12/04/2026
Administrasyon Trump lan pran pozisyon kont sipò gang ann Ayiti
Nan yon kontèks kote ensekirite ap ogmante chak jou nan peyi a, administrasyon Donald Trump lan pran yon pozisyon fèm kont tout moun ki ta gen lyen dirèk oswa endirèk ak gang ame k ap simaye laterè nan peyi a.
Daprè enfòmasyon k ap sikile, nenpòt moun ki sispèk kòm sipòtè oswa finansè gwoup sa yo ka fè fas ak mezi sevè, tankou depòtasyon oswa entèdiksyon antre sou tè Etazini.
Nan sans sa a, non Reginald Boulos parèt nan mitan moun ki ta deja sibi konsekans yo. Daprè anbasad amerikèn nan ann Ayiti, yo ta depòte Reginald Boulos soti Etazini pandan semèn sa, anba akizasyon ke li te jwe yon wòl nan destabilizasyon sitiyasyon politik ak sekirite ann Ayiti.
Desizyon sa a, si li konfime, paske otorite ayisyen yo, poko resevwa l, kòm jan sa konn abitye fèt, ta pote yon chanjman enpòtan nan fason Etazini ap jere dosye Ayiti a. Pandan plizyè ane, kominote entènasyonal la souvan kritike pou mank aksyon konkrè kont moun ki ta kontribye nan kriz la, sitou atravè finansman gang oswa manipilasyon politik.
Gen anpil kestyon ki leve sou kestyon sa a. Premyèman, ki prèv ki egziste kont moun ki sible yo? Dezyèmman, èske mezi sa yo ap aplike san patipri, oswa èske yo gen yon dimansyon politik? Anplis, obsèvatè yo ap mande si depòtasyon sèlman sifi pou ralanti oswa elimine enfliyans gang yo sou lavi sitwayen ayisyen yo.
Malgre tout sa, anpil moun wè mouvman sa a kòm yon siyal klè: Etazini pa vle sèvi kòm refij pou moun ki ta gen lyen ak vyolans ak enstabilite ann Ayiti. Sepandan, gen lòt ki panse ke solisyon reyèl la dwe soti nan yon efò kolektif, ki enplike refòm enstitisyonèl, ranfòsman jistis, ak amelyorasyon kondisyon lavi popilasyon an.
Nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak youn nan pi gwo kriz li yo, kestyon prensipal la rete: èske aksyon entènasyonal yo ap rive pote chanjman dirab, oswa èske yo pral rete kòm mezi tanporè ki pa atake rasin pwoblèm nan?