Nippes a l'Honneur

Nippes a l'Honneur Nou kreye paj sa pou ankouraje tout moun bon travay sou rezo yo, pa neglije abòne, pataje, kòmante epi like post yo

M tèlman ri lè m tande oubyen lè m wè yon moun ap fè diskisyon de PHTK ak LAVALAS, swa li di PHTK fè peyi a plis mal ke ...
19/10/2025

M tèlman ri lè m tande oubyen lè m wè yon moun ap fè diskisyon de PHTK ak LAVALAS, swa li di PHTK fè peyi a plis mal ke LAVALAS konsènan de banditism, oubyen LAVALAS fè peyi a plis mal ke PHTK...

Pou m klè ak tèt mwen, si w vle konnen reyèlman konbyen kò oubyen gwoup gang ki genyen ayiti, ou ka senpleman reyini tout pati politik ayiti yo mande yo konbyen yo chak genyen...
Peyi d'HAYTI twouve l nan yon enpas, kote tout koupab ap chèche blanchi tèt yo epi eseye lage fado pa yo a sou do yon lòt ki deja gen menm fado avè l, koz tout koupab.

Se klè sou 10 dènye ane ki sot pase la yo PHTK fini ak ti rès la, men ann serye nan sitasyon HAYTI ye la, se pa yon sèl otè ki komèt krim nan. Ni OPL, ni pitit desalin, ni boukliye, ni SDP, ni LAVALAS, ni PHTK... yo tout gen pyon pa yo, yo chak jwe wòl pa yo nan met peyi a nan nivo sa.

Pou dènye moman sa yo se yon kesyon kote, PHTK ap di se LAVALAS ki fini ak peyi nan nivo sa. Ok si nou klè ke se LAVALAS vrèman, pou kisa pandan 10 an nou te fè ap domine a nou pa t janm entante okenn aksyon an jistis dèyè yon grenn politisyen pou pi piti ladan yo tout, pou yo te vin esplike nou. Sou administrasyon nou an, te gen Anel Joseph, Ti je, Bongòy... Se sou administrasyon nou yo, peyi a konn majorite pi gwo zak banditism yo, anpil teritwa pèdi. Peyi a divize an 2 gwo pati, kote pòtoprens se yon nan ra fwontyè ki plis enpratikab nan lemond.

LAVALAS bò kote pal ap di se PHTK ki vini ak kesyon bandi legal...
Menm lavalas sa a ki te kreye lame timanchét, lame wouj, balewouze, kanibal, dòmi nan bwa, ramikòs. Ki te kreye Labanierre, Amiaud Meteyer, Une b***e a la tête, 12, Ronald Cadave, Amaral Diclona.

Donk Ni lavalas, ni PHTK , AAA, Fuzion, OpL , SDP, Matris, UNI, Tout se menm. Yo tout konplis nan eta HAYTI devni jodi a.

Nippes a l'Honneur

Administrasyon Jeneral Dwàn (AGD) fè konnen Dwàn Miragwàn reyalize yon ogmantasyon enpòtan nan resèt li yo, soti 29 mily...
19/10/2025

Administrasyon Jeneral Dwàn (AGD) fè konnen Dwàn Miragwàn reyalize yon ogmantasyon enpòtan nan resèt li yo, soti 29 milyon pou rive prèske 150 milyon goud nan 6 dènye mwa yo. Sa reprezante yon randman ki ta dwe fyète pou tout Miragwanè, malgre presyon ak mezi sevè ki egzèse sou komèsan yo.

Daprè analiz kontab ak espesyalis fiskal yo, pou yon sosyete devlope, li enpòtan pou popilasyon an kontribye ekonomikman atravè aktivite ki bay resous nesesè pou sèvis piblik.

Nan sousi pou revandike kontribisyon Miragwàn nan asyèt leta, Jenès Miragwàn Konekte (JMK) ansanm ak Jenès Tirivyè Konekte mete tèt yo ansanm pou elaji revandikasyon pèp la:

1. Demisyon imedya epi arestasyon Katèl Majistra Miragwàn ak Tirivyè, poutèt move jesyon ak pratik koripsyon.

2. Elektrifikasyon pou Awondisman Miragwàn lan an jeneral.

3. Rekonstriksyon twonson wout Bèken – Chalon, ki se yon aks vital pou zòn nan.

JMK raple ke resous Dwàn Miragwàn pwodwi yo dwe tounen nan fòm sèvis dirèk pou benefis popilasyon NIP la.

N.B: Katèl Meri Miragwàn deja sou wout tonbe. JMK ap kontinye ak demach pou mete lajistis sou dosye 3 manm katèl sa yo ansanm ak madanm ki te enplike nan kolekte lajan ilegal nan baryè APN san resi legal ni dokiman jistifikatif la.

Semèn sa mobilizasyon yo ap kontinye ak plis fòs pou fè tout revandikasyon sa yo tounen reyalite.

Biwo Kominikasyon Jenès Miragwàn Konekte

✍🏾 Jenès Miragwàn Konekte

Adresse

Miragoâne

Téléphone

+50948679963

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Nippes a l'Honneur publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager