
08/07/2025
lwa se richès peyizan an
lè moun ki sot lavi l pou y al fè sèvis yo nan bitasyon yo sòti, abitan ki sou bitasyon an toujou g on dyalòg pou l di "nou vin leve lwa yo"
paske nan panse peyizan an lwa a s on patrimwàn imateryèl pou l pwoteje.
yo konsidere lespri yo kòm richès, kòm byen,
se pou sa yo konsidere tèt yo kòm eritye(pa sèlman espas jeyografik la), zansèt yo kite eritaj pou yo(demanbre, danti, ak eskòt lwa bitasyon an)
moun ki swete f on pakou pou rive nan bitasyon yo, tout fwa yo ta g on sèvis pou sa li mande yon bon konpòtman, paske rapò bitasyon an pa regle sèlman ak konstwiksyon mistik la men desizyon moun ki sou bitasyon yo gen anpil valè ak enpòtans
byen trete ak yo
pa fè gwo kòlèt
poze kesyon
mande sa w pa genyen, e sitou pote kè kontan ak pòt kleren sigarèt pou grandèt ou jwenn anba pye bwa yo, y ap kontan pale ak ou
LOKOBASIYE BAKA ✍️🏾