Zo Nan Kalalou

Zo Nan Kalalou Pou bay enfomasyon ki verifye san fos kote.

10/04/2025

Ti Carry pa jounalis, misye se antèn Bandi Ki chwazi kolabore avè l. E gen yon nèg Obòy ki se ansyen sekretè Jeneral KGPB ki ap bay enfòmasyon sou bandi yo, sou doktè Toni ak sou nèg tankou Thomas ak Sonuel epi Offrane

Lè T-Carry ak Tipòtoprens te zanmi… TI PÒTOPRENS KONN VOYE KÒB POU OU. E kounya men foto kote ou menm avè l ansanm pwan ...
09/04/2025

Lè T-Carry ak Tipòtoprens te zanmi… TI PÒTOPRENS KONN VOYE KÒB POU OU. E kounya men foto kote ou menm avè l ansanm pwan lari. Epi w ap pale de bon Moun. N ap vini ak Odyo. E nou okouran T-Carry gen yon enfòmatè Obòy ki te nan kraze Lopital k ap bay enfòmasyon pou l sal doktè an ankò. T-Carry ak tipòtoprens Rezoud pwoblèm nou.

09/04/2025

T-carry t al negosye ak Ti Pòtoprens pou ede l asasinen Bebeto… daprè Odyo ki pwan lari T-Carry te gen bon lyen ak Ti Pòtoprens nan mande l kòb. Kòm Bebeto Mouri T-Carry panse se Bon Moman li genyen pou l atake T-Pòtoprens. N ap vini ak odyo

T-Carry se yon swadizan Jounalis ki t ap travay nan radyo Okap, ki ap viv pòtoriko aktyèlman, jodi an ki gen yon Gwoup m...
02/07/2024

T-Carry se yon swadizan Jounalis ki t ap travay nan radyo Okap, ki ap viv pòtoriko aktyèlman, jodi an ki gen yon Gwoup mandyan Oboy ki rele AVIBO ak kek grenn vagabon ti bouk Oboy k ap bay enfomasyon San prev ak yon ti kras monnen pou l pibliye non moun ak imaj moun sou Facebook.

Zo nan kalalou

15/03/2024

GRIYO AN TOUNEN SOUPOUDRE, LEZA GENTAN AP CHANJE PO. JUDE CHARLES FAUSTIN PEDI POUVWA NEG YO GENTAN AP CHÈCHE KOTE POU YO GRAPIYE. NEG YO KRAZE LOPITAL, YO METE DLO NAN JE ANPIL MOUN. SE PADON POU YO MANDE MOUN OBOY SELMAN. POU GWOSÈ DEGA YO KREYE DEPI PLIZYÈ LANNE. OU T AP SIPÒTE GANG PHTK, OU PAT JANM NAN BATAY POU GENYEN ESTABILITE. SE TE MONTE KOU POU ASASINEN KARAKTÈ AK FIZIK MOUN. FISNER BISSAINTHE SE NOMAD, SE PARAZIT. LÈ TE GEN RÈL AK MANJE DAN AN, POPILASYON AN PAT JANM TANDE SONARA.
FISNER AP KREYE ÒGANIZASYON POU LI KACHE POU ZAK LI FÈ YO, LAJISTIS PRAL TANDE W POU REPONN KESYON POU PIL ZAM OU KONN AL POTE YO.

zo nan kalalou.

18/01/2024

Politik || Primati || Sekretarya Jeneral

Nèg yo ap goumen pou yo kache verite an, pandan lafimen an fin monte. Dosye zam ki t ap eskòte belè 15 Janvye an, pa yon buzz, primati an gen anpil men tranpe ladan l, se sa k fè yo pa janm pale de lòt machin yo. Guy Philippe ap prepare pou nèg yo, nèg yo ap pare pou Ti Guy. Zam se materyèl pou batay, primati an dwe Konnen, verite pa sere, Sekretarya pa konn soti nòt fasil konsa, pou koze ki di sou moun sa yo, pouki se pou dosye sa a yo gentan kouri al fè nòt soti?

Zo nan Kalalou

ENJISTIS || POLITIK || Grann Rivyèdinò. Pastè Phanor DOMINIQUE viktim de yon kou monte pou enfliyans li ak pozisyon l na...
09/01/2024

ENJISTIS || POLITIK ||

Grann Rivyèdinò.

Pastè Phanor DOMINIQUE viktim de yon kou monte pou enfliyans li ak pozisyon l nan sosyete an. N ap raple nou Pastè an gen yon òfelina ki ap resevwa plis pase 100 ti moun, li akonpaye yo. Jodi an politisyen gran rivyè, PHTK monte yon dosye sou li épi fe yo arete l pou granmesi.

Moun granrivyè pwan nòt, zak sa yo paka rete silans, nou mande liberasyon prese prese Pastè Dominique Phanor.

Zo Nan Kalalou.

14/08/2023

Pwoblem estrateji ak konpetans, anpil Tèt kòmanse pwan van an

Misyon kòmando ki bay melanj bandi ak zam melanj ak kek polisye ki gen pwoblem lajan an, kòmanse bay anpil Tèt cho enkonpetans Filipo mennen bagay lan nan yon kafou kote bagay lan pral grav pou anpil nan yo. DILE PA Chef, Filipo pat fini fakilte dwa a se nòmal pou entèvansyon an pa fèt selon nòm dwa yo.

Aprè echèk ekip Jude, Filipo, Dile, Tervecus, Sonuel sou asasina Doktè Thony an. Yo rantre nan yon lojik fè plizyè manda kont yon paket inosan ki pa konn anyen nan sa k ap pase yo, jis pou yo malerete yo jis yo bay fo temwanaj kont Doktè Thony

Anplis yo solidarize yo ak youn nan pi gwo asasen komin nan janm Konnen. Ti Edner yonn nan neg ki vòlè plis lajan ak Materyèl moun nan wout ti bouk Oboy lan. Jodi an se li yo pwan Pou defann yo pandan yo di y ap konbat bandi. Arestasyon ilegal yo pap pase, asasinay Doktè Thony ak Lot zanmi nan komin nan tankou Djanold pap pase

Fok ou ta mande Jude Ki Koz ki fe l sot voye asasinen Doktè Thony ak Filipo ki se jij depè okap ki t ap mennen entèvansyon San kouttcha sa a oboy , Fok nou ta mande Dile poukisa l pa menm Chef polis se li k te nan tet komando an ak yon fo jij. Fok nou ta mande Tervecus pou moun li tiye Oboy poukisa jodi an l ap pase tet li pou Kopab.

Zo nan kalalou.

12/08/2023

Thomas Dorlus Sonuel Louissaint Samuel Philippeaux

10/08/2023

Sak pase jodi an Lopital Fonlagranj Oboy lan ( ASB ) Alyans Sante Boy - ASB .

Neg yo paret lopital lan yo kouronnen l, Tankou se yon bandi yo vin tiye, yo Sekestre yon sekirite yo rele Francoeur, yo Maltrete yon Kizinyè nan Lakou an, yo malmennen Odilien yon lot anplwaye ki se moun Mola. Yo fè anpil presyon sou manm administrasyon ki te prezan pou yo bay Doktè Thony ki deplase depi anviwon yon semèn pou aktivite pèsonèl li. Gen yon pasyan ki te vin lopital ki soti pòmago lè l wè pil neg kagoule sa yo li sote gagè. Neg yo pwan l yo bat li aprè yo menote l de bwa dèyè Do. Machin sevis Lopital lan t ap rantre okap, li te gentan rive pòmago, neg yo fè l tounen se Wilbert ki t ap kondi l, neg yo di yo jwenn zam pandan tout moun Oboy konn ti Wilbert byen. Neg yo démonte pòt yo rantre nan chanm Doktè an ki te rete louvri Malgre absans li yo kraze, yo jeté, yo deplase. Yo chèche 2 neve Dr an gen lopital lan ak li kon epeng, yo asele plizyè nan Pèsonèl lan gen yon dam ki twalèt sou li. Epi yo deklare si yo te jwenn Doktè yo t ap fe l Konnen denye jou nan vi l. Yo fose moun yo pou di yo Ti pòtoprens konn vin lopital lan. Yo fose lot anplwaye di Wi Doktè Thony gen zam anndan, e yo di y ap kenbe misye kanmenm.

Nan enfòmasyon ki vini jwenn nou. Se Philippeaux ki met ekip komando mêle ak Mèsenè sa yo ki te rive rantre lopital lan San fwa ni lwa a, jodi an nan anviwon midi konsa. DILE anpil moun konnen se yonn nan chef operasyon sa a anba kagoul San li pa chef san li pa fè pati lapolis. Jude Charles Faustin se moun ki rann komand sa yo lejitim se li ki bay Philippeaux tout resous pou aji paske li nan tet leta bò kote Ariel Henry Jodi an. Sonuel Louissaint se yonn nan pwopwiyetè lapèl Otèl, se li menm ki vini ak Lajan pou pèmèt gen volonte lakay Polisye yo ak Jij yo nan dosye an. Sa k ap pase la se jis yon ak baba pèsonèl ki plen èn ak egri e ki pa gen anyen pou l wè ak lajistis vre Men Komisè Durant se yonn nan konplis yo ki pa janm cheche konprann Dosye Oboy lan vre, k ap Kite Philippeaux rantre nan erè pou ede l asasinen Doktè Thony

Jodi an Doktè Thony te ka nan mòg ak Ekip komando mèsenè sa a. Men lanati kontinye pwoteje l pou sevis li bay Oboy pandan 18 lane. Nou pap Bliye se yon foto Google ki gen plis pase 7 lanne neg yo itilize pou yo montre bay lajistis pou di se Doktè an ki chef gang Oboy. Yo itilize lanmò Sadrac kòm atou pou yo fè Morvan ak lot machann mikwo yo kwè Doktè an gen relasyon ak Bandi. Ebyen vrè pwoblem nan, se selman Lopital lan k ap byen mache oboy nan moman n ap pale la menm si neg yo gentan di yo pwan l e Doktè an pa dwe tounen ladan ankò menm , e se pa ekip yo k ap jere l. Si moun Oboy kite bandi ak inifòm jij gang ak Sekretè primiti ki fè oboy rive kote l ye an asasinen Doktè an. N ap pèdi yonn nan pigwo moun ke Oboy janm bay. E ASB ap retounen nan menm salte yo.

Zo nan ka Lakou.

12/07/2023

Frustré par la stabilité actuelle dans la commune de Borgne, Le clan Jude Charles Faustin se veut une fois de plus boycotter la fête de 18 juillet

Le 11 Avril Dernier, ces gens ont boycottés l’activité de la Saint Jules à petit Bourg de Borgne. Ceci a coûté un déficit qui vaut à environ 5000 Dollars US à l’organisateur Garry TOUSSAINT. L’ex DP de la commune de Borgne en l’occurrence de Jude Charles Faustin, a appelé Gracia Delva pour lui dire qu’il fasse erreur en acceptant de venir jouer à petit Bourg. Du coup, le staff de Mass Konpa a simulé un accident afin de trouver une excuse de ne pas venir jouer la soirée.

Et encore, ce mois-ci ce même clan a commencé à fait une propagande autour de la fête de 18 juillet en donnant de fausses informations à Morvan et au Journal En ligne HAITI 24 afin de faire peur aux pèlerins et aux organisateurs des activités de cette année.

La vigilance est de mise!

Adresse

Port-au-Prince

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Zo Nan Kalalou publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Type