Radio pam

Appeler Itinéraire Contacter l'entreprise

Radio pam walter Dorvil
PDG de la radio d'Or Fm
90.3 Fm
Depuis, St. Calme, Miragoâne, Departement des Nippes. Tel: (509) 39300909/36217070/39478080

26/08/2026

Nan Kad Yon entèvyou Li bay Radio Lapwofesi aprè midi jedi 23 jiyè 2026 lan, Roselor Onezir, 28 lane, se non dam sa a ki genyen sèlman 3 mwa maryaj kap viv nan lokalite Masika, premyè seksyon komin Bomon, ki denonse mari li, Fanel Vilsain li di ki metel 3/4 mò tèlman li bat li.

Daprè sa li rakonte, Fanel Vilsaint, ki genyen 40 lane sou Zo bwa tèt li, rache yon dan nan bouch li, tout chache Li chache grenn dan an, Li pa wèl pou Li ta montre otorite jidisyè yo, Li di Li resevwa Yon dènye kalòt nan men maril, Fanel Vilsaint ki fèmen youn nan je li yo.

Li di akoz gwo kou li resevwa yo, kò li kouvri ak plizyè mak blesi, pandan li di l'ap bay san nan zòrèy ak nan nen li akòz vyolans mari an fè sou li.

Madam Roselor esplike li gen de (2) pitit ak Fanel Vilsain.

Li di pandan tout tan yo ansanm, li sibi anpil move tretman, men dènye agresyon an prèske koute li lavi.

Pandan entèvyou an, viktim lan te montre plizyè mak blesi li genyen sou kò li.

Li di li pa wè ditou nan youn nan je li yo ankò akoz kou mari Li ba li nan je an.

Li fè konnen li toujou santi gwo doulè nan tèt li, nan zòrèy li ak nan machwè li, sa ki fè li pa menm rive manje nòmalman.

Roselor Onezir lanse yon gwo kri pou mande otorite jidisyè ak lapolis nan komin Bomon pran dosye a oserye.

Li mande pou yo arete Fanel Vilsain pou li reponn kesyon lajistis sou zak vyolans li akizel.

Plizyè moun nan kominote Masika di yo choke devan sa yo tande ak sa yo wè sou kò dam lan.

Genyen ki mande pou otorite yo aji rapid pou evite yon lòt dram, pandan yo raple vyolans sou fanm pa dwe janm tolere.

22/08/2026
16/07/2026
11/05/2026

3Moun blese grav nan chalon Miragwàn kote yon elikoptè ki te vinn chache moun sa yo pou yo monte pòtoprens Ebyen Elikoptè ya Mal ateri sa koz 3 moun blese grav plia detay nan videyo wa

10/05/2026

Pati politik IDA fè gwo lansman li pandan li tap fête 3ane egzistans li plis detay devan kamera

04/05/2026

Agrikti ya ap Monte piwo, ansyen Depite kominn kòd defè ya Ramilus Bolivar Rankontre ak Alcide ansyen Miltè ya nan kominn payan pou gade kijan yo ka travay ansanm.
Plis detay devan kamera

Adresse

Desruisseaux
Miragoâne
7410

Téléphone

+50944353712

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio pam publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Radio pam:

Raccourcis

Partager

Catégorie