31/08/2026
Jalouzi FC vs Kajou FC
Yon Istwa
Pa gen okenn rankont, okenn inyon, dezinyon, viktwa, defèt, echèk, reyisit ki fèt pa aza. Anpil moun kwè nan chans, gen kèk moun ki p kwè, konsa tou genyen ki di chans egziste men se ou ki pou pwovoke l, paske si yo ta di m kèk ane avan sa ke nan Jalouzi pral gen 2 ekip, m te ka diskite men dim ke ekip sa tap rele Kajou FC e li tap rasanble mezi jwè ke Jalouzi FC pat konn fè konfyans pou jwe pou li yo e ap fè yon pi bèl figi nan chanpyona m tap di sa tap yon gwo aza, yon gwo kout chans.
Ann gade kote koze sa soti, katye a rele Jalouzi e Nankajou, jan nou toujou rele l, se yon pati anndan katye a, menm jan gen Tchytchyeni, Stenyo.
Nankajou paske nan anviwonnay la, chaje ak pye kajou tout kote, e sitou nan tout katye sinon tout zòn nan te ka rele konsa menm.
Tout ti jèn ki grandi Nankajou se tijèn Jalouzi, tout kote li ale avan tou se Jalouzi li al reprezante e pa Nankajou. E nan zafè reprezantasyon Jalouzi gen anpil talan pou sa, sitou nan foutbòl.
Men yo toujou di pwofèt pa janm byen akeyi nan peyi l, se nan konsa anpil jwè Jalouzi pa janm rive reprezante ekip Jalouzi FC a nan chanpyona katye ki konn fèt Sent Terèz. Poukisa ? Paske dirijan ekip Jalouzi yo toujou rete kwè jwè Jalouzi manke eksperyans e prefere lòt jwè ki abitye jwe gran chanpyona nasyonal, nou ta ka rele mèsenè.
Pafwa sa pote rezilta paske yo te chanpyon an 2021 men anpil moun jije ke gen plis echèk ke viktwa nan vizyon sa e menm yon fwa yo ta ka bay jèn Jalouzi yo chans yo.
Sa pa janm rive fèt, pafwa yo kòmanse 2 match men apresa Mèsenè yo debake e tout ti sòlda swa ale sou ban oubyen retounen lakay yo. Yo pa menm ba yo chans echwe, se petèt pou sa yo patap janm konnen si yo tap ka chanpyon ak yo.
Ebyen ti sòlda sa yo, pafwa al jwe pou lòt ekip, men ane sa pou tou premye fwa ti sòlda sa yo rasanble Nankajou e fòme yon lame ki rele Kajou FC. Se la efori a komanse.
Sa te siprann anpil moun, paske moun Jalouzi, malgre yo te konn genyen, yo te konn santi se pa pitit yo ki genyen vre, se pa frè yo, se pa ti zanmi katye yo a yo konn ap jwe, manje pate, bwè ji avè l la, men yon seri jwè ki soti lòt kote vin reprezante youn nan pi gran bidonvil ki gen nan peyi a.
Ebyen jan yo di nan franse a " le hasard fait bien les choses " paske jodi 31 Dawout la nan Pak Sent Terèz la, a 7è nan aswè ekip Jalouzi FC a pral kwaze lepe ak ekip Kajou FC a, mèsenè kont ti sòlda yo.
Men dapre yon sous nou ka fè konfyans, akoz ensekirite yo deplasman mèsenè yo pa fasil, e jewografikman Sent Terèz a anviwon 10 minit de Jalouzi, sa ki pa deranje fanatik yo ak ekip Jalouzi FC a, donk si gon ekip li prepare pita, se ekip Kajou FC a, se ti sòlda yo men pa bliye.
Granmoun rete granmoun.
✍🏾 Marc Chéry