12/10/2025
Ayiti/ Enfo⤵️
Nou menm ki abite nan zòn kote Bal yo tap Tire a ap di ak komisè Gouvènman pòtoprens lan JEAN FRITZ PATTERSON DORVAL,sispann ak Blòf la,tout moun ki te la te wè ou te soule anba Tafya,nan lannwit 10 oktòb la 2025 lan ,kote ou te nan Club sou Delma,ou te tèlman sou,ou menm ak sekirite ou yo ,tap tire anpil kout bal nan zòn nan ki fè tout moun te panse se Bandi ki te anvayi zòn nan epi ap kouri pasi,pa la.
Nan tout peyi serye depi nan demen ou ta dwe revoke pou zak sa,ou pa gen etik,se yon bagay grav sa ye.
Yo te revoke ou plizyè fwa deja pou vye zak nan sistèm Jistis la,Papa ou mouri paske yo tap denonse ou pou vye zak ou tap fè nan sistèm jistis la.
Ou te nan zen ak ansyen komisè ti gwav la, Pierre Eliot pou vye zak ou tap fè,lèw te sibtiti ti gwav.
Kòm ou an misyon nan pòtoprens,ou vini Lage Bandi ak Blanchi moun ki nan zak ki sal,arete moun ki anfas pouvwa sa,Fè Djòb sal ou men pa fini di se pat vre ou pat sou jou 10 oktòb la,ou pa tap tire.
Ou te sou anba Tafya ak sekirite ou epi ap fè dezòd.
Tout alye ou se moun ki pa dwat,gade kiyès ki te ak ou lèw tap prete sèman,moun ki nan sa ki sal e ki nan vòlè byen diaspora nan peyia.
Kòm ni CPT ni Primati ni minis jistis la mete ou la pou fè Djòb la,pèp la pap viktim ankò.Nou pral Leve kanpe,se ou ki kòmanse fè nou paka dòmi nou pral fè vye dirijan san etik sa yo paka dòmi tou ak bon mobilizasyon.