25/12/2022
Ayiti/Aktyalite gangsterizasyon jounen samdi 24 desanm 2022 an gang kriminèl savien an ak alye li yo anvayi guerot anviwon 2 zè aprè midi a, yon lokalite ki nan dezyèm seksyon komin Tirivyè latibonit tou prè lokalite palmis ak bouno sete gwo panik total jounen samdi a kise jou mache Tirivyè latibonit. Fòk nou sinyale popilasyon ayisyèn nan anpil gwo dega anrejistre plis pase 45 tèt bèf vòlè,kochon,kabrit elatrye. Fòk nou di peyizan yo kite nan zòn nan kouri kite kay yo e gang kriminèl savien an ak alye li yo kipa ni pè ni krent fouye tout kay peyizan yo e pote tout sayo jwenn lakay peyizan an yale ak yo. Fòk nou soulinye , peyizan ki a de souf kontinye ap mande leta zago loraj kap dirije peyia voye zye gade kòman gang kriminèl savien an ak alye li yo kipa janm sispann teworize popilasyon rivatibonisyèn nan depi plis pase 5 lane rele anmweee sekou yo pakapab ankò. Fòk nou fè remake pou popilasyon an nan depatman latibonit la, Direktè depatmanl la PNH la jean Bruce Myrthil te bay yon delè de 20 jou pou depatman latibonit la te rale souf nan kesyon ensekirite silaa kap taye banda depi yon bon bout tan, fòk nou di jiskaprezan anyen pa janm fèt peyizan yo kontinye ap moute yon maswite pa do,qui vivra verra, qui mourra perdra, yon dosye nou pap janm sispann swiv depi site la Crête à Pierrot Tirivyè latibonit radio Dignité 107.5 FM stereo.