Eleksyon Ayiti 2026-2027

Eleksyon Ayiti 2026-2027 Couverture indépendante des élections 2026-2027 en Haïti. Informations vérifiées, sans parti pris.

Nous suivons les déclarations publiques des candidats, sensibilisons les électeurs pour prévenir la manipulation.

“M PAP FÈ SILANS LÈ M SE YON VWA KI POU PALE.”🇭🇹 AYITI — ELEKSYON 2026–2027📍 PÒTPÈDepi yon bon bout tan, gen yon bagay n...
01/09/2026

“M PAP FÈ SILANS LÈ M SE YON VWA KI POU PALE.”

🇭🇹 AYITI — ELEKSYON 2026–2027
📍 PÒTPÈ

Depi yon bon bout tan, gen yon bagay nou pa sispann klèwonnen tout kote: fòk nou fè plas pou jèn yo nan politik peyi a.

Nou kwè jèn yo kapab pote plis dinamis, plis modènite, plis fleksibilite ak yon lòt fason pou konprann sèvis piblik. Nou espere jenerasyon sa a kapab ede trase yon lòt chimen pou yon Ayiti miyò.

Men pandan n ap mande plas pou jèn yo, gen yon kestyon nou dwe gen kouraj poze yo tou:

KISA NOU VLE FÈ MENM?

Fè bon politik, oswa pran pouvwa a nenpòt pri?

Youn nan dènye sitiyasyon ki fè kestyon sa a vin pi enpòtan pou mwen se sa k ap pase ant Dr. Berly, Trompé Deris ak Barbara nan Pòtpè.

Objektif mwen pa alimante zen.

Okontrè.

Lè nou kwè gen jèn ki gen kapasite e ki kapab pote yon lòt vizyon pou vil la, nou pa ta dwe kontan wè yo divize san okenn eksplikasyon pandan ti gwoup sou chak bò ap tire toya youn sou lòt.

Nou bezwen verite. Nou bezwen transparans.

Nan semèn ki sot pase yo, Dr. Berly, ki te responsab kominikasyon politik ekip Trompé ak Barbara, anonse ke pèp la mande l pou l kandida pou Mèri Pòtpè.

Anons sa a te jwenn yon bon akèy sou rezo sosyal yo. Sa pa etone, sitou lè nou konsidere patisipasyon Dr. Berly nan plizyè aktivite sosyal resan ki te ede l genyen plis vizibilite ak popilarite.

Men se la yon lòt kestyon parèt:

Èske popilarite dwe fè nou devye de yon pwojè kolektif nou te deja angaje ladan l?

Apre Dr. Berly te anonse kandidati li, ekip Trompé a te montre sipò li. Sa te parèt nòmal, paske se te menm mouvman “Port-de-Paix mérite Mieux” la.

Trompé Deris menm te pibliye imaj yon rankont li te fè depi byen lontan ak Dr. Berly kote yo t ap pale sou pwojè “Pòtpè 2055” la.

Sa te bay enpresyon ke nou te devan yon ekip ki te deja ap reflechi sou avni Pòtpè, ki te gen yon vizyon ak yon pwojè pou vil la — pa yon ekip ki jis leve paske yo tande eleksyon pral fèt.

Men, mwens pase yon semèn apre, Dr. Berly prezante katèl majistra li.

Ni Trompé, ni Barbara pa ladan l.

E jiska prezan, piblik la pa jwenn yon eksplikasyon klè sou sa ki te pase.

Se la kestyon an vin enpòtan.

Nou dakò: dezakò politik nòmal.

Li menm nesesè.

Si vizyon, prensip oswa ideyoloji moun pa konvèje ankò, pèsonn pa oblije kontinye mache ansanm.

Men si se sa ki rive, di pèp la sa.

Si se yon kestyon vizyon, eksplike l.
Si se yon kestyon pwojè, eksplike l.
Si se yon kestyon estrateji politik, eksplike l.

Paske si nou vle reprezante “nouvo politik la,” transparans pa dwe sèlman yon pawòl nou itilize lè n ap kritike ansyen politisyen yo.

Li dwe kòmanse lakay nou.

Se poutèt sa Nou mande toude kan yo, avèk respè, pou yo eksplike gran piblik la sa ki lakòz separasyon sa a.

Apre sa, prezante vizyon nou. Prezante pwojè nou. Fè kanpay nou. Kite popilasyon Pòtpè a evalye nou sou kapasite nou ak pwogram nou.

Men evite yon politik kote ti gwoup sou chak bò ap atake lòt kan an, pandan prensipal moun ki konsène yo rete an silans.

Paske si nouvo jenerasyon an ap repwodui menm pratik nou te konn kondane lakay ansyen politisyen yo, nou oblije poze tèt nou kestyon sa a:

ÈSKE SE POLITIK LA N AP CHANJE, OSWA SE SÈLMAN MOUN K AP FÈ L YO?

E menm pi lwen:

ÈSKE JÈN YO AP VIN FÈ PI BYEN PASE ANSYEN YO, OSWA YO RISKE VIN PI MAL?

Pòtpè merite yon deba politik ki baze sou lide, vizyon, pwojè ak transparans, pa sou zen, atak pèsonèl ak divizyon.

Nou pa ekri sa pou n chwazi yon kan.
Nou ekri l paske lè nou mande chanjman, nou dwe gen kouraj mande moun ki di yo reprezante chanjman an pou yo aji yon fason diferan.

Pòtpè Ka*** merite mye. 🇭🇹

25/08/2026

🔎 𝐎𝐏𝐈𝐍𝐈𝐎𝐍 — 🅴🆃🆉🅴🆁 🅴🅼🅸🅻🅴 : le profil qui inquiète les politiciens traditionnels

Même s'il n'a pas encore déclaré officiellement sa candidature à la présidentielle 2026-2027, Etzer Emile est, pour beaucoup, considéré comme le candidat le plus légitime et le mieux préparé pour répondre aux besoins critiques auxquels Haïti fait face aujourd'hui.

Depuis plus de cinq ans, malgré l'absence d'élections, aucun candidat pressenti n'a réalisé autant de déplacements à travers le pays qu'Etzer Emile — même en additionnant les voyages de tous les autres, ils ne rivaliseraient pas avec les siens.

Ce n'est pas un candidat de circonstance électorale, mais celui que le peuple — en particulier la jeunesse éduquée — perçoit comme son prochain leader.

Les attaques vont probablement se multiplier dans les prochains mois. Nous pensons qu'il est important de le dire clairement.

Ceci est une opinion de la rédaction de Eleksyon Ayiti 2026-2027, pas un fait rapporté.

𝐋𝐞 𝐩𝐫𝐨𝐜𝐞𝐬𝐬𝐮𝐬 é𝐥𝐞𝐜𝐭𝐨𝐫𝐚𝐥 𝟐𝟎𝟐𝟔-𝟐𝟎𝟐𝟕 𝐞𝐬𝐭 𝐛𝐞𝐥 𝐞𝐭 𝐛𝐢𝐞𝐧 𝐥𝐚𝐧𝐜é — 𝐦𝐚𝐢𝐬 𝐩𝐚𝐬 𝐬𝐚𝐧𝐬 𝐳𝐨𝐧𝐞𝐬 𝐝'𝐨𝐦𝐛𝐫𝐞Les inscriptions des électeurs ont d...
24/08/2026

𝐋𝐞 𝐩𝐫𝐨𝐜𝐞𝐬𝐬𝐮𝐬 é𝐥𝐞𝐜𝐭𝐨𝐫𝐚𝐥 𝟐𝟎𝟐𝟔-𝟐𝟎𝟐𝟕 𝐞𝐬𝐭 𝐛𝐞𝐥 𝐞𝐭 𝐛𝐢𝐞𝐧 𝐥𝐚𝐧𝐜é — 𝐦𝐚𝐢𝐬 𝐩𝐚𝐬 𝐬𝐚𝐧𝐬 𝐳𝐨𝐧𝐞𝐬 𝐝'𝐨𝐦𝐛𝐫𝐞

Les inscriptions des électeurs ont démarré ces dernières semaines et les rencontres se multiplient, mais des doutes persistaient sur la tenue effective des élections 2026-2027 en Haïti.

Claude Joseph, fondateur du Parti EDE, vient de lever une partie du voile — pour de mauvaises raisons. Dans une publication Facebook, il accuse le Conseil Électoral Provisoire (CEP) de compromettre l'égalité des chances entre partis politiques dans l'enregistrement de leurs membres : certaines formations auraient déjà accès à la plateforme en ligne d'enregistrement, alors que le Parti EDE, avec environ 30 000 membres à inscrire, en serait toujours privé. Il parle d'une « injustice électorale » et évoque soit un amateurisme dans la gestion du processus, soit un agenda caché visant à désavantager son parti. Il critique également le calendrier électoral, qu'il juge irréaliste.

Ce sont pour l'instant les accusations d'un acteur politique concerné au premier chef — le CEP ne s'est pas exprimé publiquement sur ce point à notre connaissance. Nous suivrons ce dossier et mettrons à jour cette publication si une réponse officielle est apportée.

Ce qui est sûr : le compte à rebours électoral est enclenché. Nous encourageons tous les Haïtiens en capacité de voter à remplir leur devoir citoyen. C'est la seule façon de réorienter le destin d'un pays qui sombre depuis trop longtemps.

𝒮𝑜𝓊𝓇𝒸𝑒 : 𝓅𝓊𝒷𝓁𝒾𝒸𝒶𝓉𝒾𝑜𝓃 𝐹𝒶𝒸𝑒𝒷𝑜𝑜𝓀 𝒹𝑒 𝒞𝓁𝒶𝓊𝒹𝑒 𝒥𝑜𝓈𝑒𝓅𝒽, 𝒻𝑜𝓃𝒹𝒶𝓉𝑒𝓊𝓇 𝒹𝓊 𝒫𝒶𝓇𝓉𝒾 𝐸𝒟𝐸.

Adresse

1333 NW 5th Avenue
Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Eleksyon Ayiti 2026-2027 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager