Radio Brasilia Fm

Radio Brasilia Fm Bienvenue sur la page officielle Radio Brasilia Fm https://www.youtube.com/ follow your Chanel

Aprè pasaj yon ond tropikal nn aprè  midi jodi 02 dawout nan depatman Artibonite, men kòman prizon sivil Gonayiv lan ye.
03/09/2026

Aprè pasaj yon ond tropikal nn aprè midi jodi 02 dawout nan depatman Artibonite, men kòman prizon sivil Gonayiv lan ye.

03/09/2026

Selon yon sous nou fè anpil konfyans ta sanble militan politik la ki Louberson Benjamin alyas ti Youri pran nan yon konplo byen kalkile ak byn monte. Nan depatman lwès la vin gen yon pratik kounya depi se yon jèn ki vle bride yon pòs elektif ,yo jis fè yon konplo mete manda deyèl pou lagel yon kote.Rezo sa byn monte,Gade sa menm rezo malfwa sa yo fè pwofèt Markenson.Mw swete chache kraze rezo sa paske neg yo pa renmn jèn al nn Eleksyon. Yo jis vle c yo toutan ki pou ap dirije. An touka yon jou kou jodi ya rezo malfwa gen poul kraze janl te monte ya.

Objè: Alèt Ijan ak Demand pou yon Mezi Imanitè an favè jounalis Verne Maurice di Marlabarh Tribune Populaire Mesye Pwote...
01/09/2026

Objè: Alèt Ijan ak Demand pou yon Mezi Imanitè an favè jounalis Verne Maurice di Marlabarh Tribune Populaire

Mesye Pwotektè Sitwayen an, Biwo Pwoteksyon Sitwayen (OPC)

Biwo la primati

Mesye/Madann Direktè Ekzekitif, Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH)

Mesye Minis Jistis ak Sekirite Piblik la




Onorab Responsab yo,

Se avèk yon gwo respè ak yon kè lou, men ak anpil konfyans nan sans jistis nou ak angajman nou pou diyite moun, nap vin pote devan nou sitiyasyon sitwayen Verne Maurice, ki fèmen depi 3 mwa nan Prizon Sivil Ansavo a.
Objektif korespondans sa a se pa pou nou antrave travay lajistis ke nou respekte anpil, men se pou nou mande, avèk anpil imilite, yon rega imanitè sou ka sa a. Depi kèk tan, eta sante sitwayen Verne Maurice ap deteryore yon fason ki grav anpil, de jou an jou. Estrikti prizon an pa gen mwayen medikal ki nesesè pou ba li swen ka li a mande a, epi rete li rete fèmen nan kondisyon sa yo mete lavi li an danje.
Jan enstitisyon nou yo toujou ap defann li avèk sajès, dwa a la vi ak dwa pou moun jwenn swen sante se dwa fondamantal ki pa ka negosye, kèlkeswa sitiyasyon yon sitwayen. Se nan sans sa a nap solisite entèvansyon ijan nou bò kote otorite konsène yo, pou pèmèt Verne Maurice jwenn yon liberasyon pou rezon sante oubyen yon mezi altènatif, pou li ka al resevwa swen medikal prese prese nan yon lopital ki apwopriye.
Nou konnen jan nou sansib pou respè diyite imen ak pwoteksyon lavi nan espas prizon yo. Se sa ki fè nou gen espwa nap pench sou ka sa a san pèdi tan pou evite yon trajedi.
Nap di nou mèsi davans pou atansyon ijan, pou konpasyon, ak pou bon jan swivi nou pral bay kriz imanitè sa a.Paske nou pa vle pèdi yon lot konfrè nou tankou .

Nou selman la pou kritike ase.Nou gen yon bann polisye ki pran anpil fòmasyon anndan Akademi epi kou yo soti yo bliye tt...
31/08/2026

Nou selman la pou kritike ase.Nou gen yon bann polisye ki pran anpil fòmasyon anndan Akademi epi kou yo soti yo bliye tt bgy.Yon polisye pa k kite kotel afekte epi lal fè Ma66 kounya nap lage chaj sou Pap Boom.
Si neg yo tap fè yon bgy serye yo t sipwoze fèl pi mal ke sa paske bondye voye fi pou gason epi gason pou fi.mw pa wè sa yon gason jwenn nn fè Ma666.Mw kore ide pasa pasa anpil.
ENEJI,ENEJI,ENEJI BWA NN TROU OO LI YE.NOU PA NN FALALAP DEPI NOU TA JWENN POLISYE KAL FÈ MALVÈZASYON C BAYO BK.

30/08/2026

Mesye dam gade kòman yon timoun ap imilye yon polisye.Se yon bgy grav epi wo kòmandan lapolis la pa janm di anyn.Antouka mèsi leta peyim.Tout kondisyon yo reyini pou tout Ayisyen mouri fè vidéo pou bann diriajn mal pou wont yo k repanse bgy yo.

TOUJOU SONJE ABONE AK Radio Brasilia Fm EPI OU K SOPÒTE NOU SOU YOU TUBE LA TOU
https://www.youtube.com/

29/08/2026

Men kòman Luckson Zòn pa fè moun tap pale ak mesye Le polis yo poul t k ale ak Timoun yo.Mw panse si Ayiti te gen 20 frè Luckson tap gen mwens timoun ki tonbe nan bandi.Pran sanw tande ap gade ゚ mw yo.Aprèw fin tandel pa negilje pataje ak abone paj la svp

Mw sezi epi mw tranble kou fèy bwa aprè mw fin tande jan   ap denonse kowipsyon ki gen anndan meri tigwav la.Mezanmi pra...
23/08/2026

Mw sezi epi mw tranble kou fèy bwa aprè mw fin tande jan ap denonse kowipsyon ki gen anndan meri tigwav la.Mezanmi pran tichèz baw pouw tande.Neg yo mete yon pòs peyay devan inibank la,gen yon chèn ki la pouw pase fòk ou bay 6000 goud.Kob sa pa gen moun ki konn kotel ale.Neg yo bouke yon 7 milyon goud klè devan G tout moun la pou reyalibitasyon plas dam.Neg yo fè plas la tounn yon dezè.Neg yo koupe tout pye flè yo epi vann yo ak moun ki gen dray.kounya se pa medya ki nn vil la ki pale mw panse yo pap fache e ni di se politik kap fèt pou denikre katel la.Pou nou ale pi lwen menm sa di ankò nèg yo gen 2 pon kap fèt pa gen afè apèl dòf se kontra anba tab ,neg yo se bgy tiklan yap regle.Tout limyè ki sou plas la depi sou prezidan Jean Bertrand Aristide,pandan setan neg yo ap gaspiye kob yo pa menm chnaje youn nn pote alevwa pou ta mete lot limyè sou plas la.Nou t konn di katèl ki te gen ak sa kite gen t chaje kowipsyon nn jesyon komin la ebyn sak gen Ton Admirable genlè ap youn nn ekip kap pi konwonpi ki pase nn tèt meri tigwav la.Menm Jounalis ta mande pou ta fon kout pye anndan meri tigwav la paske mesye dam yo se afè pa yo yap regle.Antouka Mw ap swiv ak Jesyon tèt chat meri tigwav la.Paske tou 3 moun sa yo moutrew yo pa gen kapasite pou yo ta menm kazèk alevwa pou Ajan enterimè yon vil tankou tigwav.
TOUJOU SONJE ABONE AK Radio Brasilia Fm pouw pa rate okenn enfo.

Ann fè foto a   pou diriajan manfouben nou yo wè jan yap imilye frè ak Sè nou nn lakou  . Se yon bgy grav wi.Si   nou t ...
22/08/2026

Ann fè foto a pou diriajan manfouben nou yo wè jan yap imilye frè ak Sè nou nn lakou . Se yon bgy grav wi.Si nou t egziste epi t gen bon nou te sipwoze bay yon repons pwoposyonèl,Kòm Ayiti se yon peyi ki kale yon dal manfouben,san karaktè,San konsyans nou oblije ap pran imilyasyon kote nou pase.

Objè : Demann pou yon libète an favè jounalis Maurice VerneOnorab Komisè Jean Ernest MUSCADIN Mwen ekri jodi a avèk anpi...
21/08/2026

Objè : Demann pou yon libète an favè jounalis Maurice Verne

Onorab Komisè Jean Ernest MUSCADIN

Mwen ekri jodi a avèk anpil respè ak anpil tèt frèt nan non lapè ak dwa moun. Mwen konnen travay la di anpil nan jefò nap fè pou proteje sosyete a ak kenbe lòd nan peyi a.
Map mandew ak tout kè mwen pouw pran yon desizyon ki montre granmoun ak gen sousi pou moun, nan liberasyon jounalis Maurice Verne. Pèp la ap gade ak anpil espwa pou wè lajistis mache men nan men ak konpasyon.
Mwen kwè yon libète pou li ap pote kalm nan lespri tout moun epi montre fòs la chita nan konpreyansyon. Mwen espere demann sa a va jwenn yon bon repons nan men ou. Mèsi anpil,mw konte sou jistis Peyim .Marlabah gen yon fanmi lap jere.Sil femen deyè 4 miray pitit li k riske pèdi plizyè ane lekòl epi madanm la ap gen difikilte pou jere fwaye ya.Marlabah pa yon moun ki gen ase fòs pou kenbe kadans prizon an savo a. Se pou tet sa nou mande yon men pou jounalis la ka reprann travay li ki se enfòme pèp la.Mw koubem byen ba devanw poum mandew liberesayon pou konfrè ki nan prizon imosaman.Wi nou t konn d vye mo jounalis la t konn lanse kont ou ,men sa pa k few pa CG Muscadin ni pèdi repitasyonw.Si 2 advèsè rive fè lapè,mw pa kwè Marlabah yon moun ki t konn ap voye monte san agiman,Pouw pa k fel gras.Mw konte sou wou CG pam epi map tann repons ou pa twò lontan sa.

Depiw palel mal se mw ou pale mal.Depiw di vye bgy sou CG ya ,mw pap nn zanmi avew alewè pou ta manje ak bwè nan menw pa...
18/08/2026

Depiw palel mal se mw ou pale mal.Depiw di vye bgy sou CG ya ,mw pap nn zanmi avew alewè pou ta manje ak bwè nan menw paske se sel grenn neg ki bay vil poul sove 3 depatman.

Adresse

Petit Goâve

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Brasilia Fm publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Radio Brasilia Fm:

Raccourcis

Partager