Bonjan info news 509

Bonjan info news 509 Une référence en matière d’informations Éducation culture social politique

04/08/2025

Delege tomond denonse zak asasina ak enjistis lap sibi anba men otorite jidisyè ak plizyè polisye minisipal nan meri tomond nan depatman Sant lan

Rosena Jean Delege a denonse zak asasina plizye polisye minisipal nan tomond fè sou Maril Edouard Lebrun, kote ajan yo fizye maril nan pye ak 2 bal douz, Delege ki pote plent e ranpli tout fomalite yo pou lajistis rive kritike konpotman komisè gouvenman ki ta nan konfyole avèk ajan yo ki pa janm desene mande deye yo.

Delege mande ak Minis jistis lan pou fon panche sou kris sa kap ravaje jistis la nan depatman kote population lage pou kont yo nan enjistis yap sibi anba men otorite konsene yo kila pou fè aplike lalwa men kap desèvi pito sak pifo yo e ki sa ki fèb yo pou kont yo nan zak ke yap sibi anba men Sila kigen mwayen yo

03/08/2025
Delege depatman Sant lan Frederik Occean rive ap fonksyone ak mèg mwayen pou soutni polisye yo ki livre pou kont yo san ...
29/04/2025

Delege depatman Sant lan Frederik Occean rive ap fonksyone ak mèg mwayen pou soutni polisye yo ki livre pou kont yo san sipo manm CPT, PM Alix ak DGPNH Rameau Normil.

Nan kad batay pou mennen operasyon nan Mibalè, pou kwape bandi viv ansanm nan komin nan, plizyè sitwayen nan sosyete sivil la angaje yo ak mèg mwaye yo genyen pou soutni polisye e kreye mwayen pou ta rekire komin nan anba men bandi loudman ame

Delege Occean Frédéric Avili plizyè fwa otorite yo kife silans sou Mibalè e inyore polisye yo Police Nationale d'Haiti - PNH, CPT ak PM Alix pagen plan pou mennen operasyon ni pou livre materyel adekwa bay otorite nan Sant pou konba kriz la.

Delege depatman Sant lan Occean Frédéric lanse yon apèl ak tout pitit depatman Sant pou rejwenn tout moun ki detèmine nan batay pou libere Mibalè anba meng gang Viv ansanm.

Fòs ak tout moun Mibalè
Mibalè pap Peri

16/04/2025

Ann gade ansanm jan bandi yo alez pou kraze komisarya Mibalè pandan Delege depatmantal Sant lan Occean Frédéric ap flannen ansam DDC Alain Boyer nan Hinche pandan nouvo komisè Mathias ap tann lòd.

Bandi yo gen konfyans ke lapolis paka atake yo san yo pa mete yo okouran, se youn nan rezon yo alez pou fè sa, travay sa fèt a la men selman pandan Occean Frédéric, Alain Boyer ak Komisè Mathias Pierre okouran men yo paka fè entèvansyon sou bandi yo pandan yap kraze komisarya sinon yap pèdi djob yo

16/04/2025

MIBALÈ TONBE SOU LOD DELEGE OCCEAN FRÉDÉRIC, DDC ALAIN AK KOMISÈ MATHIAS

11/04/2025

Mibalè tonbe sou zye otorite yo ki nan konplisite ak viv ansanm

Aprè plizyè atak bandi mawozo ak taliban fè sou Mibalè ak S**o, otorite konsène yo te pran zye ap gade mesye dam Mibalè yo, bakop feray ak Team baka kite kanpe ap fè rezistans anfas bandi viv ansanm

Otorite Mibalè yo te fè plizyè demand bò kote prezidan konsèy la Fritz Alphonse Jean, Premye minis Alix Fils-Aimé ak direktè lapolis Rameau Normil

Nan kad batay pou livre Mibalè a, plizyè inite spesyalize te reponn prezan pou konbat gang viv ansanm nan mibalè tankou, SWA, BLTS, POLIFRON, UTAG ak UDMO, men kibpat jwenn lod nouvo komisè Mibalè Mathias Pierre ak responsabl DDC Delain Boyer pou te afwonte bandi yo

Selon konsta bò kote otorite yo, pagen volonte pou konbat gang yo pwiske otorite yo konplis nan livre Mibalè ak kominezon lapolis nan depatman an kipa janm fè yon entèvansyon miskle pou kwape gwoup gang yo nan Mibalè ak S**o.

Selon ansyen dépite Abèl Descolines responsabl polisye yo nan depatman an se nan vakans yo vini, kote se yo kap fè chwa kote pou yo domi pandan popilasyon lage debwa pandye, san asistans gouvènman an plas la

Malgre atak bandi yo, kote yo pran kontrol vil la ak tout enstitisyon etatik yo responsabl DDC Delain Boyer ak Komisè Mathias fè silans e pa janm bay lòd pou entèvansyon fèt, selon deklarasyon plizyè sitwayen konsekan ta fè konen konplikasyon lapolis nan sa kap pase nan Mibalè kote responsabl polis la livre ville Benoit Batraville la bay bandi

Ansyen Vis delege Luxon Pacombe te òganize yon gwo aktivite pou prizonye yo nan prizon sivil Mibalè a.Nan sousi pou te r...
15/03/2025

Ansyen Vis delege Luxon Pacombe te òganize yon gwo aktivite pou prizonye yo nan prizon sivil Mibalè a.

Nan sousi pou te reponn ak Ijans ki genyen nan prizon sivil Mibalè a, ansyen vis Delege Luxon Pacombe te rive tande kri ak alèt ki lanse yo, Li te reponn prezan nan jounen vendredi mas la pou tal pote kichoy pou prizonye ki gen lontan ap soufri nan tann sipó otorite yo nan prizon an.

Staf ansyen Vis Delege a sou pèmisyon responsab prizon an te bay anviwon 532 prizonye manje akonpanye plizyè lòt akseswa prizonye yo tegen bezwen pou sèvi.

Ansyen Delege a te debake ak tout staf Li pou vin fè manje nan espas prizon an kote tout bagay te sipèvize pa responsab prizon an ak Ansyen vis Delege Luxon Pacombe. Aktivite sa te dewoule nan yon anbyans fratènel kote anviwon 532 prizonye jwenn yon pla cho akonpanye plizyè lòt materyèl yo te bezwen pou sèvi anndan prizon an.

Nan kad jounen sa a, prizonye yo ki tap soufri lontan nan prizon pat jwenn mo pou te remèsye ansyen vis Delege Luxon Pacombe ak staf li pou gwo aksyon sa li poze. Plizyè prizonye te pran Lapawol pou di ansyen vis Delege mèsi e temwanye kontantman yo pou aksyon sa ki poze jodia.

Nan kad jounen sa, responsab prizon sivil la remèsye ansyen vis Delege Luxon Pacombre ak staf Li kite tande kri yo, ki reponn ak egzijans kite fèt yo, ki pèmèt prizonye yo te pase yon bon moman, responsab prizon an te tou profite lanse yon apèl ak gouvenman CPT a pou panche sou dosye manje prizon yo kigen kèt tan bloke.

05/03/2025

Adresse

Port-au-Prince
2393

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Bonjan info news 509 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Bonjan info news 509:

Partager

Type