22/03/2026
Presye lektè, bonjou ak bonswa !
Menm si w pa ta byen, m swete tèks sa gagari tout enkyetid ou.
Tèm santral nou pou kòmansman semèn sa se "GAGARI".
Pandan w ap gagari l, ebyen bon konsèy mwen pou ou se: grandi chak jou menm si sa ta fè w mal.
Pami vokabilè semèn pase a, gagari se youn nan mo ki plis metaforik, epitou ki te make konvèsasyon nou yo.
Gagari l nan gòj ou, ou pa ta ka yon lòt ke yon malad amigdal. A mwen ke w ta yon fanm, epi w gagari l jouk li rive nan gòj ou tout longè. M pa bezwen di w si l ta long laj.
Si w pa gagari l kiyès kap fèl? Jalouzi fenèt vwazin nan ta touye w plumen!
M p ap ba w konsèy gagari l sèk, fè l ak dlo oubyen saliv ki byen pwès.
Yo di koze gagari sa voye moun “a l'extase “.
Pandan n ap pale de gagari a, senatè Jackito ap gagari rap kreyòl la, kòm kwa ki ta lakòz malè ensekirite Ayiti a. Pou di se ta vre? M dwe gagari tèz la plis anprofondè. Non, tèz la ta dwe gagari m plis an profondè l. Sèl kesyon m sou koze sila, poukisa te genyen, oubyen gen yon IZO kap di m anvi pran bal, ki kroke nan gòj nou prèske nan tout depatman yo?
Men Pasa pasa kraze m nèt nan ang sa ak yon kesyon, lè l di : èske se Rapè yo ki konn mete zam nan men pitit malerèz nan geto a.
Yon lòt bò, Pastè Bòs Ben te vle gagari JerryBèd tou wi . Jis paske frè a tap gagari madanm li sou stage konsè FrèGabe la.
Men eske l pa gen dwa sa
Alon Bòs Ben sa papa? tan nèg sa renmen gagari moun.
Yo di m Pastè Pass bò kote pa l pa sispann gagari masimadi yo. Mmmh! Pou evite m nan pwoblèm papa…
Mo gagari a twò sibliminal, m pè di l pou nonm sa konsa. Masigwèl yo genlè gagari Pastè Pass, oubyen m te ka di pito Pastè Pas pa vle nèg gagari nèg.
Avanyè, anpil te gentan ap rele jistis tou wi, lè yo tande Madan Trouble Boy nan video kap gagari yon lòt.
Nan zafè politik la, Alix toujou sou pouvwa ap gagari kès Leta. Pandan tout politisyen isit ap gagari l an "ROI Fils II".
E ou pèp, kisa w ka fè? Petèt se kite mizè ak ensekirite gagari w. Poudi w pa ta jwenn plezi nan sa!!
Ou pa wè yo gagari Jacques Ader nan potoprens paske l t ap tchoule ensekirite a plis alwès.
Sendomeng li menm, se batay lap mennen pou l wè kouman l ta ka vin nan gagari bandi an Ayiti bòkote Eric Pence.
Yo di m TiMoy pa fè manif ankò non, depi lè l te komanse nan gagari KPT a.
Abolotcho isit ak koze gagari sa se 2 menm bagay yo bay plezi menmjan.
Ebyen mèsi chèlektè! N ap kontre prochèn fwa, rete fidèl ak AZ Chrono °°GROS-LOTS-HAITI°°