
26/10/2023
PATISIPAN # 11
SOUVERÈNTE N SE SENBÒL DINYITE N
Otè: DJIBENS fils de lettres
Miz an paj: Graphic Up
Lundi 23 Octobre 2023 4:20Pm
Au nom du Slam, de la poésie et de l'écriture
Au nom de moi, au nom de vous et au nom de ce que je vais vous dire
Au nom de mon pays, au nom de ma souveraineté, au nom de ma dignité et au nom de ce que je vais décrire
Si nou mande nou pa jwenn
Petèt nou ka mal mande
E mande nou mal
De mach en mal
Petèt mwen ka mal komanse, e nou mèt komante
demanch lan ka mal
Son tit ki riske, son risk e pou m komanse byen e mal fini
Pa vle tit lan vole tankou malfini
Mwen pa vle mal vini e sak fè map vini dirèk
Pou mwen fòw konprann e pa konfonn tit sa
E pran san w, pran tan w pou nou tande sa m pral di n la
Souverènte n se identite n
Dinyite n rive identifye l
Se tris pou bote peyi n kap pati kite n
Patikilye a se pratik nou kite a
Renmen peyi n se taktik nou bliye a
Nous sommes un peuple libre nou toujou ap di sa
Egzistans nou makonnen ak listwa n
Souverènte n se senbòl dinyite n sa dwe ekri nan liv dwan
Nou dwe fyè e pa kyè de sa nou ye
Libete fè n gen matirite.....pou yo pa matirize n
se matris nou li ye ki ba nou dinyite
Abibi KPK e sa nou vle montre
Nou se yon pèp istwa l se yon lejand
Être un Haïtien ta dwe yon egzanp
Viv en Ayiti pa ta dwe yon fado
Ni se pa koulè po nou, kit nou pòv kit nou rich tou
Ann nou mete tèt ansanm fè Ayiti tounen nich nou
Nou dwe fyè de sa nou ye e de se sa n pral ye
Nou dwe fyè de richè nou
Fyè de peyi
E leta n ki fè n mal, SOUVERÈNTE N se senbòl DINYITE N sa dwe chwa nou tout
Si peyi ap byen galope li dwe chwal nou tout
Se sifi pou nou sibi
Nap siviv menm si l ta gen pri
Na p kanpe, nap batay
Nap plante, nap travay
Nap vanse, fouye kanal
Nap edike, no vyolans, no zam
Nap fyè, nou pap kyè
Nap prè pou nou dit oui Haïti va changer
Pou nou pran SOUVERÈNTE N pou nou fè li mache ak dinyite n
ÉMERGENCE PATRIOTIQUE map tou profite felisite'n
An nou fè menm jan ak yo pou SOUVERÈNTE N kap senbòl DINYITE N.
DJIBENS Fils de lettres