02/03/2021
SUPERSTAR ROGER MONFORT EUGÈNE (SHOUBOU) SE YON TREZÒ NASYONAL!
-------------------------------
Anpil sitwayen pa konnen non reyèl atis la ki se Roger Monfort Eugène. Men, pi fò melomàn yo konnen li sou non Shoubou, non atis li depi plis pase 50 lane.
Si nap gade nan foto yo na konprann lè yon superstar adòpte w kòm yon ti frè,sa pa yon jwèt,menm kòl ou se li ki oblije byen ranjel pou ou anvan w pran lari a.
Nou ta bezwen ekri yon liv pou n ta dekri trezò nasyonal sila ki soti nan Pòtpè, ki sot dekole la a apre yon siksè triyonfal pou kanaval nasyonal 2021 an ki dewoule nan vil sa a pandan twa jou 14, 15 ak 16 fevriye. Nap kite travay sa pou ekriven kiltirèl yo kap rezève yon plas pou vrè ikon sila san manke yon ti kras.
Shoubou se yon atis ki renmen lapè, sepa par aksidan l te fèt nan vil lapè a ki toujou rete senbòl nasyonal la.
Li se youn nan gran sipè vedèt yo ki kontribitè nan siksè Tabou Combo. Konpozitè, aranjè, chantè eksepsyonèl, li pa gen dwa janm rete nan tiwa oubliye piske Shoubou rete vivan nan kè tout melomàn bon mizik.
Sa ki fèm pi fyè de Shoubou, li pa janm ezite trete mwen menm pèsonèlman tankou yon ti frè. Nan tout vi m, Shoubou se inik moun mwen rive lakay li ki envite m pran yon ver, e mwen pranl avèk plezi.
Fòk mwen di tou,kote Shoubou te abite ak dèfen madanm li Mireille nan "Freak Street" la,misye te gen yon bar kote ou te jwenn tou kalite bwason de gran kalib.
Se yon atis chantè vedèt ki byen ne paske fason li chante a pwouve diferans lan e l kenbe prensip li san devyasyon.
Anpil moun ayisyen kòm etranje ki patisipe nan prestasyon Tabou Combo, yo ale pou wè atis-chantè a nan evolisyon li. Mwen konnen ekzateman sa map pale la a.
Li se yon gwo moso nan Tabou Combo tankou tout lòt yo ki fòme yon sèl djazz la pou satisfè tout Ayisyen e etranje tou ki apresye rit Tabou Combo a.
Pou moun ki tap suiv.Pandan dezyèm jou kanaval la, Prezidan Jovnèl Moyiz te soti pou l te salye mizisyen yo sou char a, spesyalman Shoubou pou patisipasyon yo nan mouvman nasyonal la .
Yon jès ki pwouve lanmou prezidan peyi a genyen pou vedèt ayisyen nou yo. Nan dènye jou a, Shoubou twouve li nòmal pou l prezante respè l tou, li desann cha a pou l al salye prezidan an resipwòkman.
Sa sete bèl bagay nou pa wè souvan, antouka pa nan peyi Ayiti.
Si memwa m pa reyèlman fè m defo, Shoubou patisipe nan plis pase 40 albòm delivre par Tabou Conbo pandan 52 an fondasyon òkès la. Sa pwouve kòman disiplin ki devlope nan sen gwoup la ke m felisite pou travay enpekab sa a.
Map felisite papa ak manman Shoubou ki te penmèt li patisipe kòm manm nan koral Frère Instruction Chretienne nan vil natal li Pòtpè ki te ba li tout nosyon pou delibere vwa l kòm souprano ou alto pandan 5 an.
Se sa ki reyèlman fè bote yon sitwayen lè w aprann byen pou delivre ba lòt yo tou. Shoubou se yon echantiyon inivèsèl, atis ki pote Ayiti sou kè l « Ayiti, mwen kontan wè w… »
Depi nan Bebe Paramount nan peyi Ayiti pou rive jounen jodi a nan mond mizikal la, Shoubou pa janm rate okazyon pou l pote bon bagay an pasan par « Bese ba » pou ale « Aux antilles, Ewòp, Amerik » e retounen ak tout savè twopikal la pou satisfè fanatik yo nan Monte pi wo.
Ke Gran Mèt la toujou akonpaye w nan trajektwa w e ba w sante ki se mwayen ideyal la pou mennen ti vi w san pwoblèm e san kontraryete ! Djakout #1 Noulive Média TV57.