Ayiti Nasyon

Ayiti Nasyon Ayiti Nasyon se yon journal Ayisyen ki bay nouvel an Kreyol selman.

Saint-Kitts-et-Nevis, 25 fevriye 2026 – Rankont bilatéral ant Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak Sekretè Deta amerike...
26/02/2026

Saint-Kitts-et-Nevis, 25 fevriye 2026 – Rankont bilatéral ant Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio.
De lidè yo diskite sou ranfòsman koperasyon ant Ayiti ak Etazini, sitou sou kestyon sekirite, estabilite enstitisyonèl ak òganizasyon eleksyon kredib nan peyi a.
Rankont sa a make yon pa enpòtan nan patenarya ayisyano-ameriken an pou retabli lòd repibliken ak ranfòse konfyans nasyonal ak entènasyonal. 🇭🇹

Pòtoprens, 24 fevriye 2026 – Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pati pou yon vizit ofisyèl nan Saint-Kitts-et-Nevis nan ...
25/02/2026

Pòtoprens, 24 fevriye 2026 – Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pati pou yon vizit ofisyèl nan Saint-Kitts-et-Nevis nan kad 50yèm Reyinyon Chèf Gouvènman CARICOM yo.
Vizit sa a vize ranfòse dyalòg rejyonal sou sekirite, entegrasyon ekonomik, rezilyans klimatik, sekirite alimantè ak koperasyon politik nan Karayib la.
Sou kote konferans lan, Premye Minis la pral fè plizyè rankont bilatéral ak lidè karayibeyen yo, epi li gen pou l rankontre tou Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio.
Retou li Ayiti prevwa pou jedi 26 fevriye 2026. 🇭🇹

Villa d’Accueil, 23 fevriye 2026 – Prezantasyon ofisyèl Pak Nasyonal pou Estabilite ak Òganizasyon Eleksyon yo.Plizyè ma...
23/02/2026

Villa d’Accueil, 23 fevriye 2026 – Prezantasyon ofisyèl Pak Nasyonal pou Estabilite ak Òganizasyon Eleksyon yo.
Plizyè manm Gouvènman an, reprezantan diplomatik, pati politik, sektè ekonomik ak sosyal ansanm ak sosyete sivil la reyini pou make yon etap enpòtan nan pwosesis tranzisyon an.
Angajman kolektif sa a vize ranfòse sekirite, estabilite enstitisyonèl ak prepare chemen pou eleksyon lib, transparan ak kredib pou pèp ayisyen an. 🇭🇹

Kounye a nan Primati a, Konsèy Minis ap dewoule pou analize gwo dosye ki gen rapò ak aksyon gouvènman an. Reyinyon estra...
23/02/2026

Kounye a nan Primati a, Konsèy Minis ap dewoule pou analize gwo dosye ki gen rapò ak aksyon gouvènman an. Reyinyon estratejik sa a fèt kèk èdtan anvan prezantasyon ofisyèl Pak Nasyonal pou Estabilite ak Òganizasyon Eleksyon yo, ki ap fèt nan Villa d’Accueil. Yon moman enpòtan pou ranfòse estabilite enstitisyonèl ak avanse pwosesis elektoral la. 🇭🇹

🇭🇹 Ayiti Politik : Alix Didier Fils-Aimé jwenn akò pou mennen tranzisyon an rive nan eleksyonPétion-Ville, 21 fevriye 20...
22/02/2026

🇭🇹 Ayiti Politik : Alix Didier Fils-Aimé jwenn akò pou mennen tranzisyon an rive nan eleksyon
Pétion-Ville, 21 fevriye 2026 – Se ofisyèl. Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rive jwenn yon akò politik pou dirije tranzisyon an jouk òganizasyon pwochen eleksyon yo.
Pami siyatè yo genyen Fanmi Lavalas, OPL, EDE, Konsòsyòm pati politik doktè Emmanuel Ménard, Pati Fòs Louverturienne Réformiste doktè Fritz Pierre, CAHDOA, Kolektif Tèt Ansanm pou Ayiti (KTA), ansanm ak òganizasyon fanm ak pwofesè.

KPT ya sanble te bon pou CP yo
08/02/2026

KPT ya sanble te bon pou CP yo

08/02/2026

Deklarasyon PM lan Jodi 7 fevriye 2026 la aprè CPT ya fin remet li pouvwa a

Premye Konsèy Minis la sou direksyon Premye Minis Alix Fils-Aimé, 7 fevriye 2026, kote yo pran premye gwo desizyon yo po...
08/02/2026

Premye Konsèy Minis la sou direksyon Premye Minis Alix Fils-Aimé, 7 fevriye 2026, kote yo pran premye gwo desizyon yo pou asire kontinite Leta. Pandan reyinyon sa a, yo revoke Minis Finans lan.

Jodi a, nan Lekòl Nasyonal Polis (ENP), Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ansanm ak Prezidan CPT a, Ekselans Laurent Sa...
08/02/2026

Jodi a, nan Lekòl Nasyonal Polis (ENP), Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ansanm ak Prezidan CPT a, Ekselans Laurent Saint Cyr, te patisipe nan seremoni gradyasyon 1ye pwomosyon P4000 la ak 35yèm pwomosyon PNH la—877 nouvo polisye (fanm ak gason) ki antre pou sèvi peyi a. Leta reafime angajman li pou ranfòse PNH, retabli otorite Leta, epi reprann kontwòl sou zòn ki frape pa ensekirite. 🇭🇹👮🏾‍♂️👮🏾‍♀️

Fritz Alphonse Jean ansyen manm KPT Neg laguè ya
08/02/2026

Fritz Alphonse Jean ansyen manm KPT Neg laguè ya

Premye Minis Repiblik la, Mesye Alix Didier Fils-Aimé, ap prezide yon Konsèy Minis ekstraòdinè nan Pòtoprens, apre serem...
08/02/2026

Premye Minis Repiblik la, Mesye Alix Didier Fils-Aimé, ap prezide yon Konsèy Minis ekstraòdinè nan Pòtoprens, apre seremoni ofisyèl ki make fen manda Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) 7 fevriye 2026. Reyinyon sa a santre sou priyorite nasyonal yo ak desizyon ijan pou asire kontinite Leta, sekirite, ak estabilite peyi a.

02/07/2025

Pòtoprens, 1e jiyè 2025 — Nan kad Madi Nasyon an, Minis Ayisyen Aletranje yo, Madam Kathia VERDIER, kontinye montre vizyon li klè pou mete Leta Ayisyen pi pr...

Adresse

388 Bis Route De Bourdon
Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ayiti Nasyon publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Ayiti Nasyon:

Partager