Haïti Découverte

Haïti Découverte A travers cette page nous vous aidons à découvrir Haïti, sa culture et ses sites touristiques.

Si pye’w poudré menm jan ak Haïti Découverte vinn dim : 1- Nan ki depatman legliz sa ye ?2- Kijan kominn nan rele ?3- Ki...
06/06/2026

Si pye’w poudré menm jan ak Haïti Découverte vinn dim :

1- Nan ki depatman legliz sa ye ?
2- Kijan kominn nan rele ?
3- Kijan Saint Patron an rele ?
4- Ki dat yo fete ?





Aksidan SikilasyonJodi dimanch 24 Me 2026,Yon gwo aksidan sikilasyon rive sou Wout Nasyonal  #6 la, anfas Université de ...
25/05/2026

Aksidan Sikilasyon

Jodi dimanch 24 Me 2026,
Yon gwo aksidan sikilasyon rive sou Wout Nasyonal #6 la, anfas Université de Limonade, kote yon jèn gason pèdi lavi li.

Daprè kèk moun nan lokalite Ti Koulin, viktim nan ta rele Diedovens Blanc. Selon enfòmasyon yo, se yon machin ki frape li pandan li te sou yon motosiklèt, pandan li tap pran direksyon Limonad.

Haiti Decouverte







Campus Henry Christophe de Limonade CHCL

Se ak anpil tristès nou aprann nouvèl lanmò Pwofesè Bernard Brousseau, yon pwofesè matematik INAGHEI ki te make lavi anp...
21/05/2026

Se ak anpil tristès nou aprann nouvèl lanmò Pwofesè Bernard Brousseau, yon pwofesè matematik INAGHEI ki te make lavi anpil etidyan ak kòlèg pa disiplin li, pasyon li pou ansèyman, ak devouman li.

Depa sa a se yon gwo pèt pou kominote inivèsitè a ak pou peyi a an jeneral. Nan yon moman kote ensekirite ap kontinye frape fanmi ak enstitisyon yo, nou dwe kontinye leve vwa nou pou lavi ak lapè genyen plis valè.

Nou prezante senpati nou ak fanmi pwofesè a, zanmi li yo, etidyan li yo, ansanm ak tout kominote INAGHEI.

Repoze an pè, Pwofesè Bernard Brousseau.





Kite yon ti mo, yon coeur, yon partage pou Cemuchca
21/05/2026

Kite yon ti mo, yon coeur, yon partage pou Cemuchca



Nan okazyon selebrasyon 18 Me 2026 la, Haiti Découverte vle mete respè ak rekonesans devan nom 2 Maestro sa yo ki make l...
20/05/2026

Nan okazyon selebrasyon 18 Me 2026 la, Haiti Découverte vle mete respè ak rekonesans devan nom 2 Maestro sa yo ki make lespri anpil moun atravè Grand Nò peyi a.

Yo pa sèlman jwe mizik; yo pote disiplin, pasyon, lidèchip ak fyète nan sèvis jenès la ak kilti nou. Prezans yo, enèji yo ak travay yo pandan selebrasyon sa yo rive touche anpil kominote epi kite yon bèl enpresyon nan kè anpil moun.

🎖️ Maestro KOLY — ANNEXE GRAND RIVIÈRE
🎖️ Maestro TCHOUPY — ANNEXE OCCIDE JEANTY

Nou salye devouman nou, efò nou ak enpak nou kontinye genyen sou jenerasyon kap vini yo. Nou se vrè poto mitan CEMUCHCA, e nou montre ak aksyon nou sa sa vle di sèvi ak fyète.

Grand Nò a wè nou. Grand Nò a apresye nou. Kontinye klere epi enspire.

Chapo ba Maestro yo!

Cemuchca



18/05/2026

Jodi a, Trou-du-Nord ap viv nan koulè fyète ak patriyotis pandan selebrasyon fèt drapo ayisyen an 18 me 2026 la.

Yon jounen espesyal pou onore listwa nou, idantite nou ak fòs pèp ayisyen an.

Ann leve drapo nou byen wo, ann selebre kilti nou ak lespri inite ki fè n fò kòm pèp.

Bonne fête du drapeau à tous !





Foire du Livre – 3e ÉditionAbricot Librairie ap envite piblik la patisipe nan yon gwo "Foire du Livre" ki òganize nan ka...
05/05/2026

Foire du Livre – 3e Édition

Abricot Librairie ap envite piblik la patisipe nan yon gwo "Foire du Livre" ki òganize nan kad yon "konkou redaksyon". Aktivite a ap fèt samdi 09 me 2026 a 10:00 AM, HINCHE, nan Complexe éducatif du Sacré-Cœur, ki chita nan Bois Verna.

Pandan jounen an, plizyè liv ap disponib, espesyalman zèv ekriven tankou René Depestre, Gary Victor, Marc Exavier, Smeev Jerry, Rev Romel Eustache ak Beaudelais Denoyer.

Se yon bèl okazyon pou dekouvri literati ayisyèn, ankouraje lekti, epi sipòte otè yo.

Pou plis enfòmasyon: +509 3743-9846 / 4256-7597 / 4381-0851

Lire, c’est grandir.







Valdie Vilgrain

Ariana Milagro Lafond Envesti 1,310,000 Goud Nan Avni Jenès Ayisyèn...Nan kad angajman li te pran anvè jenès la, Ariana ...
05/05/2026

Ariana Milagro Lafond Envesti 1,310,000 Goud Nan Avni Jenès Ayisyèn...

Nan kad angajman li te pran anvè jenès la, Ariana fè yon gwo pa konkrè nan direksyon devlopman kapasite pwofesyonèl yo, avèk remiz 1,310,000 goud bay antrepriz EYYYOMAX, pou asire fòmasyon 200 jèn nan domèn penti atizanal.

Se plis pase yon finansman; se yon envestisman dirèk nan talan, kreyativite ak avni yon jenerasyon kap chèche opòtinite pou leve kanpe ak diyite atravè aprantisaj yon metye.

Fòme jèn yo, se bati demen. Sipòte kapasite yo, se louvri pòt devlopman.

Haïti Découverte salye inisyativ sa a ki mete aksyon devan pawòl, epi ki bay espwa yon nouvo dinamik pou jenès la.







Adresse

Mirebalais
HT5210

Téléphone

+50936245758

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Haïti Découverte publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Haïti Découverte:

Partager