Eugeneson MÉDIA

Eugeneson MÉDIA société de médias/ d'actualités
( L’objectivité est notre credo)

https://www.tiktok.com/.mdia?_t=ZM-90PfXD7Ilsx&_r=1

31/08/2026

Show villa En direct

31/08/2026

JENI TIMOUN | CLUSTER CHAMPION GONAÏVES | HAUT ARTIBONITE
Soirée de Gloire et Remise des Trophées aux champions

31/08/2026

Nan lide pou dote Sen Michel Latalay yon teren football, yon premye rankont òganize ak notab nan plizyè sektè aktivite nan komin nan, yon fason pou mete kanpe yon komite jesyon an Ayiti pou jere pwojè rekonstriksyon teren nan Calvaire a (Parc tête à tête).

Fanm Kole Zepòl/MPH lanse nan Sen Michel LatalayFanm Kole Zepòl/MPH, yon estrikti  nan ekip Kole Zepòl la, lanse ofisyèl...
30/08/2026

Fanm Kole Zepòl/MPH lanse nan Sen Michel Latalay

Fanm Kole Zepòl/MPH, yon estrikti nan ekip Kole Zepòl la, lanse ofisyèlman dimanch 30 dawout 2026 la nan komin Sen Michel Latalay. Estrikti sa a gen pou objektif ankouraje patisipasyon fanm yo nan lavi politik peyi a epi kreye plis espas pou yo patisipe nan desizyon ki konsène kominote a ak nasyon an.

Nan tèt estrikti a, genyen Darline Janvier ki pran responsabilite kòm Kòdonatris, pandan Fena Lusmat okipe pòs Vis-Kòdonatris. Responsab yo prezante nouvo estrikti sa kòm yon inisyativ ki vize ranfòse angajman fanm yo epi ankouraje yo pran plis responsabilite nan lavi piblik.

Daprè responsab yo, fanm yo se youn nan poto mitan sosyete a, e patisipasyon yo nan politik kapab jwe yon wòl enpòtan nan konstriksyon peyi a. Fanm Kole Zepòl/MPH ta dwe sèvi kòm yon platfòm pou ankouraje plis fanm angaje yo, pran pozisyon epi patisipe aktivman nan lavi politik peyi a.

Eugeneson MÉDIA

30/08/2026

timoun yo pap ka rekòmanse lekòl 7 septanm k ap vini la, jan Ministè Edikasyon Nasyonal anonse sa, si Leta pa fè yon entèvansyon sou twonson wout Sen Michel/ Sen Rafayèl la, ki nan yon eta kritik espesyalman nan 8e seksyon Latalay, nan komin Sen Michel Latalay, òganizasyon L'AEA (L'ATTALAYE EN ACTION), ansanm ak plizyè notab ki soti nan diferan sektè aktivite nan seksyon an ak sant vil Sen Michel, fè yon chita pale jounen samdi 29 dawout 2026 la, nan Lise Charlemagne Peralt epi mande Leta fè yon entèvansyon sou wout la.

29/08/2026

Fas ak sitiyasyon enpratikab wout ki mennen nan 8e seksyon Latalay, nan komin Sen Michel Latalay, òganizasyon L'AEA (L'ATTALAYE EN ACTION), ansanm ak plizyè notab ki soti nan diferan sektè aktivite nan seksyon an ak sant vil Sen Michel, fè yon chita pale jounen samdi 29 dawout 2026 la, nan Lise Charlemagne Peralt. Yo estime timoun yo pap ka rekòmanse lekòl 7 septanm k ap vini la, jan Ministè Edikasyon Nasyonal anonse sa, si Leta pa fè yon entèvansyon sou twonson wout Sen Michel/ Sen Rafayèl la, ki nan yon eta kritik.

Claudy Damas sponsor officiel Eugeneson MÉDIA

Nouvo vis-delege awondisman Mamelad/ Sen Michel Latalay la, Jn Jacques Daut, salye rive yon veyikil blende nan komin Sen...
28/08/2026

Nouvo vis-delege awondisman Mamelad/ Sen Michel Latalay la, Jn Jacques Daut, salye rive yon veyikil blende nan komin Sen Michel Latalay pandan jounen vandredi 28 dawout 2026 la. Li konsidere arive blende sa a kòm yon etap enpòtan nan ranfòsman sekirite nan komin nan, nan yon moman kote popilasyon an ap fè fas ak gwo enkyetid sou sitiyasyon sekiritè peyi a.

Eugeneson MÉDIA

Bòn fèt Radyo Oksijèn 103.1
28/08/2026

Bòn fèt Radyo Oksijèn 103.1

27/08/2026

Fas ak sitiyasyon enpratikab wout ki mennen nan 8e seksyon Latalay, nan komin Sen Michel Latalay, òganizasyon L'AEA (L'ATTALAYE EN ACTION), ansanm ak plizyè notab ki soti nan diferan sektè aktivite nan seksyon an, estime timoun yo pap ka rekòmanse lekòl 7 septanm k ap vini la, jan Ministè Edikasyon Nasyonal anonse sa, si pa gen yon entèvansyon prese sou wout la.
Pou atire atansyon otorite yo sou pwoblèm nan, L'AEA (L'ATTALAYE EN ACTION) ak lòt aktè nan kominote a anonse yon gwo rasanbleman samdi 29 dawout 2026, nan Lise Charlemagne Péralte. Aktivite sa a pral reyini moun nan kominote a ki konsène ak sitiyasyon difisil 8e seksyon an ap travèse, nan objektif pou mande yon entèvansyon sou wout la anvan ouvèti klas yo.

Claudy Damas sponsor officiel Eugeneson MÉDIA

Eugeneson Media souhaite un heureux anniversaire à Wislande Dezalant, née un 27 août.
27/08/2026

Eugeneson Media souhaite un heureux anniversaire à Wislande Dezalant, née un 27 août.

Adresse

Port-au-Prince

Téléphone

+50949078213

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Eugeneson MÉDIA publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Eugeneson MÉDIA:

Raccourcis

Partager

Type