Chache konnen media

Chache konnen media Nap batay pou nou valorize kilti Ayisyen an...epi mete an valè tout espas touristik nan peyi.. se yon fason pou nou ride Ayisyen rekonèt vrè idantite...l

Dimanch 24 Dawout 2025*KISA DOSYE ÈG LA YE MENM...*Aprè gwo bri ki tap kouri nan vil Senmak pou ta fè kwè genyen Yon ÈG ...
25/08/2025

Dimanch 24 Dawout 2025

*KISA DOSYE ÈG LA YE MENM...*

Aprè gwo bri ki tap kouri nan vil Senmak pou ta fè kwè genyen Yon ÈG kita tonbe nan zòn tribinal depè a sa patap pran anpil tan pou lapolis te fè entèvasyon epi pran zwazo a nan men sitwayen yo ta di ki kenbe ÈG la epi transpòte li an ijans nan Klinik Paradi ki chita kòl nan zòn Fresino Senmak pou li jwen swen ke ka li nesesite.

Lè ekip la te rive sou lèlye nou te ka konstate doktè veterinè yo ki tap fè dilijans pou te bay premye swen ak Zwazo a ki blese. Pale ak Doktè veterinè yo pou mande kisa ki lakoz yo pote ÈG sila nan Klinik Paradi, yo te repon konsa: se *CP polis Jude Jean CHERY* ki pote li nan klinik la poun wè sa nou ka fè. Doktè yo te ale pi lwen pou di ke yo konstate ke *ÈG* la resevwa Yon kou nan zèl goch li ki kase zo a men nap gade sa nou ka fè.

pandan tan sa a anpil sitwayen te mase douvan klinik la pou te swiv dewoulman evenman inatandi Sila. Nan foul la nou te remake anpil pale kesyon tap poze sou ki rezon kita lakoz zwazo Sila ateri Ayiti nan vil Senmak.

Eske peyi a genyen espès zwazo sa yo?

Eske se bèt sa a ki rele ÈG la?

Nan ki peyi ÈG sila ta soti?

Se ansanm kesyon ki tap poze nan foul la kite mase douvan klinik Paradi Fresino nan moman an.

Men anpil moun ki tap kòmante nan moman an di se nan peyi Lèzetazini ki genyen ÈG e se nan peyi Sila yo bay zwazo sa a anpil anpil enpòtans. Yon lòt bò manb nan popilasyon an kritike CP polis la *Jude Jean CHERY* ki te debake anpèsòn nan Klinik la pou te pote ÈG la bay Doktè veterinè yo, Moun yo mande pouki CP polis la pa manifeste menm volonte sa a lè genyen Yon polisye pran bal? Eske si sete Yon manb nan popilasyon an ki te resevwa Yon kout baton ponyèt li ta rive kase Eske CP a tap genyen menm volonte sa a? Antouka nou tout konnen pa bò isit lavi pa vle di anyen pou otorite kap dirije peyi a.

Yon dosye nap kontinye swiv pou ou pou Nou konnen kisa e ki wout ÈG la pran.

Nou se👉🏽

13/08/2025

Bon Anniversaire mon garçon...

13/08/2025

Bon Anniversaire Madame JOSEPH...

08/08/2025

Jodia se Fèt pitit Ansyen Prezidan Jovenel MOÏSE 👉Joverlin MOÏSE

05/06/2025

*SAW DWE KONNEN*👇👇

_*Pou pi Piti Yon Moun pran bal nan ponsonde maten Jedi 05 Jen 2025 la..._

Gwo leve kanpe fèt nan Ponsonde maten Jedi 05 Jen an pou mande mouche leta pran responsabilite l pou kraze BAZ Gang Gran grif ki pa sispan simen dèy nan mitan popilasyon ba Latibonit la Depi plis pase 5 lane.

Pandan Popilasyon an pran lari pou fè pase revandikasyon yo lapolis kanpe ankwa pou anpeche yo manifeste, fòs lo yo sou depatman an montre aklè se volonte yo pa genyen pou goumen kont Gang yo nan vale a, men yo toujou motive pou kraze tout rasanbleman pèp la ap fè.
Jodi a lapolis tire anpil kout bal nan ponsonde sou peyizan ki te pran lari pou bloke wout Nasyonal nimewo 1 an pou mande sekirite epi kraze baz gang yo, malerezman madanm *Marc RENAUD* rive pran Yon bal nan jenou andan Lakay li nan lakou Ponsonde.
Viktim nan kite pèdi maril 03 oktòb 2024 pase a nan atak gang Savyen yo te fè sou popilasyon an nan Ponsonde pou kounye a kouche sou kaban lopital pou li pran swen ke ka li nesesite.

Kontrèman ak gwo rimè ki tap kouri pou ta fè kwè genyen elèv nan lekòl Nasyonal Ponsonde a ki ta pran bal pandan mouvman yo , yon enfòmasyon responsab nan lekòl ak moun nan zòn nan demanti. Pou moman an tansyon yo fè yon ti bese sou wout Nasyonal nimewo 1 an pandan nap kontinye mande sila kap fè wout la veye kote yap mete pye yo.

Nou se👉🏽

17/04/2025

`SAW DWE KONNEN`👇👇

Anpil òganizasyon nan latibonit leve vwa yo pou denonse epi mande liberasyon Ansyen depite *Victor Profane* ki te jwen arestasyon li nan dat 12 Janvye pase yo sou akizasyon kòm kwa li nan sipòte gang ak alimante vyolans nan peyi a...

Pandan nan latibonit yap mande liberasyon *Profane* DCPJ bò kote pal kontinye ap mete rapò deyò. Dènye rapò ki soti 10 Avril ki sot pase la a montre aklè Ansyen depite a enplike jouk nan kou nan kesyon van zam ak minisyon ak teworis viv nan san yo.

Anpil kesyon ap poze pou mande ki kote òganizasyon sa yo ye nan latibonit e kilès kap dirije yo.?

Eske se pa menm alye Ansyen depite a kap travay epi pran pawòl nan non Moun Latibonit ki pa konnen ki sen pou yo rele ankò telman Gang anpeche yo viv nan Vale a.

Nou se👉🏽

Adresse

Petite Rivière De L'Artibonite

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Chache konnen media publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Chache konnen media:

Partager