29/05/2026
Tigwav : Mobilizasyon anonse pou mande jistis pou jounalis Adams ISMO
Yon afich kap sikile sou rezo sosyal yo anonse twa (3) jou mobilizasyon nan komin Tigwav pou mande jistis pou jounalis Adams ISMO, ki mouri aprè plizyè mwa detansyon.
Daprè enfòmasyon ki sou afich la, mobilizasyon yo ap dewoule lendi 1e jen, madi 2 jen ak mèkredi 3 jen 2026.
Òganizatè yo esplike objektif mouvman sa yo se kontinye mete presyon sou otorite yo pou limyè fèt sou lanmò jounalis la ak sou tout sikonstans ki antoure dosye a.
Nan afich sa yo anonse yo pral mande Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ), Ministè Jistis ak Primati pran responsablite yo fas ak dosye a, pandan yo egzije yon ankèt serye ak transparan.
Toujou daprè afich la, popilasyon an pral mande arestasyon plizyè moun, pami yo Alcide Laguerre, Fritzner Duclair ak Jacky Jean, ke kèk moun prezante kòm moun ki ta dwe reponn kesyon lajistis nan kad afè sa.
Mobilizasyon sa yo prevwa fèt nan plizyè zòn nan Tigwav, kote anpil sitwayen deja ap manifeste endiyasyon yo depi aprè lanmò Adams ISMO, yon dosye ki kontinye soulve gwo kesyon nan opinyon piblik la.