MFD - Mont-Organisé Forum Développement

MFD - Mont-Organisé Forum Développement Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de MFD - Mont-Organisé Forum Développement, Mont Organisé.

MFD se yon mouvman sosyo-kominotè andojèn modèn Pitit Ganize mete kanpe depi Septanm 2016 pou KONEKTE tout Salyen yo, APIYE e AKONPAYE Lameri, Oganizasyon lokal yo ansanm ak tout moun Ganize

MFD ankouraje tout moun fè anpil pwidans nan sezon siklonik la ki komanse premye jen pou rive 30 novanm ane 2025 lan.
02/06/2025

MFD ankouraje tout moun fè anpil pwidans nan sezon siklonik la ki komanse premye jen pou rive 30 novanm ane 2025 lan.

FWA avèk PODSEMO nan Montòganize 1e Me 2025 lan
01/05/2025

FWA avèk PODSEMO nan Montòganize 1e Me 2025 lan

27/04/2025

SENPATI POU FANMIY DIEU-DIT ARISTIL

MFD voye senpati li bay Fanmiy Aristil, Fanmiy Toussaint, Baz St Michel, gran fanmiy la Jistis nan komin nan, nan okazyon depa sanzatann Mesye Dieu-Dit Aristil maten 26 Me a pandan fineray yon lòt Ikòn Komin nan, Micheline Bastien Desravins, tap chante nan lapenn nan Legliz Batis Ganize a.

Disparisyon an kaskad sa yo atire atansyon nou pi plis sou frajilite ak enpreviziblite lavi a. Evènman sa yo atire atansyon nou sou nesesite pou nou ranfòse Solidarite ak anpati (lapenn oubyen kè kontan w se lapenn ou byen kè kontan m) antre nou nan komin nan. Nou tout nan yon sèl klas, Pwofesè a ap fè apèl. L ap chwazi non yo toupatou nan lis la kote l vle: anwo, anba, nan mitan. Anyen pa sou kontwòl nou vrèman.

Pandan n ap respire toujou a, ann kontinye ranpli devwa sitwayen responsab nou, devwa papa ak manman ki sousye de fanmiy yo, devwa Kominotè kotidyen nou, devwa Kwayan onèt nou, devwa bon vwazen nou, devwa de zanmi kredib nou, devwa Salyen Otantik nou, pou nou pa ale ak okenn remò konsyans, okenn regrè de neglijans ak kòkrazis.

Ann kontinye suiv oubyen enspire nou sou bon egzanp respè ak imanite, bon egzanp anpati ak solidarite Micheline ak Dieudy e lot ki ale deja kite pou nou nan katye yo tap viv.

MFD voye kondoleyans li bay Madan Dieu-Dit, Altagrace Toussaint, ki se yon manm forum nan, ak pitit fanmiy nan, ansanm ak Mèt Toussaint e Mèt Wilner ki se bòfrè Dieu-Dit. MFD voye senpati li tou bay Baz St Michel ak Staf Tribinal de Pè Ganize a.

Que l'âme de Monsieur Dieu-Dit repose en paix!

18/04/2025

TI KOZE MONTÒGANIZE AK MFD

Bon, Komin nan pa kanpe:

Travay Pwojè Betonaj Mòn nan rekòmanse, malgre lapli a pa fin dakò sa.

Enskripsyon pou abone kouran yo kòmanse, malgre lapli a anpeche moun yo soti al peye nan Kès KPSEK la (sèl fason pou sistèm nou an repare lè l pran yon pàn oswa lè yon aparèy mande ranplase se peye kouran nap itilize a, sinon se pou kèk jou li la).

Demach yo pou wout la pa kanpe.

Teacher René, Kòmandan Ignace, Direktè Wilner, Majis Desta, MètJean Soule, Majis Silvio, Ing Fanfan, Junior Alectine pap dòmi.

Asenisman Montòganize se yon devwa pou nou tout pitit komin nan. Depi 5 lane, lamèri komin nan pa resevwa lajan leta san...
15/04/2025

Asenisman Montòganize se yon devwa pou nou tout pitit komin nan.

Depi 5 lane, lamèri komin nan pa resevwa lajan leta santral, akòz enstabilite politik ki genyen nan peyi a. Sèvis Vwari a pa kontinye e pa genyen zouti Netwayaj, ni pou peye ouvriye Vwari yo. Sèvis la bezwen yon apui ak zouti.

Kèk gwoup nan komin nan bay yon koutmen tanzantan nan netwaye kèk zòn. Yo bezwen yon apui ak kèk zouti.

Se rezon sa yo ki jistifye fich Pwojè zouti sa.

Patisipe janw kapab kòm sitwayen ak zanmi komin nan.

02/05/2024

Yon kout je sou jan 1er Me 2024 la te ye nan Montòganize.

Gade foto yo pou w wè si w Renmen Fòmasyon-Wikenn Enfòmatik ak Kizin K ap fèt pou jèn ak lot moun nan Bibliyotèk BMML-MO...
24/04/2024

Gade foto yo pou w wè si w Renmen Fòmasyon-Wikenn Enfòmatik ak Kizin K ap fèt pou jèn ak lot moun nan Bibliyotèk BMML-MO a ?

Genyen yon pwoblèm chèz. Pwogram nan gen 120 jèn Etidyan. "men yo Bezwen 60 grenn chèz.

Chak grenn chèz koute 700 goud.

Si w kapab finanse yon kantite nan chèz sa yo pou w Sipòte Initiative la, Rele Ing Dédier Antoine.

Si w ta anvi kontribye nan ofri yon pitit Ganize ki manke mwayen yon metye, 15,000 Goud kapab, jis kontakte staff CHFAEM...
18/02/2024

Si w ta anvi kontribye nan ofri yon pitit Ganize ki manke mwayen yon metye, 15,000 Goud kapab, jis kontakte staff CHFAEM nan.

13/02/2024

Me Fanfa k ap fe koze nan Peyi a!
Fanfare Adonai de Mont-Organise (FAM). Sipote l, li bezwen plis materyel.
An n Like epi pataje ti video sa pou FAM twouve don Materyel li bezwen yo pandan plis moun ap we kisa li bezwen nan video.

10/02/2024

Yon like yon pataj si w renmen vil Montòganize. Ou menm ki poko te genyen chans monte sou tèt mòn ki twouve l a 600 mèt altitid e jiska 800 pou kèk kote ladan, pwofite lave je w.

14/08/2022

Jou ki te 07 Out 2022 Centre Haïtien De Formation Agricole et Entreprenariat de Mont-Organisé (CHFAEM) gradye 29 etidyan (21 nan teknik agrikòl ak 8 nan kosmetoloji.
Kisa y ap kapab fè aprè fòmasyon an kòm sèvis, Kòm travay?

Konpetans spesyal CHFAEM ba yo se:

-Teknik Amelyore nan pwodiksyon vejetal ak prodiksyon animal.

- Teknik ak prensip Elaborasyon ak jesyon pwojè.

- Prensip ak Teknik Planifikasyon ak jesyon Antrepriz

-Teknik Montaj Plan dafè ak Analiz Finansyè.

Apre fòmasyon an, 21 Gradye yo ap kapab:

-Ankadre agrikiltè yo, fè enplantasyon pepinyè tout kalite, fè miltiplikasyon vejetal tout jan,

- Fè Elvaj poulè de chè.

-Monte ak Jere Pwojè tout kalite.

-Monte ak Jere Antrepriz tout kalite.

-Elabore Tout kalite Plan dafè.

- Appui-Konsèy a moun nan komin nan ak nan Dyaspora a ki vle envesti nan sektè Agrikòl la oubyen ki vle kreye lòt Antrepriz.

Felisitasyon espesyal pou Agwonòm Agnès ak lòt kolaboratè li ye.

MFD - Mont-Organisé Forum Développement kontinye konte sou kontribisyon chak moun pou nou rive nan komin referans nou reve a.

16/07/2022

Rejoignez "Mont-Organisé Forum de Développement" sur Whatsapp pour recevoir des séances de formation continue gratuities!
Les sujets en cours:
1- La Résilience (une thématique très en vogue dans les projets) avec Agr Guito Michel

2- Avant le mot du droit (pour mieux vous protéger et vous défendre dans la vie quotidienne) avec Me Jacqueçon Toussaint

3- Let's speak Anglais beton an (pour renforcer votre anglais courant) avec Teacher René

4- L'Education Financière (pour prendre les meilleures décisions relatives à votre progrès économique) avec le Gestionnaire Roobens Marcellus

Adresse

Mont Organisé
HT2230

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque MFD - Mont-Organisé Forum Développement publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager