11/04/2023
Aprè gouvènman Ariel Henry a te vin pran desizyon pou mete sou pye yon platfòm elektwonik pou fasilite demand paspò a ak tout sitwayen nan peyi a. Si pou anpil moun desizyon sa se yon inisyativ ki trè Iouwab, ebyen jodi madi 11 avril 2023 anpil polisye ki te vin fè demand paspò nan Komisariya Delmas 33 wè pito inisyativ sa se yon dezòd total akoz yo pa rive fè demand paspò a jan yo te abitye fè sa.
Delidoc, se non nouvo platfòm sila gouvènman Ariel Henry te rann ofisyèl vandredi 31 mas pase a nan otèl Montana. Delidoc se yon platfòm elektwonik kap fasilite demand paspò a nan lide pou konbat deriv ak diminye nonb demandè yo nan sant akèy yo nan tout peyi a.
Pou rann demach sa reyèl, gouvènman an te fè tout sitwayen yo konnen apati lendi 10 avril 2023 a tout randevou ak ajan imigrasyon yo nan sant akèy yo dwe fèt sou sit Delidoc la.
Nap raple polisye sa yo ki t al fè demand paspò nan Komisariya Delmas 33 an wè se yon dezòd total gouvènman Ariel Henry an pran pou dosye dokiman idantite pou tout sitwayen.