21/12/2025
Bonjou😊,
Nou sot fini premye semèn konkou QPS la, e n ap antre nan yon nouvo semèn. Pa gen match jodi dimanch 21 Desanm nan, men demen Lendi, n ap gen yon jounen ki chaje ak gwo afich :
- Inivè vs Boukman
- Tousen vs FIC
- Pratik di Nò vs Imakile Konsepsyon
- Kolèj Letwal vs Sent Kwa
A tout moun ki deja bay sipò yo, mèsi anpil.
Pou sila yo ki poko fè sa, nou toujou konte sou nou.
QPS se yon gwo pwojè edikatif ki mande anpil mwayen. Chak ane, lè konkou a fini, òganizasyon an toujou fè fas ak anpil depans. Se pa paske pa gen bon jesyon non, men se paske Mhatrix ki òganize QPS se yon òganizasyon san bi likratif, e frè yo toujou depase sa n ranmase.
Pou edisyon sa a, nou resevwa plizyè lekòl ki sòti deyò vil la. Òganizasyon MhatriX pran responsablite total pou transpò ale-retou, ebèjman, manje, kouran, prim, elatriye. Pandan se tan, frè enskripsyon yon lekòl pa menm rive 25 000 goud, yon montan ki pa ka kouvri 10 jou konpetisyon an ak tout chaj sa yo.
Malgre sa, nou kontinye, paske vizyon QPS la pi gran pase lajan. Nou kwè nan fòmasyon lespri jèn yo, nan lanmou pou liv, nan valè konesans. Se pou sa sakrifis la enòm.
Ou ka sipòte QPS plizyè fason :
- Plan First-Class
- Transpò
- Ebèjman
- Prim
Sipò finansye, materyèl oswa imateryèl, nenpòt fòm sipò konte, e nou konsidere l kòm yon gwo jès. Ou ka bay lè w vle, menm apre konpetisyon an, pa gen prese.
Mèsi dèske w pran tan pou li mesaj sa a.
Ansanm, n ap ede konstwi lanmou liv ak konesans lakay jèn yo. 🙏🏾🫶🏽
Mesaj sa a rive jwenn yon kantite moun ki seleksyone.
_Koòdinasyon Près-Maketin QPS25✍🏽_