03/10/2025
Fenomèn Vòl nan Mitan Lari a: Machann Papadap ap Taye Banda ak Kòb Kliyan yo
Nan plizyè kwen nan kapital Ayiti ak andeyò vil la, yon pratik ki tounem kontinye mete konsomatè yo an danje: vòl minit pa machann papadap. Sa ki te konn yon sèvis senp mete minit sou telefòn tounen yon pyèj kote anpil moun pèdi kob yo anba je tout moun nan lari a.
Sistèm lan senp men ki tounen pwazon: kliyan an apwoche machann lan, li di li vle mete minit sou yon nimewo. Olye machann lan antre tranzaksyon an jan kliyan an di a, li mete nimewo pa li epi li modifye mesaj la apre, pou li mete nimewo kliyan an ak kantite kob la, kòm si se tranzaksyon an ki fèt. Kliyan an, ki souvan pa familye ak mesaj yo, panse li wè bon nimewo a, li remèsye, epi li ale.
Se lè li verifye telefòn li, oswa moun li te voye minit pou li a, li reyalize pa gen minit ki rive. Men, twò ta.
Fenomen sa ap grandi, sitou akoz de de twa faktè:
- Mank siveyans sou ti biznis papadap yo
- Konesans limite konsomatè sou mesaj konfimasyon yo
- Pa gen okenn rekou fasil pou viktim yo
Gen kèk moun ki fè konnen yo deja viktim plis pase yon fwa. “Mwen te mete 500 goud sou telefòn manman m, lè m verifye, se sou nimewo pa machann lan li te ale,” se sa Yonel, yon jenn pwofesè, rakonte.
Pratik sa a se pa sèlman vòl se yon trahison konfyans ki mete plis chay sou do yon popilasyon ki deja ap lite. Otorite yo, tankou CONATEL, bezwen mete règ strik sou fonksyònman sistèm sa yo epi pibliye enfòmasyon sou kijan pou rekonèt mesaj orijinal yo.
Men tou, se pa ti konsyantizasyon ki nesesè. Konsomatè yo dwe:
- Toujou verifye nimewo ki sou mesaj konfimasyon an anvan yo ale.
- Pa mete minit sou telefòn lòt moun san yo pa prezan pou verifye tranzaksyon an.
- Sispann itilize machann ki pa gen etik e ki deja sou do moun.
Jiskaske gen mezi estriktirèl ki pran, se wach k ap veye wach. Se sak fè, chak grenn kob konte, epi chak grenn konfyans pèdi se yon krim ki pa janm rapòte.
Redaksyon: Manno le Triomphant
Le Triomphe En Média