24/02/2025
📌Prezidan Ameriken an fè deklarasyon sa a, samdi 22 fevriye 2025 lan, nan kad konferans CPAC, ki se « Conservative Political Action ». « Semèn sa a, mwen kanpe estati pwoteksyon tanporè TPS pou migran ki soti Ayiti yo », se sa Donald Trump deklare. Prezidan an di, Ayisyen yo vini nan peyi a pa pil e pa pakèt, e fè konnen, « si li pat eli Prezidan, patap gen moun ankò an Ayiti » | ACYN, Getty Images