Crepin Actualités

Crepin Actualités Toutes les informations

12/07/2024
Le nommé Fendy Vilesse, présumé membre de 400 Mawozo, a été interpellé par la Police, lors d'une intervention policière ...
22/03/2024

Le nommé Fendy Vilesse, présumé membre de 400 Mawozo, a été interpellé par la Police, lors d'une intervention policière effectuée, dans la matinée du Mercredi 20 Mars 2024, par la Brigade d'Intervention de Lascahobas.

05/03/2024

Administrasyon Biden nan anonse ke li pap voye twoup ameriken an ayiti pou vin ede PNH la ak pwoblem ensekirite ki genyen an.

Se sa yon responsab Mezon Blanch🇺🇸deklare bay Miami Herald.

03/03/2024
Meri Site Solèy ak PADF rive distribye mèkredi 12 Avril 2023 plizyè telefòn bay abitan kap viv nan komin sa, e yo deja r...
13/04/2023

Meri Site Solèy ak PADF rive distribye mèkredi 12 Avril 2023 plizyè telefòn bay abitan kap viv nan komin sa, e yo deja resevwa lajan sou kont yo. Pwogram sa vize pote yon soulajman pou popilasyon an ki lage debra balanse.

Kredi foto: Meri Site Solèy.

Pati politik PROVIDENCE kondane ak tout Fòs li zak kidnapin ki fèt sou PDG RCH 2000 lan   a yè Vandredi 17 mas 2023 annd...
18/03/2023

Pati politik PROVIDENCE kondane ak tout Fòs li zak kidnapin ki fèt sou PDG RCH 2000 lan a yè Vandredi 17 mas 2023 anndan biznis li nan dèlma, Pati PROVIDENCE mande liberasyon PDG Lebrun SAint Hubert prese prese.

*Nòt solidarite PADEINHA ak sitwayen kap viv nan kominn Lyankou ak vèrèt*Pati demokratik entegrasyon Ayisyèn (PADEINHA) ...
14/02/2023

*Nòt solidarite PADEINHA ak sitwayen kap viv nan kominn Lyankou ak vèrèt*

Pati demokratik entegrasyon Ayisyèn (PADEINHA) kontinye konstate avèk anpil kè sere move aksyon endividi san fwa ni lwa ap poze kont manm popilasyon an nan kominn Lyankou ak vèrèt dènye tan sa yo kote yo touye moun, piye kay ak detounen kamyon machandiz.

Kominn Lyankou ak vèrèt vinn ajoute sou pil ak pakèt rejyon anndan peyi a ki tonbe anba kontwòl nèg ak zam yo.

Sitwayen Lyankou ak vèrèt ki tap viv yon vi pezib, oblije pou kouwèl ye la ap kouri kite kay yo pou evite yo tonbe anba kòlè manm gang Savyen yo ki sou wout pou pran kontwòl tout ba latibonit la aprè sitou krim san parèy yo te komèt ,nan dat 25 janvye 2023 nan kominn Lyankou, kote yo te touye 6 polisye UDMO epi ale ak kò yo nan lokalite savyen kote se chen ki ta pral , malerezman, chante fineray 6 vanyan polisye sa yo.

Malgre tout apèl ki lanse pou mande otorite yo aji kont gang sa a, anyen pa janm fèt! Olye gang yo rantre nan twou yo, se atò y ap pran pye paske lapolis abandone rejyon an nèt lè nou konsidere komisarya ti rivyè latibonit ak Lyankou ki fèmen pòt yo. Sa ki bay gang yo baryè lib pou kontinye teorize popilasyon an.

prèv la klè devan tout moun, gang Savyen ap aji san l pa kraponnen, yo jwenn mwayen pou kite baz yo pou al touye 8 moun nan kominn vèrèt epi kidnape 6 lòt sitwayen.

PADEINHA di sa kap pase nan kominn Lyankou ak vèrèt la entolerab. Li pa nòmal pou vi moun ap pase konsa nan yon peyi kote anpil batay te fèt pou dwa moun respekte.

Pati demokratik entegrasyon Ayisyèn rete solidè bò kote sitwayen kap viv nan komin Lyankou ak vèrèt yo kap travèse yon moman difisil.

PADEINHA egzije pou fòs lòd yo repran kontwòl tout komisarya ki nan rejyon an pou evite endividi san fwa ni lwa kontinye touye popilasyon an. PADEINHA mande pou gen bon jan estrateji ki defini bò kote reskonsab yo pou adrese kòm sa dwa pwoblèm ensekirite a nan rejyon latibonit lan ki gen gwo konsekans sou aktivite komèsyal ak agrikòl yo me

L’accord du 21 décembre 2022 est publié dans Le Moniteur, journal officiel de la République.
11/01/2023

L’accord du 21 décembre 2022 est publié dans Le Moniteur, journal officiel de la République.

Ce jeudi 8 Decembre c'est la fête de l'Immacculée Conception , Des miliers de fidèles catholiques ont organisé une posse...
09/12/2022

Ce jeudi 8 Decembre c'est la fête de l'Immacculée Conception , Des miliers de fidèles catholiques ont organisé une possession dans les rues de la capitale port-au-prince.

Ce vendredi 18 novembre 2022 Le Refuge des Femmes d’Haïti termine son projet ‘’ Ann chanje wout’’ en partenariat avec  #...
18/11/2022

Ce vendredi 18 novembre 2022 Le Refuge des Femmes d’Haïti termine son projet ‘’ Ann chanje wout’’ en partenariat avec # OEA / PADF, 25 jeunes femmes viennent de croix-des-Bouquets et de cité Soleil reçoivent une formation en électricité et en plomberie. Ces formations ont duré 3 mois et ont été transmises gratuitement.

Adresse

Port-au-Prince

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Crepin Actualités publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager