21/12/2024
20 Desanm 2024
Mwen menm me Caleb JEAN-BAPTISTE map di Bondye ak sa mwen pa wè yo mèsi mwen pa nan depatman latibonit nan moman sa paske Samuel MADISTIN kise youn nan Avoka sistèm nan te ka fè asasinen mwen pou sistèm nan,pou moun UNIBANK YO, paske anpil peyizan yo di se yon manb fanmi li kap dirijan GANG KOKORAT SAN RAS LA,map mande ak tout vrè òganizasyon dwa moun ki nan peyia E pèp ayisyen an pou rele anmwey dèyè Samuel MADISTIN kap itilize òganizasyon dwa moun FONDASYON JE KLERE pou li RANSONE,TEWORIZE sitwayen onèt nan peyia nan FÈ FO RAPÒ POU LAJAN E POU PWOTEJE MÈT LI YO nan interè mèt li yo.
Map di ak Samuel MADISTIN,li pa konn li ase ak ti BOUT LISANS ki nan men li an, pou li panse li ka anpeche pèp la mande lajan li e jwenn li jan li depoze li nan bank yo.
Map di ak MADISTIN,mwen te konnen li tap vini paske li se youn nan restavèk sistèm nan e li se youn nan moun ki kòz ayiti nan sa li ye la.
Map mande ak Madame Marie Yolène GILLES pou pèp la ka toujou gade menm estim nan pou li retire Bwasè sa ki rele Samuel MADISTIN nan òganizasyon an.
Li Frape move pòt la,li ekri kote pou li pat ekri,si li bezwen ekri kont mwen pou mèt li yo,se BAWO mwen pou li ekri,mwen mande li aprann li.
Li echwè pèp la ap jwenn kòb li an dola jan li depoze li nan Bank yo,nan UNIBANK.
Map Tann tout lòt RESTAVÈK sistèm nan kap gen pou parèt ankò.
Lendi 23 Desanm 2024 konferans pou LAPRÈS KONT UNIBANK,CARL BRAUN,EDOUARD BOUSSAN,SAMUEL MADISTIN ET CO.
Batay la fenk kòmanse e lap kontinye.
Me Caleb JEAN-BAPTISTE,Av.
38134476