous le regard d'une partie de la population riveraine.

Cette étape marque un pas concret vers la modernisation de la commune et l’amélioration des services offerts à la population.

👉 Milot, une nouvelle mairie pour de nouveaux services !

Mais rappelons-le :

Pa gen bon meri si nou pa peye redevans yo ak enpo tankou permis de fonctionnement, patente, impôt locatif, permis de construire, permis d’afficher, elatriye.

🇭🇹 Milot ka youn nan pi gwo komin nan depatman an, men se grès kochon an ki pou kwit kochon an !
Ann mete men ansanm pou nou kontinye chanje figi Milo 💪

© Marc-Donald Vincent

19/10/2025

🎉 La mairesse de Milot, Élicia Milfort, a procédé à l’inauguration du Centre communautaire de santé de la Cité du Savoir, situé à Carrefour des Pères (Génipailler), en collaboration avec ISTEAH et GRAHN-Monde.

Ce centre est une réalisation de , la plus grande université haïtienne accréditée offrant des programmes de doctorat, de maîtrise et de licence.

🏰 Milot, terre d’histoire et de savoir, vous ouvre ses portes, venez investir sous la couverture de la Citadelle et la protection d’Henri Christophe !

18/10/2025

Un match à ne pas manquer à Milot sous le haut patronage du leader charismatique haïtien, Moise Jean Charles, Secrétaire Général "Parti Pitit Dessalines" 👇
https://www.facebook.com/share/v/1D27T4fuUK/

Adresse

Milot

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00

Téléphone

+(509)46307623

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Mairie de Milot - Nord - Haiti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Mairie de Milot - Nord - Haiti:

Partager