10/05/2026
Nan kè 12èm seksyon Tigwav, sou bèl plato Reno,
lanati chante dous tankou yon manman k ap bay pitit li repo.
Dlo a ap koule trankil sou wòch yo,
tankou lanmou ki pa bezwen fè bri pou l egziste vre.
Epi gen lòt lanmou ki tankou wòch yo…
yo pran anpil kou, anpil lapli,
men yo toujou rete la.
Paske lè santiman reyèl,
tan pa ka kraze l fasil.
Pyebwa yo lonje bra yo anlè dlo a
tankou de moun ki renmen youn lòt san kondisyon,
rasin yo kole ak tè a menm jan ak yon kè
ki jwenn yon lòt kè pou l poze doulè li.
Lè van an pase nan fèy yo,
ou santi se lanati menm k ap priye pou lapè,
paske nan ti kwen sa a,
tout tristès sanble pèdi chemen li.
Dlo fre sa a pa sèlman lave wòch yo,
li lave panse moun tou,
li raple nou lanmou pa nan bri ak aparans,
men nan kalm, respè, ak fidelite.
Paske pafwa…
pi bèl relasyon an se pa sila ki fè plis bri a,
men sila ki bay kè w menm kalm menm jan ti kaskad sa a
Plato Reno se pa sèlman yon zòn,
se yon ti moso paradi Bondye kite sou tè a,
kote lanati kenbe men lanmou
pou montre moun kijan lavi kapab bèl lè kè yo pwòp.
Si mwen te ka chwazi yon kote pou m rakonte kè mwen,
mwen t ap chita bò kaskad sa a,
kite dlo a pale pou mwen,
paske chak gout li lage ta di w:
“Nan mitan tout dezòd lavi a,
se ou ki pi bèl kalm mwen.”✍🏾